Priyè a Ke Bondye Toujou Reponn Nan!!! | Pwofèt TB Joshua
-
0:00 - 0:06Ou tap jene lontan men pa
gen anyen pou montre sa. -
0:06 - 0:08Eseye sa a apati de jodi a.
-
0:08 - 0:14Wow! Bondye. Ou pral vini
isit la pou temwayaj! -
0:15 - 0:20Gras ak lapè pou nou tout
nan non pisan Jezi a -
0:20 - 0:25Byenvini nan yon lòt edisyon
nan 'Eritaj La Ap Kontinye Viv'. -
0:25 - 0:31Koulye a, jodi a nou pral pote
pou ou de klip Pwofèt T.B. Joshua -
0:31 - 0:37ki pale de yon sijè trè enpòtan
epi ki enstriktif tou -
0:37 - 0:41ke m kwè ki pral reyèlman
ede lavi kretyen w. -
0:41 - 0:45Premye klip la soti nan mitan yon prèch
-
0:45 - 0:48e apre sa, dezyèm klip la soti
nan mitan yon temwayaj -
0:49 - 0:54sou yon jèn dam Sid Afriken
ki te resevwa delivrans li -
0:54 - 0:59anba move lespri ki te lakòz
li tombe nan lavi maji. -
0:59 - 1:04Epi pandan Pwofèt TB Joshua
t ap koute temwayaj li, -
1:05 - 1:10li sèvi ak eksperyans lavi dam
kòm yon opòtinite -
1:10 - 1:15pou anseye moun yo prensip
espirityèl enpòtan sa a. -
1:15 - 1:21Konsa, ke w beni kounye a pandan
wap aprann sou kalite lapriyè, -
1:21 - 1:28kalite jèn ki toujou atire
atansyon Bondye. -
1:29 - 1:32Ann gade.
-
1:32 - 1:37Si ou pa vle satan fè w tounen esklav,
tanpri travay sou karaktè ou. -
1:37 - 1:41Sa vle di, apati de jodi a,
pa kòmanse mande Bondye, "Geri m!" -
1:41 - 1:47Priye kont feblès ou.
-
1:47 - 1:51Apati de jodi a, pa kòmanse di,
"Bondye, beni m!" -
1:51 - 1:56Priye kont feblès ou.
-
1:56 - 1:59Apati de jodi a, pa kòmanse di,
"Bondye, pwoteje m! -
1:59 - 2:01Moun yo dèyè mwen! Moun yo vle touye m!"
-
2:01 - 2:02w ap pèdi tan w.
-
2:02 - 2:07Ale tou dwat - priye kont feblès ou.
-
2:07 - 2:11Se avni sa satan itilize pou l antre,
-
2:11 - 2:13pou aflije w ak povrete,
-
2:13 - 2:15pou aflije w ak insekirite,
-
2:15 - 2:17pou aflije w ak maladi,
-
2:17 - 2:19pou aflije w ak nenpòt sa w ap pale de li.
-
2:19 - 2:22Li sèvi ak feblès nou pou l antre nan nou.
-
2:22 - 2:29Si w fèmen espas sa a, pa gen satan ankò.
-
2:29 - 2:39Frè, souple vini. Mwen pral twouble w
jodi a paske nou deranje m! -
2:39 - 2:46Kanpe isit. Frè, tanpri kanpe isit.
-
2:46 - 2:51Kanpe isit.
-
2:51 - 2:59Nonm sa a ap pase isit la pou
vin jwenn mwen. -
2:59 - 3:05Men, si nou tou de pwòch, pa gen
pyès jan pou li pase. -
3:05 - 3:18Sa vle di w ap viv konplètman -
lavi an abondans. -
3:18 - 3:22Sa ki bon se fèmen sa.
-
3:22 - 3:24Sa a se feblès.
