Amazòn nan se pou tout limanite -- ann pwoteje l ansanm
-
0:04 - 0:05Tashka Yawanawá (Soufle)
-
0:05 - 0:06(Soufle)
-
0:07 - 0:08(Soufle)
-
0:08 - 0:09(Soufle)
-
0:12 - 0:18(Chante)
-
0:55 - 0:58(Chante a fini)
-
1:00 - 1:01(Soufle)
-
1:08 - 1:09Mwen se Tashka Yawanawá.
-
1:10 - 1:12Mwen isit la avèk madanm mwen.
-
1:13 - 1:18Mwen sòti nan kominote Yawanawá ,
-
1:18 - 1:20ki nan Eta ki rele Acre
-
1:20 - 1:22nan pati Lamazòn ki Brezil la
-
1:24 - 1:26Nou pran kèk jou pou nou rive isit la,
-
1:27 - 1:29mwen fè mizik la
-
1:29 - 1:33pou n ka rekonekte nou ak lespri forè a.
-
1:33 - 1:35Depi yon tan ke n pa menm ka sonje,
-
1:35 - 1:39pèp mwen an ap viv sou teritwa Yawanawá.
-
1:40 - 1:43Nou wè tout kòman
-
1:45 - 1:47lanati ye.
-
1:47 - 1:52Pou nou, lanati se pou tout limanite.
-
1:53 - 1:55Nou menm Yawanawá nou wè
-
1:56 - 1:59lanviwònman ak forè a kom bagay ki vivan.
-
2:00 - 2:03Men tout bagay toujou yon defi.
-
2:04 - 2:07Pi plis kounya, paske mwen panse
anpil nan nou konnen -
2:07 - 2:10Amazòn nan ap pran dife.
-
2:11 - 2:14Sa bay tout moun pwoblèm.
-
2:15 - 2:20Amazòn nan kap detwi a pa afekte
sèlman pèp endijèn nan, -
2:20 - 2:22paske nou tout konekte.
-
2:23 - 2:26Nenpòt sa nou fè nan kominote'm nan,
si mwen boule tout bagay, -
2:26 - 2:27l'ap afekte isit la,
-
2:27 - 2:30lè lanèj tonbe lè epòk fèt Nwèl,
-
2:30 - 2:31Si ou polye isit la,
-
2:31 - 2:36li pral afekte lapli ki pral
tonbe nan peyi mwen an. -
2:37 - 2:42Mwen te konn di nou tout fè
pati vilaj global la. -
2:42 - 2:46Mwen te konn di Lamazòn nan
se pou tout limanite, -
2:46 - 2:52e limanite dwe pwoteje l
menm jan endijèn yo ap fè l nan lemonn. -
2:53 - 2:56Pou rezon sa a,
-
2:56 - 3:02jodia se lè pou nou leve, ini nou.
-
3:02 - 3:04Nou menm Yawanawá nou fè sa'n dwe fè.
-
3:04 - 3:06Nou pran swen Manman nou Latè.
-
3:08 - 3:10Kounya, madanm mwen pral pale.
-
3:12 - 3:16Laura Yawanawá: nou isit la avèk kè nou
kap rache. -
3:17 - 3:20m ap souri sevre men kè mwen ap rache,
-
3:20 - 3:24paske anpil nan forè nou yo ap detwi.
-
3:25 - 3:28Epi mwen jis vle ban nou yon mesaj.
-
3:28 - 3:33Kriz sa a bay limanite 2 opsyon.
-
3:34 - 3:41youn se pou nou patisipe
nan destwi ak kraze -
3:41 - 3:45tout forè nou yo
ansanm ak lakilti nou. -
3:46 - 3:51Oubyen, nou kapab fè kriz la
tounen yon opotinite -
3:51 - 3:54pou nou ranfòse pèp endijèn yo,
-
3:54 - 3:56pou nou sipòte pèp endijèn yo
-
3:56 - 4:00epi pou nou sove forè a avèk lakilti l yo.
-
4:00 - 4:02Men, kijan nou kapab fè sa?
-
4:03 - 4:09Nou menm Yawanawá yo, nou kreye
yon plan pou lavi, -
4:09 - 4:12ki se plan stratejik nou
-
4:12 - 4:17ki di nou sa pou nou fè pou nou
sekirize teritwa nou an. -
4:17 - 4:21Nou gen prèske 200,000 ekta forè
sou kont nou. -
4:21 - 4:23Men kounya li menase.
-
4:24 - 4:30Ebyen plan lavi sa a montre nou
koman pou nou pwoteje tè nou an, -
4:30 - 4:32tout kalite bèt ak plant nou yo,
-
4:32 - 4:34kilti nou, edikasyon nou.
-
4:35 - 4:38Mwen envite nou tout,
-
4:38 - 4:40Mwen envite tout konpayi yo,
-
4:40 - 4:44mwen envite tout gouvènman
ak sosyete sivil yo, -
4:44 - 4:46pou yo koute pèp endijèn yo,
-
4:46 - 4:48pou nou retounen nan rasin nou.
-
4:49 - 4:54Nou la depi anpil anpil... syèk.
-
4:54 - 4:57E nou ap eseye lontan fè lemonn konprann
-
4:57 - 5:00nou bezwen pwoteje teritwa nou, lanati a.
-
5:00 - 5:02Men yo pa janm koute nou.
-
5:02 - 5:03Jamè.
-
5:03 - 5:07Mwen rete kwè kriz sa aprann limanite
-
5:07 - 5:09ke kounya yo dwe koute nou
-
5:09 - 5:12epi sipòte pèp endijèn nan dirèkteman,
-
5:12 - 5:15sipòte inisyativ yo dirèkteman.
-
5:15 - 5:20Kidonk, se mesaj sa mwen ap kite pou nou.
-
5:20 - 5:23Pèp endijèn nan gen repons lan,
-
5:23 - 5:25e si nou vle sove Amazòn nan,
-
5:25 - 5:28nou dwe aji kounya.
-
5:30 - 5:31TY: (Soufle)
-
5:34 - 5:39(Aplodisman)
- Title:
- Amazòn nan se pou tout limanite -- ann pwoteje l ansanm
- Speaker:
- Tashka and Laura Yawanawá
- Description:
-
Tashka ak Laura Yawanawá ap dirije pèp Yawanawá ki nan eta Acre, Brezil -- yon tribi ki ap jere plis pase 500,000 kawo tè nan forè Amazoni an. Kòm sa te choke lemond antye lè yo wè forè a kap boule, Tashka ak Laura mande nou pou nou fè moman sa vin yon opòtinite pou sipòte pèp endijèn yo ki gen eksperyans, konesans ak bonjan zouti pou pwoteje forè a.
- Video Language:
- English
- Team:
- closed TED
- Project:
- TEDTalks
- Duration:
- 05:52
TED Translators admin approved Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together | ||
Aram PIERRE accepted Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together | ||
Aram PIERRE edited Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together | ||
Aram PIERRE edited Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together | ||
Aram PIERRE edited Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together | ||
Aram PIERRE edited Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together | ||
Jeffnie Jean Louis edited Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together | ||
Jeffnie Jean Louis edited Creole, Haitian subtitles for The Amazon belongs to humanity -- let's protect it together |