Return to Video

Lessons from death row inmates

  • 0:02 - 0:03
    De semèn de sa a,
  • 0:03 - 0:06
    m te chita bò tab ki nan sal a manje
  • 0:06 - 0:09
    lakay mwen, avèk madanm mwen Katya,
  • 0:09 - 0:13
    epi, nou t ap pale de sa m pral diskite jodi a.
  • 0:13 - 0:18
    Nou gen yon pitit gason ki gen 11 an, ki rele Lincoln (Lenkenn). Li te chita bò menm tab la,
  • 0:18 - 0:21
    li t ap fè devwa matematik li.
  • 0:21 - 0:23
    Epi, pandan yon pòz nan konvèsasyon m nan
  • 0:24 - 0:26
    avèk Katya, m te gade Lincoln
  • 0:26 - 0:28
    epi, m te toudenkou sezi
  • 0:30 - 0:34
    lè lide m te vin tonbe sou youn nan kliyan m yo.
  • 0:34 - 0:37
    Kliyan m nan, se te yon nèg ki te rele Will (Wil),
  • 0:37 - 0:38
    ki te soti nan nò Texas (Tèkzas).
  • 0:38 - 0:44
    Li pa t janm fin konnen papa l trè byen, paske papa l te kite l
  • 0:44 - 0:47
    poukò l ak manman l, lè l te nan vant.
  • 0:47 - 0:52
    Alò, akoz de sa, misye te arive vin grandi ak yon manman ki san mari.
  • 0:52 - 0:53
    Sikonstans sa a, li pa t ap petèt yon pwoblèm
  • 0:53 - 0:55
    si manman sa a
  • 0:55 - 0:59
    pa t yon moun ki gen yon pwoblèm mantal ke yo rele eskitsofreni,
  • 0:59 - 1:03
    epi lè Wil te gen 5 an, manmzèl te eseye touye l avèk yon gwo kouto file.
  • 1:03 - 1:05
    Ofisye leta te pran l
  • 1:05 - 1:09
    epi yo te mete l nan yon lopital ki fèt pou moun ki gen pwoblèm mantal,
  • 1:09 - 1:13
    akoz de sa a, pandan plizyè ane aprè, Will t ap viv avèk yon gran frè l
  • 1:13 - 1:16
    avan ke frè sa a te touye tèt li, lè li te pèse pwòp kè l avèk yon bal ki sot nan zam.
  • 1:16 - 1:19
    Epi apre sa a
  • 1:19 - 1:22
    Will te fè va e vyen kay moun fanmi l yo,
  • 1:22 - 1:27
    jiskaske lè l te vin gen 9 an, li te prèske ap viv poukò l.
  • 1:27 - 1:32
    Maten sa a, pandan ke m te chita prè Katya ak Lincoln, m te gade pitit gason m nan,
  • 1:32 - 1:36
    epi, m te reyalize ke: lè Will, kliyan m nan,
  • 1:36 - 1:38
    te gen menm laj avè l,
  • 1:38 - 1:42
    li te gentan ap viv poukò l pandan de zan.
  • 1:42 - 1:45
    Will te arive rantre nan yon gang
  • 1:45 - 1:46
    epi li te arive komèt
  • 1:46 - 1:49
    plizyè krim ki trè serye,
  • 1:49 - 1:52
    pami lekèl ki te krim ki pi grav la,
  • 1:52 - 1:54
    yon asasinasyon ki te tèrib e tris.
  • 1:54 - 2:00
    Epi, lajistis te finalman egzekite Will
  • 2:00 - 2:01
    kòm pinisyon pou krim sa a.
  • 2:01 - 2:04
    Men, jodi a, m pa vle
  • 2:04 - 2:06
    pale sou moralite
  • 2:06 - 2:10
    bagay ki rele pèn lanmò a. Sètènman, m panse ke lajistis
  • 2:10 - 2:15
    pa t dwe egzekite kliyan m nan, men sa m vle fè jodi a pito,
  • 2:15 - 2:18
    se pale de bagay ki rele pèn lanmò a
  • 2:18 - 2:21
    nan yon fason ke m pa t janm fè sa deja,
  • 2:21 - 2:22
    nan yon fason
  • 2:22 - 2:25
    ki pa p fè okenn moun fache.