-
3:24 - 3:31Isit la se antre feblès yo, pou nonm
sa a ka antre isit la epi vini -
3:31 - 3:34aflije ak povrete,
-
3:34 - 3:35aflije ak maladi,
-
3:35 - 3:43aflije ak fè bak epi infètilite -
annik site yon afliksyon. -
3:43 - 3:45Sa a se kote pou pase.
-
3:45 - 3:52Olye de sa, yo kòmanse di,
"Bondye, geri m !" -
3:52 - 3:55Èske li fè sans pou di, "Bondye, geri m ?"
-
3:55 - 4:04Poukisa ou pa ka fèmen rout a epi gen lavi
abondant - lavi an abondans? -
4:04 - 4:06Men, nou kontinye di, "geri m !"
-
4:06 - 4:07Lè w malad, ou di, "Geri m !"
-
4:07 - 4:10Lè w pòv, ou di, "Beni m !"
-
4:10 - 4:13Lè w pa ka fè pitit, ou di,
"Beni m ak fwi matris la." -
4:13 - 4:17Non! Bondye okouran; Li konn sitiyasyon w.
-
4:17 - 4:20Lè ou kòmanse di Bondye,
"Mwen vle ale la" - -
4:20 - 4:24sa vle di ou di bondye w la avèg.
-
4:24 - 4:27Yon moun ki te kreye w li konnen w.
-
4:27 - 4:30Li konn dispozisyon w. Li konn panse w yo.
-
4:30 - 4:35Epi w ap di l kounye a,
"Mwen pòv - beni m !" -
4:35 - 4:37Èske l fè sans?
-
4:37 - 4:44Sa nap di kounye a - fè li epi
mete lavi w anfòm ... -
4:44 - 4:46Ou bezwen mete lavi w anfòm.
-
4:46 - 4:51Gen anpil vi ki dekonekte ak Kreyatè a.
-
4:52 - 5:03Pou ka retounen mete lavi w anfòm,
kòmanse priye kont feblès ou. -
5:03 - 5:09Se sa Bondye tap di Apot Pòl.
-
5:09 - 5:17Twa fwa, li te vin kot Bondye: 'Geri m!
Mwen gen yon pikan nan kò mwen!' -
5:17 - 5:20Chak fwa, Senyè a te di:
"Gras mwen ase pou ou." -
5:20 - 5:31Sa vle di, 'Jistis mwen ase pou ou.'
-
5:31 - 5:34Chak fwa Pòl te di: 'Geri m' Bondye te di, 'Gras mwen ase pou ou.'
-
5:35 - 5:44Sa vle di, 'Chèche Wayòm nan dabò. Gerizon
, benediksyon ak tout bagay pral ajoute.' -
5:44 - 5:53Bondye te itilize Pòl kòm yon egzanp
pou nou chak. -
5:53 - 5:57Nou pa janm tande anyen apre
twa fwa sa Senyè a te di, -
5:57 - 5:59"Gras mwen ase pou ou!"
-
5:59 - 6:00Pa gen pyès dosye sou sa ankò.
-
6:00 - 6:06Nou pa t janm tande ke se
maladi ki te touye Pòl. -
6:06 - 6:11Epi Pòl te viv jiska laj ke Bondye te pwomèt li a.
-
6:11 - 6:16Ki defi w genyen kounye a? Feblès yo.
-
6:16 - 6:23Di vwazen w: "Defi m se feblès mwen,
se pa difikilte mwen, -
6:23 - 6:29se pa maladi m, se pa pwoblèm mwen.
-
6:29 - 6:33Defi m se feblès mwen yo."
-
6:33 - 6:36Sa se defi w.
-
6:36 - 6:41Si ou tap priye kont tout bagay sa yo
pandan tout tan sa a, -
6:41 - 6:44sitiyasyon ou pa t ap rete konsa.
-
6:44 - 6:57An rezime, priyè w jodi a ta dwe
fondamantalman kont feblès. -
6:57 - 7:01"Mwen pòv" - Bondye okouran.
