M ap salye Ability Magazine. M se Longhaul Paul, mwen nan Ekspozisyon entènasyonal pou motosiklèt, nan Long Beach, Kalifòni, m fè yon kout pye isit la, m sot New Hampshire. Se yè m kite Hampshire pou m vin nan egzibisyon Yamaha sa a. Kounye a, m chita sou moto tounèf sa a: Yamaha 700 Tenere ki ta dwe parèt, hmm, nan vakans ete a, moto sa a tounèf, se yon moto vwayaj, Yamaha 700 CC sa a. M anvi woule moto sa a ak tout fòs, hmm, e se avè l mwen pral franchi nan mitan bwa yo, m ap ba li gaz, m ap kouri l jiskaske m fè yon milyon kilomèt, pou jis men m fè zanpoud.