Lessons from death row inmates
-
0:02 - 0:03De semèn de sa a,
-
0:03 - 0:06m te chita bò tab ki nan sal a manje
-
0:06 - 0:09lakay mwen, avèk madanm mwen Katya,
-
0:09 - 0:13epi, nou t ap pale de sa m pral diskite jodi a.
-
0:13 - 0:18Nou gen yon pitit gason ki gen 11 an, ki rele Lincoln (Lenkenn). Li te chita bò menm tab la,
-
0:18 - 0:21li t ap fè devwa matematik li.
-
0:21 - 0:23Epi, pandan yon pòz nan konvèsasyon m nan
-
0:24 - 0:26avèk Katya, m te gade Lincoln
-
0:26 - 0:28epi, m te toudenkou sezi
-
0:30 - 0:34lè lide m te vin tonbe sou youn nan kliyan m yo.
-
0:34 - 0:37Kliyan m nan, se te yon nèg ki te rele Will (Wil),
-
0:37 - 0:38ki te soti nan nò Texas (Tèkzas).
-
0:38 - 0:44Li pa t janm fin konnen papa l trè byen, paske papa l te kite l
-
0:44 - 0:47poukò l ak manman l, lè l te nan vant.
-
0:47 - 0:52Alò, akoz de sa, misye te arive vin grandi ak yon manman ki san mari.
-
0:52 - 0:53Sikonstans sa a, li pa t ap petèt yon pwoblèm
-
0:53 - 0:55si manman sa a
-
0:55 - 0:59pa t yon moun ki gen yon pwoblèm mantal ke yo rele eskitsofreni,
-
0:59 - 1:03epi lè Wil te gen 5 an, manmzèl te eseye touye l avèk yon gwo kouto file.
-
1:03 - 1:05Ofisye leta te pran l
-
1:05 - 1:09epi yo te mete l nan yon lopital ki fèt pou moun ki gen pwoblèm mantal,
-
1:09 - 1:13akoz de sa a, pandan plizyè ane aprè, Will t ap viv avèk yon gran frè l
-
1:13 - 1:16avan ke frè sa a te touye tèt li, lè li te pèse pwòp kè l avèk yon bal ki sot nan zam.
-
1:16 - 1:19Epi apre sa a
-
1:19 - 1:22Will te fè va e vyen kay moun fanmi l yo,
-
1:22 - 1:27jiskaske lè l te vin gen 9 an, li te prèske ap viv poukò l.
-
1:27 - 1:32Maten sa a, pandan ke m te chita prè Katya ak Lincoln, m te gade pitit gason m nan,
-
1:32 - 1:36epi, m te reyalize ke: lè Will, kliyan m nan,
-
1:36 - 1:38te gen menm laj avè l,
-
1:38 - 1:42li te gentan ap viv poukò l pandan de zan.
-
1:42 - 1:45Will te arive rantre nan yon gang
-
1:45 - 1:46epi li te arive komèt
-
1:46 - 1:49plizyè krim ki trè serye,
-
1:49 - 1:52pami lekèl ki te krim ki pi grav la,
-
1:52 - 1:54yon asasinasyon ki te tèrib e tris.
-
1:54 - 2:00Epi, lajistis te finalman egzekite Will
-
2:00 - 2:01kòm pinisyon pou krim sa a.
-
2:01 - 2:04Men, jodi a, m pa vle
-
2:04 - 2:06pale sou moralite
-
2:06 - 2:10bagay ki rele pèn lanmò a. Sètènman, m panse ke lajistis
-
2:10 - 2:15pa t dwe egzekite kliyan m nan, men sa m vle fè jodi a pito,
-
2:15 - 2:18se pale de bagay ki rele pèn lanmò a
-
2:18 - 2:21nan yon fason ke m pa t janm fè sa deja,
-
2:21 - 2:22nan yon fason
-
2:22 - 2:25ki pa p fè okenn moun fache.
-
2:25 - 2:28Mwen panse ke sa posib,
-
2:28 - 2:30paske gen yon kwen
-
2:30 - 2:32nan deba ki konn fèt sou bagay pèn lanmò a,
-
2:32 - 2:34petèt se kwen sa a ki pi enpòtan,
-
2:34 - 2:37kote ke tout moun dakò,
-
2:37 - 2:41kote moun ki plis sipòte koze pèn lanmò a
-
2:41 - 2:45ak moun ki vrèman kont sa,
-
2:45 - 2:48byen dakò.
