-
标题:
Ki sa k rive kò nou lè n mouri?
-
描述:
Kèlkeswa kwayans nou, sanble pifò moun dakò lè nou mouri, nou kite kò nou ki se yon pil zo ak chè. Men, ki sa k rive bagay sa yo lè n mouri? Nou kapab di se lanati k ap fè travay li, paske lè n mouri, kò nou antre nan yon pwosesis dekonpozisyon ki ka pran ant de semèn pou rive dezan konsa.
-
Lanmò dwòl!
-
Bon, n ap kontan konnen
sa k rive kò nou lè nou mouri.
-
Nou pral montre w sa kounye a.
-
Ou pa bezwen pè, li pap fè w pè... twòp.
-
Depi yon moun sispann respire,
-
selil ki nan kò l yo
sispann jwenn oksijèn,
-
men selil yo kontinye viv
pandan plizyè minit
-
yo vin ap pwodui diyoksid.
-
Diyoksid kabòn gen asid ladan l,
-
yo vin miltipliye, e yo fè
yon pakèk ti sak nan selil yo.
-
Sak sa yo gen anzim ladan yo
-
ki kòmanse manje selil yo
anndan kou deyò.
-
Sa vin fè yon likid
ki rich ak vitamin.
-
Apre yon semèn konsa, vitamin sa yo
-
vin ap nouri yon lame bakteri ak chanpiyon
-
sa ki fè tout ògàn yo ak mis tounen dlo.
-
Mikwòb ki atake tisi po yo
-
pwodui plis pase 400 kalite
sibstans chimik ak gaz.
-
Pami yo gen freyon.
-
Se sa, freyon se gaz ki nan frijidè yo.
-
Bennzin, youn nan sibstans ki nan gazolin.
-
Souf, ki gen move sant,
tankou sant ze pouri.
-
Ak molekil yo rele
Kabòn Tetraklorid,
-
yo te konn itilize l nan
ekstenktè ak dray klinin,
-
jiskaske syantifik yo te vin wè
se yon gwo pwazon.
-
Nan pwen sa a,
prèske pa ret chè sou zo yo,
-
paske jan w konn sa deja...
-
vè ak skarabe manje chè yo.
-
Ti bèt sa yo kite zo yo sèlman.
-
Alalong, pwoteyin zo yo
dekonpoze tou,
-
Yo jis kite mineral zo yo
ki rele idroksiyapatit,
-
apre sa, yo vin tounen poud.
-
N ap kontan konnen
-
tout sibstans sa yo, pwodui
chimik sa yo, menm pousyè yo,
-
yo vrèman bon pou tè a,
yo fè bon fimye,
-
sa ki fè plant yo grandi
e sa fè gen lavi
-
apre lavi pa nou fini.
-
Sann tounen nan sann,
pousyè tounen pousyè.
-
[Ekriven ak naratè: Mark Fischetti]
[Èd editè: Kathryn Free]
-
[Prodiksyon, edisyon &
animasyon: Eric R. Olson]