Return to Video

Premye e dènye wa Ayiti a - Marlene Daut

  • 0:01 - 0:03
    ["Viv lib se pa senpman wete chenn pa w,
  • 0:03 - 0:07
    viv lib se viv yon jan ki respekte epi
    anrichi libète lòt moun." Nelson Mandela]
  • 0:07 - 0:12
    Gwo bravo te akeyi koup wayal Ayiti a
    lè yo te rive pou pran kouwòn.
  • 0:12 - 0:15
    Apre li fin resevwa kouwòn ak baton
    kouvri ak pyèr epi desen
  • 0:15 - 0:19
    Henry Christophe chita sou twòn li,
    ki te monte rive wo wo - 20 mèt wi.
  • 0:19 - 0:23
    Men, moun sa yo ki t ap bat bèl bravo yo
    pa te fouti konnen ke premye wa Ayiti a
  • 0:23 - 0:26
    se li ki t ap dènye wa peyi a tou.
  • 0:26 - 0:29
    Se depi Christophe te fèt, yo te mete li nan esklavaj
    sou zile Grenad.
  • 0:29 - 0:34
    Pandan li te timoun yo te balote li
    pami plizyè zile nan Karayib la.
  • 0:34 - 0:38
    Li te gen apèn 12 zan an 1779
    lè li te akonpaye mèt li
  • 0:38 - 0:41
    ki t al ede Revolisyonè Ameriken yo
    nan batay Savannah.
  • 0:41 - 0:47
    Goumen manch long sa a se premye fwa
    Christophe te viv vyolans yon revolisyon.
  • 0:48 - 0:53
    Apèn si gen kèk dokiman ki ekri
    sou lavi Christophe touswit apre lagè a.
  • 0:53 - 0:56
    Nan pwochen deseni ki pral vini an
    nou konnen li pral fè bòs mason
  • 0:56 - 0:59
    epi sèvè nan yon otèl
    nan ansyen koloni franse a Sen Domeng,
  • 0:59 - 1:01
    peyi ki pral vin rele Ayiti a.
  • 1:01 - 1:05
    Nan lane 1791, lè esklav yo nan koloni a
    lanse revolisyon an,
  • 1:05 - 1:08
    Christophe jwenn yon lòt chans
    batay pou libète.
  • 1:09 - 1:13
    Avèk Toussaint Louverture kòm chèf,
    rebèl yo goumen kont plantè yo,
  • 1:13 - 1:17
    epitou kont lame Grann Bretay ak Espay
    ki t ap chèche pran kontwòl zile a.
  • 1:17 - 1:20
    Christophe pran grad byen vit,
  • 1:20 - 1:23
    li montre li menm nivo ak
    jeneral ki gen eksperyans pase li.
  • 1:23 - 1:29
    Rive 1793, Louverture reyisi libere
    tout moun ki rele "esklav" nan Sen Domeng.
  • 1:29 - 1:34
    Rive 1801 menm li fè zile a tounen
    yon koloni semi-otonòm.
  • 1:34 - 1:39
    Men, pandan tan sa a, Napoleon Bonaparte
    te pran pouvwa an Frans,
  • 1:39 - 1:44
    e li bay tèt li misyon retabli esklavaj
    ak otorite Lafrans nan tout koloni yo.
  • 1:44 - 1:48
    Lè Lafrans eseye remete esklavaj,
    sa kreye gwo rezistans.
  • 1:48 - 1:53
    Jeneral Christophe menm rive
    boule kapital la pou anpeche okipasyon.
  • 1:53 - 1:59
    Finalman, revolisyon mete ak fyèv jòn vin fòse sòlda franse yo kraze rak.
  • 1:59 - 2:02
    Men, batay la te gentan fè viktim.
  • 2:02 - 2:06
    Yo arete Louverture, epi yo fèmen li
    pou li mouri nan prizon Lafrans.
  • 2:06 - 2:08
    Kèk ane pita, se menm malè sa a ki pral tonbe sou
  • 2:08 - 2:11
    pwòp pitit gason Christophe
    ki te gen apèn 9 an.
  • 2:11 - 2:14
    Apre revolisyon an, Christophe ak jeneral
  • 2:14 - 2:17
    Jean-Jacques Dessalines
    ansamn ak Alexandre Pétion
  • 2:17 - 2:19
    pral gwo chèf nan nouvo gouvènman an.
  • 2:20 - 2:24
    An 1804, Desalin vin pwoklame tèt li
    anperè nan yon Ayiti ki endepandan.
  • 2:24 - 2:29
    Men, nan vle kenbe pouvwa pou li menm sèl,
    li vin fache ak moun ki t ap kore li yo.
  • 2:30 - 2:33
    Se kon sa rejim Desalin nan
    te vin ankouraje yon konplo politik
  • 2:33 - 2:36
    ki fè yo asasine li an 1806.
  • 2:37 - 2:42
    Batay pou pouvwa fè peyi a chavire
    nan yon gè sivil, ki fann peyi a an de.