-
2:48 - 2:52Se kwen sa a ke m vle analize.
-
2:52 - 2:56Men, avan ke m fè sa a, mwen vle pran kèlke minit pou m eksplike w kijan dosye jiridik
-
2:56 - 2:58pèn lanmò yo dewoule,
-
2:58 - 3:03epi mwen vle pale w de 2 leson ke m te aprann pandan 20 an ki sot pase yo
-
3:03 - 3:06kòm yon avoka ki konn defann moun ke lajistis kondane a mò,
-
3:06 - 3:10lè m te gade plis ke 100 dosye dewoule nan fason ke m pra l eksplike la a.
-
3:10 - 3:14Ou ka panse de yon ka pèn lanmò tankou yon istwa
-
3:14 - 3:16ki gen 4 chapit.
-
3:16 - 3:20Premye chapit chak dosye yo menm jan,
-
3:20 - 3:22epi sa tris.
-
3:22 - 3:23Chapit sa a kòmanse lè yon moun
-
3:23 - 3:26touye yon lòt ki inosan,
-
3:26 - 3:27epi apre sa a, yon pwosè tribinal komanse
-
3:27 - 3:30kote lajistis kondane epi voye moun ki touye lòt la, al tan lè l pou yo egzekite l.
-
3:30 - 3:32Finalman, pèn lanmò ke yo bay kriminèl sa a arive
-
3:32 - 3:34jwenn konfimasyon kay yon Kou Dapèl nan leta kote pwosè ya te komanse.
-
3:34 - 3:39Dezyèm chapit la gen yon etap legal ki konplike ke yo rele
-
3:39 - 3:41«apèl habeas corpus leta».
-
3:41 - 3:45Twazyèm chapit lan se yon etap legal ki pi konplike ke yo rele
-
3:45 - 3:47«etap habeas corpus federal».
-
3:47 - 3:49Epi, katriyèm chapit lan
-
3:49 - 3:53se youn kote ke yon pakèt bagay ka pase. Avoka yo ka petèt ranpli yon fòmilè pou yo mande padon pou kilyan yo,
-
3:53 - 3:56yo ka komanse yon lòt etap ankò ki pi konplike,
-
3:56 - 3:58oubyen, yo gen dwa pa fè anyen ankò.
-
3:58 - 4:00Men, katriyèm chapit sa a toujou pran fen
-
4:00 - 4:02lè yo egzekite moun sa a ki te touye lòt moun ki inosan an.
-
4:02 - 4:0720 an de sa a, lè m te kòmanse defann prizonye ke yo mete nan koulwa lanmò
-
4:07 - 4:11prizonye sa yo pat gen dwa jwenn èd avoka pandan dezyèm
-
4:11 - 4:14oubyen katriyèm chapit nan istwa ki antoure ka tribinal yo a.
-
4:14 - 4:15Yo te poukont yo.
-
4:15 - 4:19Anfèt, se pandan fen ane 1980 yo ke yo te arive jwenn
-
4:19 - 4:21dwa ki te pemèt yo jwenn yon avoka ki pou defann yo pandan twazyèm chapit
-
4:21 - 4:23istwa tribinal yo.
-
4:23 - 4:25Akoz de sa a, sa ke prizonye nan koulwa lanmò yo te arive fè
-
4:25 - 4:28sè ke yo te arive al konte sou avoka ki konn travay gratis, ke yo rele «avoka pro bono»,
-
4:28 - 4:31pou yo te regle zafè tribinal yo.
-
4:31 - 4:34Pwoblèm ki te vinn genyen, te vinn gen pi plis prizonye nan koulwa lanmò ki te bezwen èd
-
4:34 - 4:39ke avoka ki te gen enterè avèk konpetans espesyal pou yo travay sou ka tribinal yo.
-
4:39 - 4:41Akoz de sa a,
-
4:41 - 4:44avoka yo te kouri al pran ka ki te gentan nan katriyèm chapit yo.
-
4:44 - 4:48Sètènman, sa fè sans paske ka sa yo, se yo ki te pi ijan.
-
4:48 - 4:50Se prizonye ki te nan etap sa a ki te pi pre egzekisyon yo.
-
4:50 - 4:55Gen kèk nan avoka sa yo ki te reyisi; yo te arive rekòmanse ka kliyan yo.
