Return to Video

Abigail DeVille: "Limyè Libète" | Art21 "Extended Play"

  • 0:07 - 0:10
    ABIGAIL DEVILLE:
    “Si pa gen lit, pa gen pwogrè.”
  • 0:15 - 0:19
    “Sila k ap pale an favè libète poutan
    k ap devalorize ajitasyon,”
  • 0:19 - 0:23
    “se moun ki vle rekòlte
    san yo pa simen anyen,”
  • 0:25 - 0:28
    “yo vle lapli san loraj ak kout zeklè.”
  • 0:31 - 0:35
    “Yo vle oseyan an san pil dlo li yo
    k ap gwonde byen fò.”
  • 0:38 - 0:42
    Frederick Douglass, 4 dawou 1857.
  • 0:42 - 0:46
    [Abigail DeVille: "Limyè libète"]
  • 0:56 - 0:58
    [Madison Square Park]
  • 1:01 - 1:05
    Anvan sa, m te jwenn sitasyon
    Frederick Douglass la,
  • 1:05 - 1:09
    epi se te mwen sèlman
    ki t ap panse ak yon fason pou
  • 1:09 - 1:12
    mete vit sa ki te pase pandan sezon ete sa
    nan kontèks.
  • 1:14 - 1:17
    M panse se te imaj li te pentire yo.
  • 1:17 - 1:20
    M te la ap panse ak vag
    k ap monte desann yo,
  • 1:21 - 1:24
    ansanm ak pil moun ki kwochte
    youn ak lòt,
  • 1:24 - 1:28
    ki pètèt t ap fè manifestasyon
    kont lanmò,
  • 1:29 - 1:31
    pandan pandemi sa a,
  • 1:31 - 1:34
    pou goumen tout bon vre
    pou nenpòt sa nasyon sa pretann
  • 1:34 - 1:37
    fondman li chita oswa baze.
  • 2:00 - 2:04
    Se yon komemorasyon manifestasyon
    ak mouvman Black Lives Matter
  • 2:04 - 2:10
    ansanm ak lavi moun po nwa yo
    sou kontinan sa pandan 400 lane.
  • 2:13 - 2:15
    Pandan m t ap mete bra yo,
  • 2:15 - 2:19
    nan panse ak jan tout bagay
    ta kapab tèlman diferan,
  • 2:19 - 2:23
    te gen opòtinite ak moman
    moun pa t pwofite,
  • 2:23 - 2:28
    regilyèman nan listwa Nouyòk epi nan
    listwa nasyon an an gwo:
  • 2:29 - 2:30
    moman pou pwogrè
  • 2:30 - 2:36
    oswa moman kote pètèt
    jwèt la ta pral egal ego
  • 2:41 - 2:44
    M te gen yon pwofesè ki te vrèman sipèb
    nan katriyèm ane,
  • 2:44 - 2:46
    li te rele Madam Hammond.
  • 2:46 - 2:47
    Li te estwodinè.
  • 2:47 - 2:50
    Li te fè listwa a vin vivan pou nou.
  • 2:50 - 2:54
    Li te fè nou tande diskou “I Have A Dream”
    Martin Luther King nan sou vinil,
  • 2:54 - 2:58
    epi w te kapab tande si yon zepeng
    te tonbe nan klas la.
  • 2:58 - 3:02
    M sonje m te kenbe men pi bon zanmi m nan
    anba tab la pandan tout tan
  • 3:02 - 3:05
    pawòl li yo te touche m anpil
  • 3:05 - 3:07
    ansanm ak pouvwa pawòl li yo.
  • 3:07 - 3:10
    Tout bon vre, li te plante yon grenn
  • 3:12 - 3:16
    pou panse ak jan nou tout se patisipan
    nan listwa.
  • 3:18 - 3:22
    Ap gade Estati Libète a ak flanbo a
    nan men l nan pak la,
  • 3:22 - 3:24
    M te di “Oke, m ka sispann gade kounya.”
  • 3:24 - 3:25
    "Se sa."
  • 3:25 - 3:27
    “Se ak sa sèlman m ap panse”
  • 3:27 - 3:29
    “se de sa sèlman m vle pale.”
  • 3:30 - 3:34
    Flanbo a ak men Estati Libète a
  • 3:34 - 3:39
    te nan pak sa pandan sis (6) lane
    depi 1876 rive nan 1882
  • 3:39 - 3:43
    pandan yo t ap eseye ranmase kòb
    pou pyedestal
  • 3:43 - 3:45
    pou Estati Libète a.
  • 3:50 - 3:52
    M renmen echafo.
  • 3:52 - 3:56
    Yo toujou la nan lavil Nouyòk.
  • 3:57 - 4:00
    Bagay yo toujou te konstwi
    epi vin kraze ankò.
  • 4:00 - 4:05
    Lide libète a anba konstriksyon
  • 4:05 - 4:07
    ak rekonstriksyon san rete
  • 4:07 - 4:09
    jenerasyon sou jenerasyon.
  • 4:13 - 4:16
    Panse ak klòch yo
    ki se yon lòt senbòl libète,
  • 4:16 - 4:20
    men ki fèmen anndan flanbo sa,
  • 4:20 - 4:22
    epi li pa menm ka fè yon bri.
  • 4:24 - 4:26
    Se sa ki se gaz flanbo a tou,
  • 4:27 - 4:30
    epi dife ble se dife pi cho
    ki ta ka genyen.
  • 4:39 - 4:43
    Lasosyete te eseye separe nou
    oswa kategorize nou daprè kò
  • 4:43 - 4:45
    oswa kote nou rete
  • 4:45 - 4:49
    oswa klas ekonomik, edikasyon, tout bagay.
  • 4:54 - 4:57
    Epi kijan nou tout kapab
    mete men nou ansanm
  • 4:57 - 5:00
    epi afime yon bagay.
  • 5:08 - 5:11
    M panse nan fè sa,
  • 5:11 - 5:14
    nan yon sans, se te kòmsi,
    yon priyè oswa lespwa
  • 5:14 - 5:16
    pou yon bagay nan lavni
  • 5:16 - 5:20
    pou rale non nan tan pase yo
    vin nan tan prezan.
  • 5:20 - 5:23
    Epi annaprè pou kontinye chit la
  • 5:23 - 5:28
    pou pase baton an pou onore koperasyon an.
Title:
Abigail DeVille: "Limyè Libète" | Art21 "Extended Play"
Description:

