Lanmò dwòl! Bon, n ap kontan konnen sa k rive kò nou lè nou mouri. Nou pral montre w sa kounye a. Ou pa bezwen pè, li pap fè w pè... twòp. Depi yon moun sispann respire, selil ki nan kò l yo sispann jwenn oksijèn, men selil yo kontinye viv pandan plizyè minit yo vin ap pwodui diyoksid. Diyoksid kabòn gen asid ladan l, yo vin miltipliye, e yo fè yon pakèk ti sak nan selil yo. Sak sa yo gen anzim ladan yo ki kòmanse manje selil yo anndan kou deyò. Sa vin fè yon likid ki rich ak vitamin. Apre yon semèn konsa, vitamin sa yo vin ap nouri yon lame bakteri ak chanpiyon sa ki fè tout ògàn yo ak mis tounen dlo. Mikwòb ki atake tisi po yo pwodui plis pase 400 kalite sibstans chimik ak gaz. Pami yo gen freyon. Se sa, freyon se gaz ki nan frijidè yo. Bennzin, youn nan sibstans ki nan gazolin. Souf, ki gen move sant, tankou sant ze pouri. Ak molekil yo rele Kabòn Tetraklorid, yo te konn itilize l nan ekstenktè ak dray klinin, jiskaske syantifik yo te vin wè se yon gwo pwazon. Nan pwen sa a, prèske pa ret chè sou zo yo, paske jan w konn sa deja... vè ak skarabe manje chè yo. Ti bèt sa yo kite zo yo sèlman. Alalong, pwoteyin zo yo dekonpoze tou, Yo jis kite mineral zo yo ki rele idroksiyapatit, apre sa, yo vin tounen poud. N ap kontan konnen tout sibstans sa yo, pwodui chimik sa yo, menm pousyè yo, yo vrèman bon pou tè a, yo fè bon fimye, sa ki fè plant yo grandi e sa fè gen lavi apre lavi pa nou fini. Sann tounen nan sann, pousyè tounen pousyè. [Ekriven ak naratè: Mark Fischetti] [Èd editè: Kathryn Free] [Prodiksyon, edisyon & animasyon: Eric R. Olson]