-
4:55 - 4:58Kèk lòt pami yo te arive pwolonje vi kliyan yo. Kèk fwa
-
4:58 - 5:00yo te pèmèt yo viv plizyè ane oubyen plizyè mwa an plis.
-
5:00 - 5:03Men yon bagay ki pa t fèt,
-
5:03 - 5:07kantite moun ke yo te konn egzekite chak ane nan eta Texas la pat janm vrèman diminye;
-
5:07 - 5:10epi lè kantite sa a te diminye, li pa t dire lontan.
-
5:10 - 5:14Okontrè, si w gade graf sa a, w ap konstate ke depi lè Texas te amelyore
-
5:14 - 5:17prosesis ke l konn itilize pou l egzekite prizonye l yo, pandan mitan a fen ane 1990 yo,
-
5:17 - 5:21gen sèlman kèk grenn ane pandanke valè moun ke yo te egzekite yo desann
-
5:21 - 5:23pi ba ke 20.
-
5:23 - 5:25Dabitid, chak ane nan eta Texas la
-
5:25 - 5:27nou egzekite a pe prè
-
5:27 - 5:292 moun chak mwa.
-
5:29 - 5:34Gen kèk ane nou egzekite anviwon 40 moun, epi nimewo sa a
-
5:34 - 5:38pa janm diminye anpil padan 15 ane ki sot pase yo.
-
5:38 - 5:42Men, pandan ke n kontinye ap egzekite
-
5:42 - 5:44menm kantite moun chak ane,
-
5:44 - 5:47valè moun ke n ap kondane a mò
-
5:47 - 5:48chak ane
-
5:48 - 5:50arive vinn desann anpil.
-
5:50 - 5:52Akoz de sa a, nou vinn trouve yon paradòks.
-
5:52 - 5:56Pandan kantite moun ke n egzekite chak ane rete wo
-
5:56 - 6:01valè moun ke n kondane a mò ap desann.
-
6:01 - 6:02Poukisa sa rive?
-
6:02 - 6:05Sa pa t fèt paske kantite moun ke yo asasine chak ane desann.
-
6:05 - 6:07Paske pousantaj moun ke yo touye pa bese
-
6:07 - 6:11anpil tankòm liy rouj nan graf sa a desann.
-
6:11 - 6:14Sa k vinn rive pito
-
6:14 - 6:18moun ki fè pati jiri tribinal yo kòmanse voye plis moun nan prizon
-
6:18 - 6:21pou rès vi yo, san yo pa ba yo posibilite pou yo soti,
-
6:21 - 6:24olye ke yo voye yo al nan chanm egzekisyon.
-
6:24 - 6:27Poukisa sa vin rive?
-
6:27 - 6:31Li pa rive fèt paske koze pèn lanmò a ap pèdi sipò popilè l.
-
6:31 - 6:35Moun ki kont bagay pèn lanmò a kontan anpil paske
-
6:35 - 6:39kantite moun ki sipòte sa a nan eta Texas la vin rive nan yon nivo ki se nivo ki pi ba a travè listwa eta a.
-
6:39 - 6:41Ou konn sa nivo ba sa ye?
-
6:41 - 6:44Li yon ti jan pi plis ke 60 pousan konsa.
-
6:44 - 6:48Nivo sa a pi bon ke nivo ki te egziste pandan ane 1980 yo, lè sa
-
6:48 - 6:49te pi plis ke 80 pousan.
-
6:49 - 6:54Menm si sa, nou pa ka di se paske koze pèn lanmò a te pèdi sipò popilè l ki fè ke
-
6:54 - 6:58kantite fwa yo kondane moun a mò vin bese, avèk preferans moun vin genyen pou kondanasyon pèmanant nan prizon ogmante.
-
6:58 - 7:00Plen moun jodi a ki toujou sipòte koze pèn lanmò a.
-
7:00 - 7:03Kisa ki koze fenomèn sa a?
-
7:03 - 7:05Sa k rive
-
7:05 - 7:06sè ke avoka
-
7:06 - 7:09ki konn defann prizonye ki nan koulwa lanmò yo te kòmanse konsantre
-
7:09 - 7:14sou chapit ki o kòmansman istwa bagay pèn lanmò a.
-
7:14 - 7:17Alò, 25 an de sa, yo te konsantre sou chapit 4.