  • 2:25 - 2:28
    Mwen panse ke sa posib,
  • 2:28 - 2:30
    paske gen yon kwen
  • 2:30 - 2:32
    nan deba ki konn fèt sou bagay pèn lanmò a,
  • 2:32 - 2:34
    petèt se kwen sa a ki pi enpòtan,
  • 2:34 - 2:37
    kote ke tout moun dakò,
  • 2:37 - 2:41
    kote moun ki plis sipòte koze pèn lanmò a
  • 2:41 - 2:45
    ak moun ki vrèman kont sa,
  • 2:45 - 2:48
    byen dakò.
  • 2:48 - 2:52
    Se kwen sa a ke m vle analize.
  • 2:52 - 2:56
    Men, avan ke m fè sa a, mwen vle pran kèlke minit pou m eksplike w kijan dosye jiridik
  • 2:56 - 2:58
    pèn lanmò yo dewoule,
  • 2:58 - 3:03
    epi mwen vle pale w de 2 leson ke m te aprann pandan 20 an ki sot pase yo
  • 3:03 - 3:06
    kòm yon avoka ki konn defann moun ke lajistis kondane a mò,
  • 3:06 - 3:10
    lè m te gade plis ke 100 dosye dewoule nan fason ke m pra l eksplike la a.
  • 3:10 - 3:14
    Ou ka panse de yon ka pèn lanmò tankou yon istwa
  • 3:14 - 3:16
    ki gen 4 chapit.
  • 3:16 - 3:20
    Premye chapit chak dosye yo menm jan,
  • 3:20 - 3:22
    epi sa tris.
  • 3:22 - 3:23
    Chapit sa a kòmanse lè yon moun
  • 3:23 - 3:26
    touye yon lòt ki inosan,
  • 3:26 - 3:27
    epi apre sa a, yon pwosè tribinal komanse
  • 3:27 - 3:30
    kote lajistis kondane epi voye moun ki touye lòt la, al tan lè l pou yo egzekite l.
  • 3:30 - 3:32
    Finalman, pèn lanmò ke yo bay kriminèl sa a arive
  • 3:32 - 3:34
    jwenn konfimasyon kay yon Kou Dapèl nan leta kote pwosè ya te komanse.
  • 3:34 - 3:39
    Dezyèm chapit la gen yon etap legal ki konplike ke yo rele
  • 3:39 - 3:41
    «apèl habeas corpus leta».
  • 3:41 - 3:45
    Twazyèm chapit lan se yon etap legal ki pi konplike ke yo rele
  • 3:45 - 3:47
    «etap habeas corpus federal».
  • 3:47 - 3:49
    Epi, katriyèm chapit lan
  • 3:49 - 3:53
    se youn kote ke yon pakèt bagay ka pase. Avoka yo ka petèt ranpli yon fòmilè pou yo mande padon pou kilyan yo,
  • 3:53 - 3:56
    yo ka komanse yon lòt etap ankò ki pi konplike,
  • 3:56 - 3:58
    oubyen, yo gen dwa pa fè anyen ankò.
  • 3:58 - 4:00
    Men, katriyèm chapit sa a toujou pran fen
  • 4:00 - 4:02
    lè yo egzekite moun sa a ki te touye lòt moun ki inosan an.
  • 4:02 - 4:07
    20 an de sa a, lè m te kòmanse defann prizonye ke yo mete nan koulwa lanmò
  • 4:07 - 4:11
    prizonye sa yo pat gen dwa jwenn èd avoka pandan dezyèm
  • 4:11 - 4:14
    oubyen katriyèm chapit nan istwa ki antoure ka tribinal yo a.
  • 4:14 - 4:15
    Yo te poukont yo.
  • 4:15 - 4:19
    Anfèt, se pandan fen ane 1980 yo ke yo te arive jwenn
  • 4:19 - 4:21
    dwa ki te pemèt yo jwenn yon avoka ki pou defann yo pandan twazyèm chapit
  • 4:21 - 4:23
    istwa tribinal yo.
  • 4:23 - 4:25
    Akoz de sa a, sa ke prizonye nan koulwa lanmò yo te arive fè
  • 4:25 - 4:28
    sè ke yo te arive al konte sou avoka ki konn travay gratis, ke yo rele «avoka pro bono»,
  • 4:28 - 4:31
    pou yo te regle zafè tribinal yo.
  • 4:31 - 4:34
    Pwoblèm ki te vinn genyen, te vinn gen pi plis prizonye nan koulwa lanmò ki te bezwen èd
  • 4:34 - 4:39
    ke avoka ki te gen enterè avèk konpetans espesyal pou yo travay sou ka tribinal yo.