Episòd 272: Eskiltè ak atis enstalasyon Abigail DeVille devwale lide ak enspirasyon ki chita dèyè kòmand piblik atizay li, “Limyè Libète” (2020). Gwo eskilti flanbo a ki chita sou yon echafo, ak flanm dife yo ki fèt ak bra yon douzèn mannken ble. Se te mach Black Lives Matter ki te motive l nan sezon ete 2020 an, lè vag manifestan yo te mete yo men nan men pou mobilize kont enjistis rasyal nan mitan yon menas pandemi mondyal.

Nan rakonte enfliyans pwofesè katriyèm ane li a, DeVille dekri enterè kontinyèl li nan listwa ansanm ak wòl aktif li kwè chak grenn moun genyen pou bay lavni fòm. “Limyè Libète” ki enstale nan Madison Square Park nan lavil Nouyòk, chita sou kouch listwa Nouyòk ak Etazini, nan fè apèl ak pawòl Frederick Douglas ansanm ak eksposizyon piblik men Estati Libète a ak flanbo a nan Madison Square Park depi 1876 rive nan 1882, pandan n ap komemore lavi moun po nwa nan Nò Amerik la pandan kat dènye syèk yo. Fè rezime sou pase, prezan enstab nou an ansanm lespwa li pou yon demen miyò. DeVille mande moun k ap gade yo pou reflechi sou lide libète ki “anba konstriksyon ak rekonstriksyon san rete, jenerasyon aprè jenerasyon,” ansanm ak ki wòl nou kapab jwe, chak grenn moun oswa lè nou mete men ansanm.

Ak enterè li gen depi lontan pou moun ansanm ak kote yo mete sou kote, Abigail DeVille kreye enstalasyon imèsif ki espesifik ak sit la, ki fèt pou atire atansyon sou listwa moun bliye. DeVille souvan travay ak bagay ansanm ak materyèl li pran nan vwazinay zòn ekspozisyon an. Menmsi bagay li ranmase yo se nannan enstalasyon li yo, priyorite DeVille se listwa enstalasyon li yo kapab rakonte. Rasin fanmi Deville nan Nouyòk remonte pou piti jiska de (2) jenerasyon, enterè li pou vil la ak travay li sou sa se koze pèsonèl ak politik.

Aprann plis sou atis la nan:
https://art21.org/artist/abigail-deville/

CREDITS | Pwodiktè: Ian Forster. Entèvyou: Ian Forster. Redaktè: Stephanie Andreou. Kamera: Sean Hanley. Son: Fivel Rothberh. Colorist: Jonah Greenstein. Miks son: Adam Boese. Mizik: Blue Dot Sessions. Imaj siplemantè: John Mattiuzzi. Koutwazi atizay: Abigail DeVille ansanm ak Madison Square Park Conservancy. Remèsiman espesyal: Brooke Kamin Rapaport, NYC Ferry, Pioneer Works ak Tom Reidy.

#AbigailDeVille #Art21 #Art21ExtendedPlay

more » « less
Video Language:
English
Team:
Art21
Project:
"Extended Play" series
Duration:
05:50

Creole, Haitian subtitles

Revisions Compare revisions