-
7:01 - 7:04"Mwen malad" - Bondye okouran.
-
7:04 - 7:07"Mwen pa infètil" - Bondye okouran.
-
7:07 - 7:10Kèlkeswa difikilte ou genyen,
Bondye okouran. -
7:10 - 7:12Li pa nesesè pou kòmanse konte yo.
-
7:12 - 7:17'Mwen se sa a! Mwen bezwen sa!'
-
7:17 - 7:22Bloke rout satan itilize pou aflije w la.
-
7:22 - 7:30Bloke antre satan ap itilize pou
afekte w la, ki se feblès. -
7:30 - 7:32Li sèvi ak feblès nou pou l afekte nou.
-
7:32 - 7:33Li sèvi ak feblès nou pou atake n.
-
7:33 - 7:36Li sèvi ak feblès nou pou l frape n.
-
7:36 - 7:40Sa se feblès. Priye kont feblès ou.
-
7:40 - 7:46Epi yon fwa sa a bloke, tout lòt
bagay yo pral ajoute nan ou. -
7:46 - 7:49Yon bagay sou feblès -
-
7:49 - 7:52lè ou louvri bouch ou epi di,
'Bondye, mwen pale twòp! -
7:52 - 7:57Tanpri, fè m gras. Mwen pa vle pale twòp.'
-
7:57 - 8:03Apre priyè w la, antanke moun, ou
vle pratike sa w te priye pou li a. -
8:03 - 8:05Lè ou prale epi w pral pale twòp,
-
8:05 - 8:12w ap sonje ou te priye kont li.
-
8:12 - 8:16Si yon moun di, "T.B. Joshua,
kisa ou gen pou di?" -
8:16 - 8:22"Pa enkyete w - ma wè w pita."
-
8:22 - 8:25Paske ou pa vle pale twòp.
-
8:25 - 8:31Paske se sèlman yon idio ki
pral priye kont pale twòp -
8:31 - 8:36epi ou kite lapriyè sa a epi
menm kote a wap pale twòp. -
8:36 - 8:38Ou priye ankò, 'Seyè, mwen
pa vle pale twòp.' -
8:38 - 8:42Lè w kontinye priye kont feblès ou,
-
8:42 - 8:47fò ou kòmanse viv lavi priyè w la.
-
8:47 - 8:51Di vwazen ou: "Viv lavi priyè w la."
-
8:51 - 8:56Sa vle di, sa w di nan priyè
w la - viv li. -
8:56 - 8:58'Mwen pa vle pale twòp.'
-
8:58 - 9:03Apre lapriyè a, m pral viv
lavi pa pale twòp. -
9:03 - 9:12Si ou vle fè jèn, jèn lan ki
pote yon repons de Bondye ... -
9:12 - 9:19Ou pa menm bezwen Bondye pale
nan kè w pou w ale epi jene. -
9:19 - 9:23Nenpòt lè ou deside jene kont
feblès ou, Bondye reponn li. -
9:23 - 9:26Si m'ap pale avè ou, kite m' wè men ou.
-
9:26 - 9:32Men, nenpòt lòt jèn - ou pral nan
mòn lan pou jene paske w pòv -
9:32 - 9:34epi w vle Bondye beni w ak yon pèse.
-
9:34 - 9:37Si w rete nan ti touf bwa a epi w kòmanse
jene pandan kat jou, -
9:37 - 9:45menm si ou jene pou 100 ane,
w ap mouri la! -
9:45 - 9:54Ale epi jene epi priye kont feblès
epi li se yon repons dirèk! -
9:54 - 10:03Bondye reponn imedyatman paske Bondye
vle yon moun kap bati relasyon. -
10:03 - 10:05Lè w bati relasyon w -
-
10:05 - 10:09'Mwen pale twòp; Mwen pa vle pale twòp' -
Bondye toujou kontan. -
10:09 - 10:15Sa k enpòtan pou Bondye se relasyon nou,
se pa sa nou fè. -
10:15 - 10:19Ale epi jene - tout lòt bagay yo
pral ajoute sou ou. -
10:19 - 10:25Nenpòt lè ou gen opòtinite pou
jene akòz feblès ou, -
10:25 - 10:28se yon repons dirèk.