  • 4:39 - 4:41
    Akoz de sa a,
  • 4:41 - 4:44
    avoka yo te kouri al pran ka ki te gentan nan katriyèm chapit yo.
  • 4:44 - 4:48
    Sètènman, sa fè sans paske ka sa yo, se yo ki te pi ijan.
  • 4:48 - 4:50
    Se prizonye ki te nan etap sa a ki te pi pre egzekisyon yo.
  • 4:50 - 4:55
    Gen kèk nan avoka sa yo ki te reyisi; yo te arive rekòmanse ka kliyan yo.
  • 4:55 - 4:58
    Kèk lòt pami yo te arive pwolonje vi kliyan yo. Kèk fwa
  • 4:58 - 5:00
    yo te pèmèt yo viv plizyè ane oubyen plizyè mwa an plis.
  • 5:00 - 5:03
    Men yon bagay ki pa t fèt,
  • 5:03 - 5:07
    kantite moun ke yo te konn egzekite chak ane nan eta Texas la pat janm vrèman diminye;
  • 5:07 - 5:10
    epi lè kantite sa a te diminye, li pa t dire lontan.
  • 5:10 - 5:14
    Okontrè, si w gade graf sa a, w ap konstate ke depi lè Texas te amelyore
  • 5:14 - 5:17
    prosesis ke l konn itilize pou l egzekite prizonye l yo, pandan mitan a fen ane 1990 yo,
  • 5:17 - 5:21
    gen sèlman kèk grenn ane pandanke valè moun ke yo te egzekite yo desann
  • 5:21 - 5:23
    pi ba ke 20.
  • 5:23 - 5:25
    Dabitid, chak ane nan eta Texas la
  • 5:25 - 5:27
    nou egzekite a pe prè
  • 5:27 - 5:29
    2 moun chak mwa.
  • 5:29 - 5:34
    Gen kèk ane nou egzekite anviwon 40 moun, epi nimewo sa a
  • 5:34 - 5:38
    pa janm diminye anpil padan 15 ane ki sot pase yo.
  • 5:38 - 5:42
    Men, pandan ke n kontinye ap egzekite
  • 5:42 - 5:44
    menm kantite moun chak ane,
  • 5:44 - 5:47
    valè moun ke n ap kondane a mò
  • 5:47 - 5:48
    chak ane
  • 5:48 - 5:50
    arive vinn desann anpil.
  • 5:50 - 5:52
    Akoz de sa a, nou vinn trouve yon paradòks.
  • 5:52 - 5:56
    Pandan kantite moun ke n egzekite chak ane rete wo
  • 5:56 - 6:01
    valè moun ke n kondane a mò ap desann.
  • 6:01 - 6:02
    Poukisa sa rive?
  • 6:02 - 6:05
    Sa pa t fèt paske kantite moun ke yo asasine chak ane desann.
  • 6:05 - 6:07
    Paske pousantaj moun ke yo touye pa bese
  • 6:07 - 6:11
    anpil tankòm liy rouj nan graf sa a desann.
  • 6:11 - 6:14
    Sa k vinn rive pito
  • 6:14 - 6:18
    moun ki fè pati jiri tribinal yo kòmanse voye plis moun nan prizon
  • 6:18 - 6:21
    pou rès vi yo, san yo pa ba yo posibilite pou yo soti,
  • 6:21 - 6:24
    olye ke yo voye yo al nan chanm egzekisyon.
  • 6:24 - 6:27
    Poukisa sa vin rive?
  • 6:27 - 6:31
    Li pa rive fèt paske koze pèn lanmò a ap pèdi sipò popilè l.
  • 6:31 - 6:35
    Moun ki kont bagay pèn lanmò a kontan anpil paske
  • 6:35 - 6:39
    kantite moun ki sipòte sa a nan eta Texas la vin rive nan yon nivo ki se nivo ki pi ba a travè listwa eta a.
  • 6:39 - 6:41
    Ou konn sa nivo ba sa ye?
  • 6:41 - 6:44
    Li yon ti jan pi plis ke 60 pousan konsa.
  • 6:44 - 6:48
    Nivo sa a pi bon ke nivo ki te egziste pandan ane 1980 yo, lè sa
  • 6:48 - 6:49
    te pi plis ke 80 pousan.