-
7:17 - 7:21Epi, 25 an de sa, yo retire fokis yo sou chapit 4 pou yo al nan chapit 3
-
7:21 - 7:23pandan fen ane 1980 yo.
-
7:23 - 7:26Epi, yo te chanje fokis yo sou chapit 3 en 1980 pou yo vire l sou chapit 2
-
7:26 - 7:29pandan ane ki nan mitan syèk 1990 yo. Epi, apati de mitan a fen ane 1990 yo,
-
7:29 - 7:33yo te kòmanse fokis sou chapit 1 de istwa a.
-
7:33 - 7:37Ou ka panse dèske kantite de moun ke yo kondane a mò, epi ogmantasyon nan
-
7:37 - 7:39nimewo pèn a vi yo, se yon bagay ki bon ou mal.
-
7:39 - 7:42Mwen pa vle pale de sa jodi a.
-
7:42 - 7:45Sa ke m vle di w sèlman sè ke rezon ki fèt ke sa rive
-
7:45 - 7:48sè ke avoka prizonye kòz pèn lanmò sa yo, yo arive konprann
-
7:48 - 7:51ke pi bonè ke w entèvni nan yon ka,
-
7:51 - 7:55pi bon chans ke w genyen pou w sove vi kliyan w lan.
-
7:55 - 7:57Se premye bagay ke m te arive aprann.
-
7:57 - 7:59Men dezyèm bagay ke m te aprann:
-
7:59 - 8:00Kliyanm nan ki rele Will la
-
8:00 - 8:04se pa yon ka eksepsyonèl ke ka li a te ye;
-
8:04 - 8:07pito, ka li a te trè nòmal.
-
8:07 - 8:10Gen dè fwa, mwen di ke si w di m non yon prizonye ki te nan koulwa lanmò
-
8:10 - 8:13mwen pa bezwen konn nan ki eta ke l ye, sa pa fè okenn diferans si m te rankontre l deja
-
8:13 - 8:16Mwen ka ekri istwa vil pou ou.
-
8:16 - 8:19Epi, 8 nan 10 fwa sa yo,
-
8:19 - 8:21detay ke m te ka bay sou istwa vi l,
-
8:21 - 8:23yo a p jeneralman vrè.
-
8:23 - 8:27Epi, rezon ki fè sa a, sè ke 80 pousan moun ke yo plase nan koulwa lanmò
-
8:27 - 8:31se moun ki te soti nan menm tip de fanmiy disfonksyonèl ke Will te soti ladan l lan.
-
8:31 - 8:3380 pou san de moun ki nan koulwa lanmò
-
8:33 - 8:35se moun ki te nan prizon
-
8:35 - 8:38ke yo fè pou jèn ki gen mwen ke 18 an.
-
8:38 - 8:40Se dezwèm leson sa a
-
8:40 - 8:42ke m te arive aprann
-
8:42 - 8:45Kounya, nou trouve tèt nou prè kònè kote ke
-
8:45 - 8:48tout moun pral dakò.
-
8:48 - 8:51Kèk moun isi a gen dwa pa dakò
-
8:51 - 8:53avèk desizyon ke leta te pran pou l egzekite Will,
-
8:53 - 8:55men mwen panse ke tout moun ta dakò
-
8:55 - 8:59ke vèsyon istwa Will la ki ta pi bon an
-
8:59 - 9:00se ta yon istwa
-
9:00 - 9:05nan lekèl yon asasinasyon pa t ap janm rive.
-
9:05 - 9:07Kijan ke n ka fè sa rive?
-
9:07 - 9:11Lè pitit nou an, Lincoln, t ap travay sou pwoblèm matematik sa a
-
9:11 - 9:142 semèn de sa a, se te yon pwoblèm ki te jeyan epi efreyan
-
9:14 - 9:17Epi li t ap aprann kòman ke lè w gen yon gwo problèm
-
9:17 - 9:21Gen dè fwa, solisyon an se separe gwo problèm sa a an pati ki pi piti;
-
9:21 - 9:25Se sa ke n fè pou majorite gwo pwoblèm --nan matematik epi fizik, menm nan domèn politik sosyal --
-
9:25 - 9:29nou separe yo epi nou fè yo vin tounen pwoblèm ke moun ka pi byen jere.