-
10:28 - 10:34Ou tap jene men pa gen anyen pou montre.
-
10:34 - 10:39Eseye sa apati de jodi a.
-
10:39 - 10:46Si ou ka jwenn yon jou pou jene depi
maten jisk aswè akòz feblès ou, -
10:46 - 10:53ou pral vini isit la pou temwayaj.
-
10:53 - 11:00Kochma w ap genyen - atravè feblès ou,
Satan vin atake ou. -
11:00 - 11:02Difikilte w ap fè fas la -
-
11:02 - 11:07Satan vini atravè feblès ou pou atake
w ak lespri difikilte. -
11:07 - 11:09Maladi w ap genyen kounye a -
-
11:09 - 11:15se atravè feblès ou satan vin atake
w ak lespri maladi. -
11:15 - 11:19Infètilite - atravè feblès.
-
11:19 - 11:23Tanpri, annou bloke sa a. Priye kont li.
-
11:23 - 11:25Se pou sa a se lapriyè ou.
-
11:25 - 11:35Avèk sa, mwen kontan pou lavi w.
-
11:36 - 11:41Si yon moun se yon kretyen, lè sa a nou
ale pi lwen pou nou gade nan lavi l - -
11:41 - 11:44nenpòt zòn feblès.
-
11:44 - 11:47Yo pral nan yon sèten nivo evidamman.
-
11:47 - 11:51Konsa, nou pral gade nan
nivo sa a ke yo ye a, -
11:51 - 11:54konbyen fwa yo priye?
-
11:54 - 11:57Konbyen fwa yo fache?
-
11:57 - 11:59Èske yo gen lanvi oswa okenn feblès?
-
11:59 - 12:05Sa ta kapab lanvi, kòlè, enjistis,
rayisman oswa ògèy. -
12:05 - 12:09Leve.
-
12:09 - 12:14Èske sa pa edikatif?
-
12:14 - 12:18Se poutèt sa mwen te di leve kanpe
epi kanpe pou Jezi. -
12:18 - 12:22Nou pral kanpe epi kite l pale.
-
12:22 - 12:27Li trè edikatif. Jis ekri li.
Èske w te koute sa? -
12:27 - 12:31Li te kòmanse mansyone tout fwi lachè yo.
-
12:31 - 12:35Li te di gen youn yo dwe ... zòn sa a.
-
12:35 - 12:39Ok. Kòmanse kote w te kanpe a kounye a.
-
12:39 - 12:44Li ta ka kòlè, ògèy oswa fè grandizè.
-
12:44 - 12:48Dakò, kòm yon bon egzanp, si moun nan
gen ògèy, ki jan w sèvi ak ògèy la? -
12:48 - 12:51Ki jan ou fè travèse ogèy la?
-
12:51 - 12:54Pa egzanp, si pwoblèm lan se fyète,
-
12:54 - 13:00Lè sa a, nou pral kreye sitiyasyon
ki pral lakòz li gen plis fyète, -
13:00 - 13:06pou pale de tèt li - siksè li,
sa li reyalize. -
13:06 - 13:12Nan zòn feblès sa a, nou agrave zòn lan,
-
13:12 - 13:18konsa nou kole ladan l pou si lontan nou
antre epi fè sa nou vle fè. -
13:18 - 13:21Bat bravo pou Jezikri.
-
13:21 - 13:23Èske w te koute sa?
-
13:23 - 13:27Sa vle di, si se fyète, yo pral sèvi
ak fyète sa a epi antre, -
13:27 - 13:33konsa, ou pral kounye a kòmanse
twò awogan epi fyè. -
13:33 - 13:40Sa ase pou lakòz ou tonbe,
pran nan pyèj yo. -
13:48 - 13:50Avanse.