  • 6:49 - 6:54
    Menm si sa, nou pa ka di se paske koze pèn lanmò a te pèdi sipò popilè l ki fè ke
  • 6:54 - 6:58
    kantite fwa yo kondane moun a mò vin bese, avèk preferans moun vin genyen pou kondanasyon pèmanant nan prizon ogmante.
  • 6:58 - 7:00
    Plen moun jodi a ki toujou sipòte koze pèn lanmò a.
  • 7:00 - 7:03
    Kisa ki koze fenomèn sa a?
  • 7:03 - 7:05
    Sa k rive
  • 7:05 - 7:06
    sè ke avoka
  • 7:06 - 7:09
    ki konn defann prizonye ki nan koulwa lanmò yo te kòmanse konsantre
  • 7:09 - 7:14
    sou chapit ki o kòmansman istwa bagay pèn lanmò a.
  • 7:14 - 7:17
    Alò, 25 an de sa, yo te konsantre sou chapit 4.
  • 7:17 - 7:21
    Epi, 25 an de sa, yo retire fokis yo sou chapit 4 pou yo al nan chapit 3
  • 7:21 - 7:23
    pandan fen ane 1980 yo.
  • 7:23 - 7:26
    Epi, yo te chanje fokis yo sou chapit 3 en 1980 pou yo vire l sou chapit 2
  • 7:26 - 7:29
    pandan ane ki nan mitan syèk 1990 yo. Epi, apati de mitan a fen ane 1990 yo,
  • 7:29 - 7:33
    yo te kòmanse fokis sou chapit 1 de istwa a.
  • 7:33 - 7:37
    Ou ka panse dèske kantite de moun ke yo kondane a mò, epi ogmantasyon nan
  • 7:37 - 7:39
    nimewo pèn a vi yo, se yon bagay ki bon ou mal.
  • 7:39 - 7:42
    Mwen pa vle pale de sa jodi a.
  • 7:42 - 7:45
    Sa ke m vle di w sèlman sè ke rezon ki fèt ke sa rive
  • 7:45 - 7:48
    sè ke avoka prizonye kòz pèn lanmò sa yo, yo arive konprann
  • 7:48 - 7:51
    ke pi bonè ke w entèvni nan yon ka,
  • 7:51 - 7:55
    pi bon chans ke w genyen pou w sove vi kliyan w lan.
  • 7:55 - 7:57
    Se premye bagay ke m te arive aprann.
  • 7:57 - 7:59
    Men dezyèm bagay ke m te aprann:
  • 7:59 - 8:00
    Kliyanm nan ki rele Will la
  • 8:00 - 8:04
    se pa yon ka eksepsyonèl ke ka li a te ye;
  • 8:04 - 8:07
    pito, ka li a te trè nòmal.
  • 8:07 - 8:10
    Gen dè fwa, mwen di ke si w di m non yon prizonye ki te nan koulwa lanmò
  • 8:10 - 8:13
    mwen pa bezwen konn nan ki eta ke l ye, sa pa fè okenn diferans si m te rankontre l deja
  • 8:13 - 8:16
    Mwen ka ekri istwa vil pou ou.
  • 8:16 - 8:19
    Epi, 8 nan 10 fwa sa yo,
  • 8:19 - 8:21
    detay ke m te ka bay sou istwa vi l,
  • 8:21 - 8:23
    yo a p jeneralman vrè.
  • 8:23 - 8:27
    Epi, rezon ki fè sa a, sè ke 80 pousan moun ke yo plase nan koulwa lanmò
  • 8:27 - 8:31
    se moun ki te soti nan menm tip de fanmiy disfonksyonèl ke Will te soti ladan l lan.
  • 8:31 - 8:33
    80 pou san de moun ki nan koulwa lanmò
  • 8:33 - 8:35
    se moun ki te nan prizon
  • 8:35 - 8:38
    ke yo fè pou jèn ki gen mwen ke 18 an.
  • 8:38 - 8:40
    Se dezwèm leson sa a
  • 8:40 - 8:42
    ke m te arive aprann
  • 8:42 - 8:45
    Kounya, nou trouve tèt nou prè kònè kote ke
  • 8:45 - 8:48
    tout moun pral dakò.
  • 8:48 - 8:51
    Kèk moun isi a gen dwa pa dakò
  • 8:51 - 8:53
    avèk desizyon ke leta te pran pou l egzekite Will,
  • 8:53 - 8:55
    men mwen panse ke tout moun ta dakò
  • 8:55 - 8:59
    ke vèsyon istwa Will la ki ta pi bon an
  • 8:59 - 9:00
    se ta yon istwa
  • 9:00 - 9:05
    nan lekèl yon asasinasyon pa t ap janm rive.