-
9:29 - 9:30Men, gen kèt fwa konsa,
-
9:30 - 9:32tankòm Dwight Eisenhower te di,
-
9:32 - 9:34«Fason ke moun dwe rezoud yon pwoblèm,
-
9:34 - 9:36se fè sa a vin pi gwo.»
-
9:36 - 9:40Fason ke n ka rezoud pwoblèm sa a
-
9:40 - 9:44se si n ta bay zafè pèn lanmò sa a plis enpòtans.
-
9:44 - 9:46Fòk nou deklare ke:
-
9:46 - 9:48oke, nou gen 4 chapit
-
9:48 - 9:51nan istwa pèn lanmò a,
-
9:51 - 9:53men, sa k rive avan
-
9:53 - 9:55istwa sa kòmanse?
-
9:55 - 10:00Kijan èske n ka entèvni nan vi yon asasen
-
10:00 - 10:03avan ke l devni yon asasen?
-
10:03 - 10:05Ki chwa ke n genyen
-
10:05 - 10:06ki ka pèmèt nou jantiyman retire moun sa a
-
10:06 - 10:08sou chemen
-
10:08 - 10:12ki pral bay yon rezilta ke tout moun --
-
10:12 - 10:15sipòtè pèn lanmò yo, ak moun ki kont sa a --
-
10:15 - 10:15toujou panse
-
10:15 - 10:18ki se yon rezilta ki mal:
-
10:18 - 10:20asasinasyon yon èt imen ki inosan?
-
10:22 - 10:25Ou konnen, gen dè fwa moun di
-
10:25 - 10:26ke kèk bagay
-
10:26 - 10:28pa konplike anpil tankòm syans fize (jeni ayewospasyal).
-
10:28 - 10:32Lè yo di sa a, sa yo vle di, sè ke syans fize a se yon bagay ki trè konplike.
-
10:32 - 10:35Men, pwoblèm sa ke n a p diskite la a, li trè senp.
-
10:35 - 10:37Imaj sa a montre w sa syans fize ye;
-
10:37 - 10:38sa se ekspresyon matematik
-
10:38 - 10:42pou fòs ke yon fize bay lè l a p fè mouvman.
-
10:42 - 10:45Bagay ke n a p egzamine jodi a
-
10:45 - 10:47se menm nivo konplikasyon an ke l genyen.
-
10:47 - 10:50Sa ke n a p analize la a jodia, se
-
10:50 - 10:52syans fize ke l ye tou.
-
10:52 - 10:54Kliyanm nan ki rele Will la
-
10:54 - 10:57ak 80 pou san moun ki nan koulwa lanmò
-
10:57 - 11:00te gen 5 chapit nan vi yo
-
11:00 - 11:02ki te vini avan
-
11:02 - 11:044 chapit istwa pèn lanmò a.
-
11:04 - 11:08Mwen panse a 5 chapit sa yo tankòm pwen entèvansyon;
-
11:08 - 11:11pati nan vi yo kote ke sosyete nou an
-
11:11 - 11:16te ka entèveni nan vi yo pou l te ka retire yo sou chemen ke yo te ye ya;
-
11:16 - 11:20Ki te kreye yon kosekans ke nou tout, ni moun ki sipòte pèn lanmò ni moun ki kont li,
-
11:20 - 11:22di ki pa yon bon rezilta.
-
11:22 - 11:24Pandan chak nan
-
11:24 - 11:275 chapit sa yo:
-
11:27 - 11:28lè manman l te ansent,
-
11:28 - 11:31pandan ane ke l te pase tankòm yon anfan,
-
11:31 - 11:32lè l te nan lekòl primè,
-
11:32 - 11:35lè l te nan lekòl segondè,
-
11:35 - 11:38epi lè l te nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo,
-
11:38 - 11:41pandan chak nan 5 chapit sa yo, te gen anpil bagay sosyete ya te ka fè.
-
11:41 - 11:44Anfèt, si nou imajine:
-
11:44 - 11:49gen 5 diferan sòt de entèvansyon, fason sosyete a te ka entèveni.
-
11:49 - 11:50Nan chak 5 chapit sa yo
-
11:50 - 11:53nou ka melange yo fason nou vle
-
11:53 - 11:57gen plis ke 3000 strateji
-
11:57 - 12:01ke nou ka anbrase pou nou te ka retire timoun tankou Will
-
12:01 - 12:04sou chemen ke yo ye.