-
13:50 - 13:52Lè sa a, nou ta itilize sa.
-
13:52 - 13:56Pandan w toujou rete nan sitiyasyon
de feblès sa a, -
13:57 - 14:00alò, nou antre epi nou fè sa nou vle fè.
-
14:00 - 14:02Alò, nou ta anfin pran w.
-
14:02 - 14:03Kisa ou vle fè?
-
14:03 - 14:08Nan ka sa a, nou vle kraze maryaj la.
-
14:08 - 14:13Wi, nou vle mesye sa a kite madanm li.
-
14:13 - 14:19epi marye ak sè sa a ki se kliyan mwen.
-
14:19 - 14:22Epi nou reyisi nan fè anpil moun bagay sa?
-
14:22 - 14:25Nou reyisi anpil fwa.
-
14:26 - 14:28Pou anpil kretyen konsa?
-
14:28 - 14:31Pou anpil kretyen konsa.
-
14:31 - 14:36Èske w te koute sa l ap di kounye a?
-
14:36 - 14:42Li ap itilize mo a - pa gen moun ki pafè,
pa menm yon sèl. -
14:42 - 14:44Sa se ang yo ap itilize.
-
14:44 - 14:54Gade sa Pòl te di: "Lè m fèb, lè sa a mwen fò."
-
14:54 - 15:01Nan dènye reyinyon nou an, mwen te
itilize mo 'afliksyon'. -
15:01 - 15:08Afliksyon nou yo se pou byen espirityèl nou.
-
15:08 - 15:17Apre sa, mwen defini li pou m di - nou pafwa tante
-
15:17 - 15:23pou nou ka aprann priye plis.
-
15:23 - 15:30Koulye a, sa l'ap di a se si fyète sa a se feblès ou,
-
15:30 - 15:34epi liy priyè w la toujou la,
-
15:34 - 15:39plis ou tante avèk ògèy, plis ou priye.
-
15:39 - 15:45Lè sa, yo pa ka sèvi ak ang sa a kont ou.
-
15:45 - 15:48Sòf si yo fèmen liy priyè w la.
-
15:48 - 15:54Si liy priyè w fèmen, se plis ou fyè,
-
15:54 - 15:58plis ou detwi.
-
15:58 - 16:02Plis ògèy sa a, plis destriksyon w.
-
16:02 - 16:08Men, si liy priyè w la pa fèmen,
-
16:08 - 16:19plis ke fyète vini, plis ou priye.
-
16:19 - 16:27Objektil yo, itilizayon ak rezon yo pou feblès la se
pou ranvèse w antanke kretyen. -
16:27 - 16:34Men, olye pou yo ranvèse w, li ranfòse w plis la.
-
16:34 - 16:42Yo pèdi.
-
16:42 - 16:44Èske ou avèk mwen?
-
16:44 - 16:51Koulye a, mwen vle pote sa a, pouse sa a.
-
16:51 - 17:00Plis ou eseye pouse m 'pa pouse sa a, plis mwen pouse!
-
17:00 - 17:05Ou ka wè objekti pouse m ' sou kote a te defét.
-
17:05 - 17:07Konsa, Se poutèt sa, pa gen pyès rezon pou pouse m '.
-
17:07 - 17:13Objektif Satan, rezon ki fè Satan koube l sou
sèvi avèk feblès sa a - -
17:14 - 17:18nòmalman yo sèvi ak feblès yo kòm yon pyèj
-
17:18 - 17:27Koulye a, si plis atak sa vini, plis ou priye -
-
17:27 - 17:36Se sa ki vle di 'afliksyon nou yo
se pou benefis espirityèl nou'. -
17:36 - 17:41Afliksyon ta ka tantasyon, povrete, atak, sa, sa.
-
17:41 - 17:46Men, lè li rive, se pou benefis espirityèl ou.