  • 9:05 - 9:07
    Kijan ke n ka fè sa rive?
  • 9:07 - 9:11
    Lè pitit nou an, Lincoln, t ap travay sou pwoblèm matematik sa a
  • 9:11 - 9:14
    2 semèn de sa a, se te yon pwoblèm ki te jeyan epi efreyan
  • 9:14 - 9:17
    Epi li t ap aprann kòman ke lè w gen yon gwo problèm
  • 9:17 - 9:21
    Gen dè fwa, solisyon an se separe gwo problèm sa a an pati ki pi piti;
  • 9:21 - 9:25
    Se sa ke n fè pou majorite gwo pwoblèm --nan matematik epi fizik, menm nan domèn politik sosyal --
  • 9:25 - 9:29
    nou separe yo epi nou fè yo vin tounen pwoblèm ke moun ka pi byen jere.
  • 9:29 - 9:30
    Men, gen kèt fwa konsa,
  • 9:30 - 9:32
    tankòm Dwight Eisenhower te di,
  • 9:32 - 9:34
    «Fason ke moun dwe rezoud yon pwoblèm,
  • 9:34 - 9:36
    se fè sa a vin pi gwo.»
  • 9:36 - 9:40
    Fason ke n ka rezoud pwoblèm sa a
  • 9:40 - 9:44
    se si n ta bay zafè pèn lanmò sa a plis enpòtans.
  • 9:44 - 9:46
    Fòk nou deklare ke:
  • 9:46 - 9:48
    oke, nou gen 4 chapit
  • 9:48 - 9:51
    nan istwa pèn lanmò a,
  • 9:51 - 9:53
    men, sa k rive avan
  • 9:53 - 9:55
    istwa sa kòmanse?
  • 9:55 - 10:00
    Kijan èske n ka entèvni nan vi yon asasen
  • 10:00 - 10:03
    avan ke l devni yon asasen?
  • 10:03 - 10:05
    Ki chwa ke n genyen
  • 10:05 - 10:06
    ki ka pèmèt nou jantiyman retire moun sa a
  • 10:06 - 10:08
    sou chemen
  • 10:08 - 10:12
    ki pral bay yon rezilta ke tout moun --
  • 10:12 - 10:15
    sipòtè pèn lanmò yo, ak moun ki kont sa a --
  • 10:15 - 10:15
    toujou panse
  • 10:15 - 10:18
    ki se yon rezilta ki mal:
  • 10:18 - 10:20
    asasinasyon yon èt imen ki inosan?
  • 10:22 - 10:25
    Ou konnen, gen dè fwa moun di
  • 10:25 - 10:26
    ke kèk bagay
  • 10:26 - 10:28
    pa konplike anpil tankòm syans fize (jeni ayewospasyal).
  • 10:28 - 10:32
    Lè yo di sa a, sa yo vle di, sè ke syans fize a se yon bagay ki trè konplike.
  • 10:32 - 10:35
    Men, pwoblèm sa ke n a p diskite la a, li trè senp.
  • 10:35 - 10:37
    Imaj sa a montre w sa syans fize ye;
  • 10:37 - 10:38
    sa se ekspresyon matematik
  • 10:38 - 10:42
    pou fòs ke yon fize bay lè l a p fè mouvman.
  • 10:42 - 10:45
    Bagay ke n a p egzamine jodi a
  • 10:45 - 10:47
    se menm nivo konplikasyon an ke l genyen.
  • 10:47 - 10:50
    Sa ke n a p analize la a jodia, se
  • 10:50 - 10:52
    syans fize ke l ye tou.
  • 10:52 - 10:54
    Kliyanm nan ki rele Will la
  • 10:54 - 10:57
    ak 80 pou san moun ki nan koulwa lanmò
  • 10:57 - 11:00
    te gen 5 chapit nan vi yo
  • 11:00 - 11:02
    ki te vini avan
  • 11:02 - 11:04
    4 chapit istwa pèn lanmò a.