  • 2:42 - 2:47
    Rive 1807, Christophe te
    prezidan pou nò peyi a Okap,
  • 2:47 - 2:50
    epi Pétion te dirije
    sid la apati Pòtoprens.
  • 2:51 - 2:54
    Pétion te eseye rete nan menm
    lespri demokratik revolisyon an.
  • 2:54 - 2:57
    Se pou sa li te fè yon
    repiblik sou modèl Etazini.
  • 2:57 - 3:01
    Li te menm kore revolisyonè lòt bò dlo
    ki t ap goumen kont sistèm kolonyal la.
  • 3:01 - 3:04
    Demach sa yo te vin fè
    pèp li te renmen li anpil.
  • 3:04 - 3:07
    Men, sa te vin fè komès ak
    kwasans ekonomik te vin ralanti.
  • 3:07 - 3:11
    Christophe, o kontrè, te gen pwogram
    ki pi agresif pou yon Ayiti ki endepandan.
  • 3:11 - 3:16
    Li te distribye tè bay pèp la,
    pandan ke Leta rete kontwòle agrikilti.
  • 3:16 - 3:19
    Li te fè komès tou ak anpil peyi etranje,
  • 3:19 - 3:21
    pami yo Grann Bretay ak Etazini,
  • 3:21 - 3:24
    epi li te pwomèt yo ke li pa t ap
    rantre nan koze yo ak lòt peyi.
  • 3:24 - 3:29
    Li te menm bati yon kokennchenn Sitadèl
    pou si Lafrans ta eseye anvayi ankò.
  • 3:29 - 3:33
    Pou rive fè tout bagay sa a yo,
    Christophe te etabli yon sistèm kòve.
  • 3:33 - 3:37
    Epi tou pou ranfòse otorite li,
    li kouwone tèt li wa nan 1811.
  • 3:37 - 3:41
    Pandan rejim li a, li te rete nan
    yon bèl palè yo rele Sans Souci
  • 3:41 - 3:44
    ansanm ak madanm li
    epi twa pitit yo ki te rete yo.
  • 3:45 - 3:50
    Nan wayom Christophe la, komès, endistri,
    kilti, ak edikasyon te devlope vit.
  • 3:50 - 3:55
    Li te fè rantre gwo atis Ewopeyen
    vin patisipe nan aktivite kiltirèl ann Ayiti.
  • 3:55 - 3:58
    Pwofesè ewopeyen te vini tou
    pou tabli edikasyon piblik.
  • 3:59 - 4:02
    Men, alòs ke nan kòmansman
    sijè yo te kontan wa a anpil anpil,
  • 4:02 - 4:08
    kòve yo bay move souvni sistèm esklavaj la
    ke Ayisyen te goumen rèd pou yo aboli.
  • 4:08 - 4:12
    Rive yon tan, moun vin pa dakò ak
    politik li yo ki t ap pi otoritè chak jou,
  • 4:12 - 4:15
    epi opozisyon li yo nan sid la
    vin pran plis fòs.
  • 4:15 - 4:20
    Nan mwa oktòb 1820, rejim Christophe la
    vin fini mal nèt.
  • 4:20 - 4:24
    Plizyè mwa apre yon konjesyon serebral
    te vin fè wa a twò fèb pou li gouvène,
  • 4:24 - 4:27
    ofisye wo nivo nan lame li
    vin abandone li al jwenn twoup sid yo.
  • 4:28 - 4:32
    Devan trayizyon sa a
    epi dekourajman, wa a tiye tèt li.
  • 4:32 - 4:36
    Jodi a, ou ka wè tras istwa
    konplike Christophe la
  • 4:36 - 4:39
    nan ruin palè li yo,
  • 4:39 - 4:45
    epi nan eritaj Ayiti kòm premye nasyon
    ki aboli esklavaj pou tout tan.
Title:
Premye e dènye wa Ayiti a - Marlene Daut
Speaker:
Marlene Daut
Description:

Gade tout leson an : https://ed.ted.com/lessons/the-first-and-last-king-of-haiti-marlene-daut

Gwo bravo te akeyi koup wayal Ayiti a lè yo te rive pou pran kouwòn. Apre li fin resevwa kouwòn ak baton wayal tou kouvri ak pyèr epi desen, Henry Christophe chita sou twòn li ki te monte rive 20 mèt. Men, moun yo ki t ap bat bèl bravo yo pa t manke konnen ke premye wa Ayiti a se li ki pral dènye li tou. Kilès revolisyonè sa a te ye ? Marlene Daut rakonte ak detay pou nou ki jan yon moun ki te fèt esklav vin pran grad jouk li rive wa.

Marlene Daut kreye leson an, Cabong Studios fè mizansèn.

more » « less
Video Language:
English
Team:
closed TED
Project:
TED-Ed
Duration:
04:48

Creole, Haitian subtitles

Revisions Compare revisions