-
17:46 - 17:56Ou priye plis, jene pi plis epi chèche fas Bondye plis.
-
17:56 - 18:00Konsa, sa l ap di kounye a se ke yo gade feblès la.
-
18:00 - 18:07Si feblès ou se sa men liy priyè ou la,
-
18:07 - 18:12Lè sa a, lè atak sa a vini, ou priye plis.
-
18:12 - 18:23Yo pa gen pyès dwa sou ou.
-
18:23 - 18:25Men, lè liy priyè w la fèmen -
-
18:25 - 18:32si yo ka pran liy priyè w la, yo pran lavi w.
-
18:32 - 18:39Se poutèt sa Bib la di, "Pa gen anyen ki ka separe m."
-
18:39 - 18:40Se sa sa vle di.
-
18:40 - 18:44Èske feblès kapab? Non - si liy priyè w lan la.
-
18:44 - 18:50Men, si liy priyè w lan fèmen, feblès
ka separe w ak lanmou Bondye. -
18:50 - 18:55Si m'ap pale avè w, kite m' wè men ou.
-
18:55 - 19:01Si liy priyè w fèmen, feblès ka separe
w ak lanmou Bondye. -
19:01 - 19:04Men, si liy priyè w la, pa gen anyen ki ka separe w.
-
19:04 - 19:06Se sa Pòl te vle di.
-
19:06 - 19:09Li te di: 'Ki sa ki ka separe m? Eske pikan kapab? Non.
-
19:09 - 19:14Èske feblès kapab? Èske enfimite kapab?
Èske rayisman kapab? -
19:14 - 19:21Li te di pa gen anyen ki ka separe
l paske liy priyè li te la. -
19:21 - 19:31Men, yon fwa yo fèmen liy priyè w
la epi ou pa ka priye ankò, ou fini. -
19:31 - 19:39Nou pral pale plis sou sa. Ou mèt chita.
-
19:39 - 19:42Gade ka Pòl la.
-
19:42 - 19:45Li te rele Bondye twa fwa, se pa t yon sèl fwa.
-
19:45 - 19:49Twa fwa vle di twasan fwa.
-
19:49 - 19:52Chak fwa vle di san fwa.
-
19:52 - 19:55Plizyè fwa, li te kouri kot Bondye.
-
19:55 - 20:01'Jezi, sove m. Geri m. Beni m. Sekoure m.'
-
20:01 - 20:10Konbyen fwa w kouri kot Bondye sou yon
pwoblèm nan lavi w epi w kite sa? -
20:10 - 20:19San ou pa tande repons Bondye - men ou kite sa?
-
20:19 - 20:24Sonje byen, Pòl te tande Bondye pale,
'gras mwen ase pou ou.' -
20:24 - 20:29Li te toujou kontinye.
-
20:29 - 20:34Sak pase w ki pa t 'tande Bondye reponn
ditou epi ou bay vag? -
20:34 - 20:38Konpare ak yon moun ki te tande Bondye reponn,
-
20:38 - 20:44'Gras mwen ase pou ou. Pa enkyete w.'
-
20:44 - 20:48Men, ou pa janm tande Bondye epi w kite sa.
-
20:48 - 20:54E li pa t janm ofense paske ke Bondye
pa t retire pikan an. -
20:55 - 21:01Avèk pawòl la, 'Gras mwen ase pou ou' - li te oke ak sa
-
21:01 - 21:04paske li te konnen menm si l te geri ou pa,
-
21:04 - 21:07sa pa t ap chanje pozisyon Bondye.
-
21:07 - 21:10Kit ou menm antanke moun antre nan
Wayòm Bondye a, kit ou pa, -
21:10 - 21:14sa pap chanje Wayòm Bondye a.
-
21:14 - 21:20Bondye ap rete Gerisè a ak Liberatè, kit ou geri ou pa.