-
12:04 - 12:05Mwen pa kanpe la jodi a
-
12:05 - 12:07pou m di tke mwen posede solisyon an.
-
12:07 - 12:12Men, le fèt ke nou gen anpil bagay pou nou aprann toujou,
-
12:12 - 12:15pa vle di ke nou pa konn anpil lòt bagay deja.
-
12:15 - 12:18Daprè eksperyans lòt eta peyi a,
-
12:18 - 12:22nou konnen ke gen anpil tip de entèvansyon
-
12:22 - 12:26ke nou ka itilizé an Texas epi nan nenpot lòt eta ki pa pitilize yo aktyèlman,
-
12:26 - 12:31pou nou prevante yon konsekans ke nou tout dakò ki pa bon.
-
12:31 - 12:33Ban mwen mansyone kèk ladan yo.
-
12:33 - 12:37Mwen pa p pale jodi a de refòmasyon sistèm lalwa nou an.
-
12:37 - 12:42Sa se yon sijè ke nou ka rezève pou yon sal ki plen avoka ak jij.
-
12:42 - 12:46Mwen pito vle pale de 2 tip entèvansyon
-
12:46 - 12:48ke nou tout ka ede peyi a reyalize.
-
12:48 - 12:51Paske se sòt de entèvansyon k ap vin yon reyalite
-
12:51 - 12:55lè lejislatè yo, avèk moun ki kreye règ politik peyo nou an, debousè enpo yo, ak sitwayen,
-
12:55 - 12:57dakò ke se konsa
-
12:57 - 12:59ke nou ta dwe ap depanse lajan nou.
-
12:59 - 13:02Nou te kapab founi swen
-
13:02 - 13:07pou ti moun ki gen kontraryete ekonomik, ak lòt tip de pwoblèm ankò, ki ap soufri,
-
13:07 - 13:10epi nou te ka fè sa a gratis.
-
13:10 - 13:14Epi ankò, nou te ka retire timoun tankou Will sou chemen ke yo ye a.
-
13:14 - 13:18Gen lòt eta ki fè sa, men, nan Texas, nou pa fè l.
-
13:18 - 13:22Nou te kapab founi lekòl spesyal --ni nan primè, ni nan segondè--
-
13:22 - 13:25epi menm pandan kintègaden jiska senkyèm
-
13:25 - 13:30pwogram ki gen objektif pou yo ede timoun ki gen pwoblèm ekonomik, epi nan lòt fason tou
-
13:30 - 13:31espesyalman pou timoun ki gentan fè pati
-
13:31 - 13:33sistèm jistis tribinal ki rezève pou timoun.
-
13:33 - 13:35Gen kèk grenn eta ki fè sa
-
13:35 - 13:37Texas pa fè l.
-
13:37 - 13:39Gen yon lòt bagay ankò ke nou te kapab fè;
-
13:39 - 13:42franchman, gen anpil lòt bagay ankò ke nou te kapab fè.
-
13:42 - 13:44Gen yon lòt bagay ke nou te kapab fè ke m pra l pale de li.
-
13:44 - 13:47Sa se sè l bagay kontwovèsyal ke m ap di jodi a:
-
13:47 - 13:48nou ka entèvni
-
13:48 - 13:50pi agresiveman
-
13:50 - 13:53nan fwaye fanmiy ki pa fonksyone byen.
-
13:53 - 13:55Nou ka retire timoun yo nan jan de kay sa yo,
-
13:55 - 14:01avan ke manman yo pran couto pou yo menase yo.
-
14:01 - 14:03Si poun n fè sa a,
-
14:03 - 14:05nou ap bezwen yon kote pou nou mete yo.
-
14:05 - 14:08Menm lè nou fe tout jan de bagay sa yo, gen timoun ke sistèm nan an ap arive neglije
-
14:08 - 14:12yo pral arive nan dènye chapit avan istwa asasinasyon yo a kòmanse.
-
14:12 - 14:14Yo pral rantre nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo.
-
14:14 - 14:17Menm si sa ta rive,
-
14:17 - 14:19li t ap toujou pako twò ta.
-
14:19 - 14:22T ap gen tan toujou pou n ta epanye yo.
-
14:22 - 14:23Si nou panse a epanye yo
-
14:23 - 14:26olye ke nou pini yo.