  • 11:04 - 11:08
    Mwen panse a 5 chapit sa yo tankòm pwen entèvansyon;
  • 11:08 - 11:11
    pati nan vi yo kote ke sosyete nou an
  • 11:11 - 11:16
    te ka entèveni nan vi yo pou l te ka retire yo sou chemen ke yo te ye ya;
  • 11:16 - 11:20
    Ki te kreye yon kosekans ke nou tout, ni moun ki sipòte pèn lanmò ni moun ki kont li,
  • 11:20 - 11:22
    di ki pa yon bon rezilta.
  • 11:22 - 11:24
    Pandan chak nan
  • 11:24 - 11:27
    5 chapit sa yo:
  • 11:27 - 11:28
    lè manman l te ansent,
  • 11:28 - 11:31
    pandan ane ke l te pase tankòm yon anfan,
  • 11:31 - 11:32
    lè l te nan lekòl primè,
  • 11:32 - 11:35
    lè l te nan lekòl segondè,
  • 11:35 - 11:38
    epi lè l te nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo,
  • 11:38 - 11:41
    pandan chak nan 5 chapit sa yo, te gen anpil bagay sosyete ya te ka fè.
  • 11:41 - 11:44
    Anfèt, si nou imajine:
  • 11:44 - 11:49
    gen 5 diferan sòt de entèvansyon, fason sosyete a te ka entèveni.
  • 11:49 - 11:50
    Nan chak 5 chapit sa yo
  • 11:50 - 11:53
    nou ka melange yo fason nou vle
  • 11:53 - 11:57
    gen plis ke 3000 strateji
  • 11:57 - 12:01
    ke nou ka anbrase pou nou te ka retire timoun tankou Will
  • 12:01 - 12:04
    sou chemen ke yo ye.
  • 12:04 - 12:05
    Mwen pa kanpe la jodi a
  • 12:05 - 12:07
    pou m di tke mwen posede solisyon an.
  • 12:07 - 12:12
    Men, le fèt ke nou gen anpil bagay pou nou aprann toujou,
  • 12:12 - 12:15
    pa vle di ke nou pa konn anpil lòt bagay deja.
  • 12:15 - 12:18
    Daprè eksperyans lòt eta peyi a,
  • 12:18 - 12:22
    nou konnen ke gen anpil tip de entèvansyon
  • 12:22 - 12:26
    ke nou ka itilizé an Texas epi nan nenpot lòt eta ki pa pitilize yo aktyèlman,
  • 12:26 - 12:31
    pou nou prevante yon konsekans ke nou tout dakò ki pa bon.
  • 12:31 - 12:33
    Ban mwen mansyone kèk ladan yo.
  • 12:33 - 12:37
    Mwen pa p pale jodi a de refòmasyon sistèm lalwa nou an.
  • 12:37 - 12:42
    Sa se yon sijè ke nou ka rezève pou yon sal ki plen avoka ak jij.
  • 12:42 - 12:46
    Mwen pito vle pale de 2 tip entèvansyon
  • 12:46 - 12:48
    ke nou tout ka ede peyi a reyalize.
  • 12:48 - 12:51
    Paske se sòt de entèvansyon k ap vin yon reyalite
  • 12:51 - 12:55
    lè lejislatè yo, avèk moun ki kreye règ politik peyo nou an, debousè enpo yo, ak sitwayen,
  • 12:55 - 12:57
    dakò ke se konsa
  • 12:57 - 12:59
    ke nou ta dwe ap depanse lajan nou.
  • 12:59 - 13:02
    Nou te kapab founi swen
  • 13:02 - 13:07
    pou ti moun ki gen kontraryete ekonomik, ak lòt tip de pwoblèm ankò, ki ap soufri,
  • 13:07 - 13:10
    epi nou te ka fè sa a gratis.
  • 13:10 - 13:14
    Epi ankò, nou te ka retire timoun tankou Will sou chemen ke yo ye a.
  • 13:14 - 13:18
    Gen lòt eta ki fè sa, men, nan Texas, nou pa fè l.
  • 13:18 - 13:22
    Nou te kapab founi lekòl spesyal --ni nan primè, ni nan segondè--
  • 13:22 - 13:25
    epi menm pandan kintègaden jiska senkyèm
  • 13:25 - 13:30
    pwogram ki gen objektif pou yo ede timoun ki gen pwoblèm ekonomik, epi nan lòt fason tou
  • 13:30 - 13:31
    espesyalman pou timoun ki gentan fè pati
  • 13:31 - 13:33
    sistèm jistis tribinal ki rezève pou timoun.