-
21:20 - 21:27Li te konnen menm si l geri ou pa, Jezi se Gerisè a.
-
21:27 - 21:33Konsa, poukisa w ap bay tèt pwoblèm?
-
21:33 - 21:40Ann pale ankò sou feblès sè a ap pale a.
-
21:40 - 21:41Bib la di pyès moun pa pafè.
-
21:41 - 21:51Kèlkeswa feblès ou, depi liy priyè sa a pa fèmen,
-
21:51 - 22:04feblès sa a se yon byenefis espirityèl
pou rale w pi pwòch Bondye, -
22:04 - 22:11pou kouri kot Bondye plis, kwè plis la, gen lafwa ase.
-
22:11 - 22:14Paske w gen lafwa, men li pa ase.
-
22:14 - 22:17Men, feblès ap fè ou gen lafwa ase.
-
22:19 - 22:20Mèsi, Jezikri.
-
22:20 - 22:22Mwen renmen mesaj sa a.
-
22:22 - 22:26Mwen espesyalman te renmen nan premye
klip la kote Pwofèt T.B. Joshua te di sa -
22:26 - 22:30sa Bondye vle se yon moun kap bati yon relasyon.
-
22:30 - 22:33Paske se tou bagay la se sa, pèp Bondye yo.
-
22:33 - 22:39Tout bagay la se osiè bati relasyon nou avèk Bondye.
-
22:39 - 22:41Wi, nou gen feblès.
-
22:41 - 22:45Wi, nan vwayaj sa a nan lavi a, nou fè erè.
-
22:45 - 22:52Epi wi, nan monn sa a nou fè fas ak eprèv,
pwoblèm ak eprèv lafwa. -
22:52 - 23:03Men, nou pa dwe kite anyen anpeche nou gen
relasyon avèk Bondye. -
23:03 - 23:11Satan ka entèfere ak finans nou yo,
biznis nou, karyè oswa sante. -
23:11 - 23:14Nou pa ka pa touche.
-
23:14 - 23:20Men, pa kite l 'entèfere ak lavi espirityèl ou.
-
23:20 - 23:27Pa kite l entèwonp liy priyè w la ak Bondye.
-
23:27 - 23:29Ki sa ki deviz nou, kòm kwayan?
-
23:29 - 23:35Pa gen anyen - absoliman anyen - ki ka separe nou
-
23:35 - 23:42ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi a.
-
23:42 - 23:49Mwen te renmen egzanp Pwofèt T.B. Joshua te
fè nou sonje nan ka Apot Pòl la. -
23:49 - 23:522 Korentyen 12: 7-10
-
23:52 - 23:57Paske menm nan nivo sa a nan bagay Bondye yo,
-
23:57 - 24:00nan bagay Lespri yo,
-
24:00 - 24:06Bib la di li te gen yon pikan nan kò li.
-
24:06 - 24:13Men, sa pa t vin tounen yon blokaj
nan lavi espirityèl li. -
24:13 - 24:19Okontrè, sa te vin yon mwayen pou l menm vin
pi pwòch Bondye - -
24:19 - 24:23pou l priye plis, kwè plis, renmen Bondye plis.
-
24:23 - 24:30Pa gen anyen ki te kontarye liy priyè l la.
-
24:30 - 24:32Ala yon ankourajman pou ou menm avèk mwen jodi a.
-
24:32 - 24:37Kèlkeswa sitiyasyon w, pep Bondye a-
-
24:37 - 24:42si sitiyasyon sa a fè w sonje Bondye,
-
24:42 - 24:49si sitiyasyon sa a, feblès sa vin yon sous
ki fè w depann de Bondye, -
24:49 - 24:55ogmante sans depandans ou sou Bondye,
-
24:55 - 25:00konnen ke pwomosyon ap vini.
-
25:00 - 25:06Konsa, pratikman - aplikasyon pratik
Pawòl sa a nan lavi chak jou nou: -
25:06 - 25:12Sispann priye kont ènmi w yo.
