Mwen aprann de tranbleman de tè an Ayiti a sou Skype Madanm mwen te voye yon mesaj pou mwen. “Woy, tranbleman tè" epi’l disparèt pou 25 minit Se te 25 minit nan panik absoli ke milyè de moun nan Etazini te santi M te pè de tsounami. S'am pa te reyalize se te gen yon pi gran panik an Ayiti epi kay yo t’ap kraze Nou tout wè foto kay kraze yo an Ayiti. Sa yo se foto madanm mwen pran de twa jou apre tranbleman de tè a lè'm t’ap pase pa D.R. pou’m antre nan peyi a. Sa se Palè Nasyonal la, Ekivalan de palè blanch Ameriken an Sa se pi gwo mache nan Karayib la gen anpil moun k’ap achte. Sa se yon kolèj pou enfimyè. Gen 300 enfimyè k’ap etidye. general la ki bò kote’l la general la ki bò kote’l la. Sa se Ministè Ekonomi ak Finans la. Nou tout tande anpil moun ki mouri nan tranbleman tè an Ayiti a, men nou pa tande anpil de poukisa la vi moun sa yo te pèdi. Nou pa tande de poukisa kay yo kraze. Apre tout bagay, se te kay yo, se pa te tranbleman tè a ki tiye 220,000 moun blese 330,000, deplase 1.3 milyon moun ki koupe manje ak dlo ak provizyon pou tout on peyi Sa se pi gran dezas nan zòn metwopoliten nan deseni. Epi li pa te yon dezas natirèl. Se te yon dezas de jeni. AIDG ap travay an Ayiti depi 2007, bay sipò biznis ak jeni pou ti biznis yo. Apre tranbleman tè ta, nou kòmanse vini ak enjenyè ki spesyalize nan tranbleman tè pou yo ka chèche konnen ki sa ki fè kay yo tonbe, pou yo ekzamine ki sa ki san danje, ki sa ki gen danje. Pandan n’ap travay ak MINUSTAH, ki se mission ONU in Ayiti, ansanm ak Ministè Travay Piblik, avèk diferan NGO, nou enspèkte 1500 kay. Nou inspèkte lekòl ansanm ak kay prive. Nou inspèkte sant medical ak depo manje. Nou enspèkte ofis gouvènman yo. Sa se Ministè Jistis. Dèyè pòt sa se Achiv Jistis Nasyonal la. Kanmarad ki nan pòt la, Andre Filitrault, se direktè Sant pou Rechèch Entèdisiplinè de Tranbleman de Tè nan Univèsite de Buffalo t’ap ekzamine’l pou’l wè si p’at gen danje pou ka sove achiv la. Andre di’m, apre’l wè kay sa yo tonbe menm jan chak fwa pa gen nouvo rechèch. Pa gen anyen la nou pa konnen. Pwen echèk la toujou menm kote – mi ak beton yo pa mare byen nan kolòn yo-- sa se yon twati siman ki pandye sou bò kay la – eskriti kite sipòte yon sèl kote, eskriti ki pa te simetrik, ki souke trè vyolan epi ki tonbe, move materyèl konstriksyon, pa ase siman, pa ase konpresyon nan blòk yo, fè reyanfòsman ki te two lis, fè reyanfòsman ki te ekspoze nan move tan epi ki rouye. Konnye a gen yon solisyon pou tout pwoblèm say o. Epi nou konnen kòman pou nou bati byen. Prèv sa soti Chili, prèske yon mwa apre, lè tranbleman de tè de 8.8 mayitid a frape Chili. Sa se 500 fwa pi pisan ke 7.0 ki frape Port-au-Prince 500 fwa pi pisan, epi sèl mwens ke mil mouri. Ajiste pou popilasyon dansite, sa se mwens ke yon pousan enpak tranbleman tè Ayiti a. Se ki diferans antre Chili ak Ayiti? Estanda sismik ak masonnen fèmen, kote kay yo aji ansanm – mi ak kolòn, avèk twati ak beton mare ansanm pou yo ka sipòte yo chak, autan ke yo kraze an moso manb epi tonbe. Si’w gade kay san an Chili, li rache an mwatwe, men li pa yon pil blòk kraze. Moun Chili yo t’ap bati ak masonnen fèmen pou deseni. Konnye a, AIDG ap travay ak KPFF Consulting Engineers, Architecture for Humanity, pou pote plis entrenman masonnen fèmen an Ayiti. Sa se Xantus Daniel. Li se yon mason, jusk yon travayè konstriksyon jeneral, li pa yon kontremèt, ki pran yonn nan entrenman nou yo. Nan travay pase li ya, li t’ap travay ansanm avèk boss li, epi yo t’ap kòmanse vide siman nan kolòn nan mal. Li pran boss li akote pou'l pale avèk li, epi li montre’l materyel masonnen fèmen yo. Li montre’l, “Ou konnen, nou pa bezwen fè sa mal. Li p’ap koute nou pi chè pou nou fèl byen.” Epi yo refè kay la. Yo mare fè poto yo byen. Yo vide siman nan kolòn nan byen. Epi kay sa ap vinn san danje. Epi tout lòt kay yo bati aprè sa ap vinn san danje. Pou asire ke kay sa yo san danje, li pa’p pran lwa, l’ap pran chèche pale ak mason yo ki a tè a, epi ede yo aprann bon teknik. Konnye a gen anpil group k’ap fè sa. Kanmarad ki gen vès sou li a, Craig Toten, t’ap pouse devan mete dokiman deyò pou tout moun k’ap fè sa. Atravè Haiti Rewired, atravè Build Change, Architecture for Humanity, AIDG, gen yen posibilite pou chèch pale ak 30000, 40000 mason atravè peyi a epi kreye yon movman pou bati byen. Si’w lonje men’w ba moun yo ki sou tè a nan mwayen kolaboratif sa li ekstrèmman abòdab. Pou tout milya k’ap depanse nan rekonstwiksyon an, ou ka antrene mason pou dola sou chak kay yo vinn bati pandan y’ap viv. Finalman, gen 2 mwayen ke ou ka rekonstwi Ayiti, mwayen ki kòmanse anwo a se mwayen sa Ayiti te konstwi pou deseni. Mwayen sa a se yon kay ki konstwi mal ki pral kraze. Mwayen anba a se yon kay ki konstwi ak masonnen fèmen, kote mi yo mare ansanm, kay la an simetri, epi ka kanpe devan yon tranbleman tè. Pou tout dezas, gen yon opòtinite la pou konstwi bi bon kay pou lòt jenerasyon an, pou lè yon lòt tranbleman tè pase, li t’ap yon dezas otan ke yon trajedi. (Aplodisman)