  • 13:33 - 13:35
    Gen kèk grenn eta ki fè sa
  • 13:35 - 13:37
    Texas pa fè l.
  • 13:37 - 13:39
    Gen yon lòt bagay ankò ke nou te kapab fè;
  • 13:39 - 13:42
    franchman, gen anpil lòt bagay ankò ke nou te kapab fè.
  • 13:42 - 13:44
    Gen yon lòt bagay ke nou te kapab fè ke m pra l pale de li.
  • 13:44 - 13:47
    Sa se sè l bagay kontwovèsyal ke m ap di jodi a:
  • 13:47 - 13:48
    nou ka entèvni
  • 13:48 - 13:50
    pi agresiveman
  • 13:50 - 13:53
    nan fwaye fanmiy ki pa fonksyone byen.
  • 13:53 - 13:55
    Nou ka retire timoun yo nan jan de kay sa yo,
  • 13:55 - 14:01
    avan ke manman yo pran couto pou yo menase yo.
  • 14:01 - 14:03
    Si poun n fè sa a,
  • 14:03 - 14:05
    nou ap bezwen yon kote pou nou mete yo.
  • 14:05 - 14:08
    Menm lè nou fe tout jan de bagay sa yo, gen timoun ke sistèm nan an ap arive neglije
  • 14:08 - 14:12
    yo pral arive nan dènye chapit avan istwa asasinasyon yo a kòmanse.
  • 14:12 - 14:14
    Yo pral rantre nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo.
  • 14:14 - 14:17
    Menm si sa ta rive,
  • 14:17 - 14:19
    li t ap toujou pako twò ta.
  • 14:19 - 14:22
    T ap gen tan toujou pou n ta epanye yo.
  • 14:22 - 14:23
    Si nou panse a epanye yo
  • 14:23 - 14:26
    olye ke nou pini yo.
  • 14:26 - 14:29
    Gen 2 profesè nan pati nòdès peyi a, yonn nan Yale, lòt la nan Maryland.
  • 14:29 - 14:30
    Yo mete yon lekòl sou pye
  • 14:30 - 14:34
    ki konekte avèk prizon ki fèt pou timoun yo.
  • 14:34 - 14:37
    Timoun yo nan prizon, men yo a l lekòl
  • 14:37 - 14:39
    de 8 è di maten jiska 4 aprè midi.
  • 14:39 - 14:41
    Se pa t yon plan ki te fasil pou yo te reyalize.
  • 14:41 - 14:42
    Yo te oblije chache profesè
  • 14:42 - 14:45
    ki te vle ansenye anndan prizon.
  • 14:45 - 14:49
    Yo te oblije etabli yon separasyon di, ant moun ki travay nan lekól la avèk moun ki gen otorite nan prizon an.
  • 14:49 - 14:52
    E sa ki te pi difisil la a,
  • 14:52 - 14:53
    yo te oblije envante yon nouvo pwogram skolè.
  • 14:53 - 14:58
    Paske moun pa antre soti nan prizon regilyèman chak semès.
  • 14:58 - 15:02
    Men, yo te kanmèm arive reyalize tout bagay sa yo.
  • 15:02 - 15:04
    Kisa trè tout bagay sa yo genyen ki menm?
  • 15:04 - 15:11
    Sa bagay sa yo genyen en komen, sè ke yo tout koute lajan.
  • 15:11 - 15:14
    Kèk nan moun ki nan sal la gen ase laj pou yo sonje
  • 15:14 - 15:17
    mesye sou ansyen reklam filt lwil ki fèt pou machin yo;
  • 15:17 - 15:21
    li te kon, di,
  • 15:21 - 15:24
    «Ou ka peye m kounya oubyen ou ka peye m pita.»
  • 15:24 - 15:26
    Sa ke n ap fè la,
  • 15:26 - 15:29
    nan sistèm ki pèmèt nou kondane moun a pèn lanmó,
  • 15:29 - 15:32
    sè ke n ap peye pita.
  • 15:32 - 15:34
    Men, yon sèl bagay
  • 15:34 - 15:38
    pou chak 15.000 dola ke nou depanse
  • 15:38 - 15:42
    pou nou entèveni nan vi timoun
  • 15:42 - 15:44
    ki gen pwoblèm ekonomik
  • 15:44 - 15:48
    nou evite yon depans de 80.000 dola
  • 15:48 - 15:50
    nan bidjé ke nou kreye pou n konbat krim.