-
25:12 - 25:16Kòmanse priye kont feblès ou.
-
25:16 - 25:22Fèmen pòt la sou dyab la nan lavi ou.
-
25:22 - 25:26Kenbe liy priyè w la louvri avèk Bondye.
-
25:26 - 25:30Epi pa kite anyen nan mond sa a
-
25:30 - 25:36vin yon blokaj nan kwasans espirityèl ou.
-
25:36 - 25:40Epi nan tan Bondye chwazi a, tan pafè,
-
25:40 - 25:44tout bagay bèl.
-
25:44 - 25:45Mèsi, Jezikri.
-
25:45 - 25:50Oke, mèsi paske w te jwenn ak nou pou
bèl mesaj sa a jodi a. -
25:50 - 25:52mwen ta renmen tande w pale de leson ou te aprann yo
-
25:52 - 25:55nan mesaj pratik sa a de Pwofèt T.B. Joshua.
-
25:56 - 26:01Ou konnen, pawòl ki pale anba enfliyans Sentespri a
-
26:01 - 26:04yo pa limite nan tan.
-
26:04 - 26:08Konsa, tanpri pataje avèk nou sa w te aprann nan
mesaj sa a nan kòmantè ki anba yo. -
26:08 - 26:12E byensi, toujou sonje -
-
26:12 - 26:19Chèche kè Bondye pou wè lavi a byen klè, nan non Jezi.
- Title:
- Priyè a Ke Bondye Toujou Reponn Nan!!! | Pwofèt TB Joshua
- Description:
-
Ki kalite lapriyè ak jèn k ap toujou atire atansyon Bondye? Dekouvri prensip espirityèl sa a ki chanje lavi, ak pwofèt Joshua epi fèmen pòt dyab la nan lavi w!
'Eritaj la ap kontinye viv' se yon pwogram sou God's Heart TV a ak frè Chris ki dedye pou pataje mo sajès ak leson nan lavi a ak sèvitè Bondye a, Pwofèt TB Joshua.
CHAPIT:
00:00 - Kout preview nan mesaj jodi a
00:14 - Entwodiksyon 'Eritaj la Kontinye Viv'
01:31 - Pwofèt TB Joshua pale sou fason dyab la itilize feblès yo
05:03 - Egzanp Apot Pòl ak pikan an nan kò li
07:57 - Viv vi priyè w
11:36 - Ekstrè nan temwayaj dam Sid Afriken an sou delivrans li nan zafè maji
14:37 - Pwofèt TB Joshua itilize temwayaj li an pou eksplike plis sou fason dyab la itilize feblès kòm yon pièj
18:44 - Si liy priyè w fèmen, feblès ka separe ou ak lanmou Bondye.
21:00 - Sitiyasyon ou pa chanje pozisyon Bondye
22:18 - Pawòl pou konkli ak frè Chris➡️ Sous orijinal Footage - Emmanuel TV
➡️ Lyen orijinal Footage:
- https://www.youtube.com/watch?v=Bg4-m1u8vGY
- https://www.youtube.com/watch?v=GMNOemXkYB0#TheLegacyLivesOn
➡️ Resevwa ankourajman chak jou sou WhatsApp - https://godsheart.tv/whatsapp/
➡️ Sipòte God's Heart TV finansyèman - https://godsheart.tv/financial/
➡️ Enfòmasyon sou lapriyè entèaktif - https://godsheart.tv/interactive-prayer/
➡️ Volontè kòm tradiktè pou Gos's Heart TV - https://godsheart.tv/translate/ - Video Language:
- English
- Team:
- God's Heart TV
- Duration:
- 26:33
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua | ||
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua | ||
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua | ||
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua | ||
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua | ||
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua | ||
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua | ||
ymorin37 edited Creole, Haitian subtitles for The Prayer God ALWAYS Answers!!! | Prophet TB Joshua |