Sa a se pa yon ekzèsis. Mwen rele Greta Thunberg. N'ap viv nan kòmansman yon dezaparisyon masif. Klima nou an ap dejenere. Timoun tankou mwen ap abandone lekol yo pou yo manifeste. Men nou ka toujou ranje sa. Ou ka toujou ranje sa. Pou nou siviv, nou bezwen sispann boule gaz natirèl yo, men sa sèlman pap sifi. Yo pale de anpil solisyon, men e solisyon ki tou devan je nou an? M'ap kite zanmi mwen George esplike. Gen yon machin majik ki rale kabòn ki nan lè a, li pa koute anpil e li konstwi pwòp tèt li. Li rele...yon pyebwa. Yon pyebwa se yon ekzanp solisyon klima natirèl. Mangrove yo, touf raje yo, jeng yo, marekaj yo, fon lanmè yo, forè alg yo, ma dlo ki gen plant ladan yo, resif yo, yo kaptire kabòn ki nan lè ya. Lanati se yon zouti nou ka itilize pou repare klima nou an ki brize. Solisyon klima natirèl sa yo ka fè yon gwo diferans. Sa byen entèresan, pa vre? Men si sèlman nou kite gaz natirèl yo nan tè a tou. Men pati ki pi mal la... kounya a nou ap inyore yo. Nou depanse mil fwa plis nan sibvansyon mondyal gaz natirèl yo ke nan solisyon resous natirèl yo. Solisyon klima natirèl yo jwenn 2% sèlman nan tout lajan ki itilize pou atake dejenerasyon klimatik la. Sa se lajan ou, se taks ak lajan ou epanye yo. Sak pi rèd la, kounye a lè nou plis bezwen lanati se lè sa n'ap detwi li pi vit ke jamè. Jiska 200 espès ap disparèt chak jou. Pifò Arctic la fin ale. Pifò bèt sovaj nou yo fin ale. Pifò tè nou yo fin ale. Alò kisa nou ta dwe fè? Kisa ou ta dwe fè? Li senp...nou bezwen pwoteje, restore epi finanse. Pwoteje. Yap koupe forè twopikal yo a vitès 30 teren foutbòl pa minit. Kote ke lanati ap fè yon bagay vital, nou dwe pwoteje li. Restore. Pi fò planèt nou an te andomaje. Men lanati ka rejenere e nou ka ede ekosistèm yo reprann yo. Finanse. Nou dwe sispann finanse tout sa ki detwi lanati e peye pou tout sa ki ede li. Li byen senp. Pwoteje, restore, finanse. Sa ka fèt tout kote. Anpil moun gentan kòmanse itilize solisyon klima natirèl yo. Nou dwe fè sa pa pakèt. Ou ka patisipe nan sa. Vote pou moun ki ap defann lanati. Pataje videyo sa. Pale de li. Nan tout mond lan gen anpil gwo mouvman kap batay pou lanati. Antre ladan yo! Tout bagay konte. Aksyon w yo konte.