  • 15:50 - 15:52
    Menm si ou pa dakò pou n ta aji akoz de yon rezon moral,
  • 15:53 - 15:56
    li fè sans nan domèn ekonomik.
  • 15:59 - 16:03
    Mwen vle pale w de yon mòso nan dènye konvèsasyon ke mwen te fè ak Will.
  • 16:03 - 16:07
    Se te jou yo te pral egzekite l la.
  • 16:07 - 16:11
    Nou t ap pale,
  • 16:11 - 16:12
    pa t gen anyen ankó pou nou te fè
  • 16:12 - 16:14
    pou n te sove ka l la.
  • 16:14 - 16:16
    Nou t ap pale de vi l. Premyéman li te pale de papa l,
  • 16:16 - 16:19
    ke l pa t menm byen konnen,
  • 16:19 - 16:20
    ki te mouri.
  • 16:20 - 16:22
    Nou t ap pale de manman l,
  • 16:22 - 16:24
    ke l te konnen,
  • 16:24 - 16:26
    ki toujou vivan.
  • 16:26 - 16:29
    Mwen te di li:
  • 16:29 - 16:31
    mwen konnen istwa l la.
  • 16:31 - 16:33
    Mwen te li achiv yo;
  • 16:33 - 16:36
    mwen konnen ke l te eseye touye w.
  • 16:36 - 16:38
    Men, mwen toujou ap poze tèt mwen yon kesyon:
  • 16:38 - 16:40
    mwen mande èske w sonje tout bon vre.
  • 16:40 - 16:42
    Paske mwen menm, mwen pa sonje anyen
  • 16:42 - 16:44
    de lè m te gen 5 an.
  • 16:44 - 16:47
    Petèt ou ka sonje sa yon moun te di w.
  • 16:47 - 16:49
    Li te gade m, epi li te kage devan,
  • 16:49 - 16:53
    li te rele m «Pwofesè» malgre ke l te gen 12 an depi ke l te konnen m,
  • 16:53 - 16:56
    Li te deklare: «Pwofesè, mwen p ap di sa m pral di la a pou m derespekte w,
  • 16:56 - 16:58
    men lè manman w pran yon kouto
  • 16:58 - 17:01
    ki parèt pi gwo pase w,
  • 17:01 - 17:05
    epi l kouri dèyè w nan tout kay la, epi l ap deklare ke li pra l touye w.
  • 17:05 - 17:07
    Ou oblije al kache nan twalèt la,
  • 17:07 - 17:09
    apiye sou pót la,
  • 17:09 - 17:11
    rele amwey pou jis kaske polisye yo vini.»
  • 17:11 - 17:14
    Li te gade m epi l te di:
  • 17:14 - 17:18
    «Sa se yon bagay ke w pap janm bliye.»
  • 17:18 - 17:20
    Mwen swete ke gen yon bagay ke nou tout p ap bliyé
  • 17:20 - 17:23
    ant lè ke nou rive la ek lè ke nou pral kanpe, pou na l manje dejene,
  • 17:23 - 17:27
    pra l gen 4 asasinasyon atravè Ozetazini.
  • 17:27 - 17:28
    Nou pra l konsakre anpil resous sosyal
  • 17:28 - 17:32
    pou n pini moun ki fè krim sa yo.
  • 17:32 - 17:34
    Pinisyon nou yo konvenab
  • 17:34 - 17:37
    paske nou dwe pini moun ki fè sa k pa sa.
  • 17:37 - 17:40
    Men gen 3 nan krim sa yo, nou te ka epanye.
  • 17:40 - 17:43
    Si nou pa gade pi byen
  • 17:43 - 17:48
    pou nou konsantre sou chapit ki o kòmansman yo,
  • 17:48 - 17:51
    nou p ap janm ka ekri premye fraz
  • 17:51 - 17:53
    ki kòmanse wout pèn lanmó a.
  • 17:53 - 17:55
    Mèsi!
  • 17:55 - 17:56
    (Aplodisman...)
Title:
Lessons from death row inmates
Speaker:
David R. Dow
Description:

What happens before a murder? In looking for ways to reduce death penalty cases, David R. Dow realized that a surprising number of death row inmates had similar biographies. In this talk he proposes a bold plan, one that prevents murders in the first place. (Filmed at TEDxAustin.)

more » « less
Video Language:
English
Team:
closed TED
Project:
TEDTalks
Duration:
18:16

Creole, Haitian subtitles

Revisions