Lanmò dwòl!
Bon, n ap kontan konnen
sa k rive kò nou lè nou mouri.
Nou pral montre w sa kounye a.
Ou pa bezwen pè, li pap fè w pè... twòp.
Depi yon moun sispann respire,
selil ki nan kò l yo
sispann jwenn oksijèn,
men selil yo kontinye viv
pandan plizyè minit
yo vin ap pwodui diyoksid.
Diyoksid kabòn gen asid ladan l,
yo vin miltipliye, e yo fè
yon pakèk ti sak nan selil yo.
Sak sa yo gen anzim ladan yo
ki kòmanse manje selil yo
anndan kou deyò.
Sa vin fè yon likid
ki rich ak vitamin.
Apre yon semèn konsa, vitamin sa yo
vin ap nouri yon lame bakteri ak chanpiyon
sa ki fè tout ògàn yo ak mis tounen dlo.
Mikwòb ki atake tisi po yo
pwodui plis pase 400 kalite
sibstans chimik ak gaz.
Pami yo gen freyon.
Se sa, freyon se gaz ki nan frijidè yo.
Bennzin, youn nan sibstans ki nan gazolin.
Souf, ki gen move sant,
tankou sant ze pouri.
Ak molekil yo rele
Kabòn Tetraklorid,
yo te konn itilize l nan
ekstenktè ak dray klinin,
jiskaske syantifik yo te vin wè
se yon gwo pwazon.
Nan pwen sa a,
prèske pa ret chè sou zo yo,
paske jan w konn sa deja...
vè ak skarabe manje chè yo.
Ti bèt sa yo kite zo yo sèlman.
Alalong, pwoteyin zo yo
dekonpoze tou,
Yo jis kite mineral zo yo
ki rele idroksiyapatit,
apre sa, yo vin tounen poud.
N ap kontan konnen
tout sibstans sa yo, pwodui
chimik sa yo, menm pousyè yo,
yo vrèman bon pou tè a,
yo fè bon fimye,
sa ki fè plant yo grandi
e sa fè gen lavi
apre lavi pa nou fini.
Sann tounen nan sann,
pousyè tounen pousyè.
[Ekriven ak naratè: Mark Fischetti]
[Èd editè: Kathryn Free]
[Prodiksyon, edisyon &
animasyon: Eric R. Olson]