-
14:26 - 14:29Gen 2 profesè nan pati nòdès peyi a, yonn nan Yale, lòt la nan Maryland.
-
14:29 - 14:30Yo mete yon lekòl sou pye
-
14:30 - 14:34ki konekte avèk prizon ki fèt pou timoun yo.
-
14:34 - 14:37Timoun yo nan prizon, men yo a l lekòl
-
14:37 - 14:39de 8 è di maten jiska 4 aprè midi.
-
14:39 - 14:41Se pa t yon plan ki te fasil pou yo te reyalize.
-
14:41 - 14:42Yo te oblije chache profesè
-
14:42 - 14:45ki te vle ansenye anndan prizon.
-
14:45 - 14:49Yo te oblije etabli yon separasyon di, ant moun ki travay nan lekól la avèk moun ki gen otorite nan prizon an.
-
14:49 - 14:52E sa ki te pi difisil la a,
-
14:52 - 14:53yo te oblije envante yon nouvo pwogram skolè.
-
14:53 - 14:58Paske moun pa antre soti nan prizon regilyèman chak semès.
-
14:58 - 15:02Men, yo te kanmèm arive reyalize tout bagay sa yo.
-
15:02 - 15:04Kisa trè tout bagay sa yo genyen ki menm?
-
15:04 - 15:11Sa bagay sa yo genyen en komen, sè ke yo tout koute lajan.
-
15:11 - 15:14Kèk nan moun ki nan sal la gen ase laj pou yo sonje
-
15:14 - 15:17mesye sou ansyen reklam filt lwil ki fèt pou machin yo;
-
15:17 - 15:21li te kon, di,
-
15:21 - 15:24«Ou ka peye m kounya oubyen ou ka peye m pita.»
-
15:24 - 15:26Sa ke n ap fè la,
-
15:26 - 15:29nan sistèm ki pèmèt nou kondane moun a pèn lanmó,
-
15:29 - 15:32sè ke n ap peye pita.
-
15:32 - 15:34Men, yon sèl bagay
-
15:34 - 15:38pou chak 15.000 dola ke nou depanse
-
15:38 - 15:42pou nou entèveni nan vi timoun
-
15:42 - 15:44ki gen pwoblèm ekonomik
-
15:44 - 15:48nou evite yon depans de 80.000 dola
-
15:48 - 15:50nan bidjé ke nou kreye pou n konbat krim.
-
15:50 - 15:52Menm si ou pa dakò pou n ta aji akoz de yon rezon moral,
-
15:53 - 15:56li fè sans nan domèn ekonomik.
-
15:59 - 16:03Mwen vle pale w de yon mòso nan dènye konvèsasyon ke mwen te fè ak Will.
-
16:03 - 16:07Se te jou yo te pral egzekite l la.
-
16:07 - 16:11Nou t ap pale,
-
16:11 - 16:12pa t gen anyen ankó pou nou te fè
-
16:12 - 16:14pou n te sove ka l la.
-
16:14 - 16:16Nou t ap pale de vi l. Premyéman li te pale de papa l,
-
16:16 - 16:19ke l pa t menm byen konnen,
-
16:19 - 16:20ki te mouri.
-
16:20 - 16:22Nou t ap pale de manman l,
-
16:22 - 16:24ke l te konnen,
-
16:24 - 16:26ki toujou vivan.
-
16:26 - 16:29Mwen te di li:
-
16:29 - 16:31mwen konnen istwa l la.
-
16:31 - 16:33Mwen te li achiv yo;
-
16:33 - 16:36mwen konnen ke l te eseye touye w.
-
16:36 - 16:38Men, mwen toujou ap poze tèt mwen yon kesyon:
-
16:38 - 16:40mwen mande èske w sonje tout bon vre.
-
16:40 - 16:42Paske mwen menm, mwen pa sonje anyen
-
16:42 - 16:44de lè m te gen 5 an.
-
16:44 - 16:47Petèt ou ka sonje sa yon moun te di w.
-
16:47 - 16:49Li te gade m, epi li te kage devan,
-
16:49 - 16:53li te rele m «Pwofesè» malgre ke l te gen 12 an depi ke l te konnen m,
-
16:53 - 16:56Li te deklare: «Pwofesè, mwen p ap di sa m pral di la a pou m derespekte w,
-
16:56 - 16:58men lè manman w pran yon kouto
-
16:58 - 17:01ki parèt pi gwo pase w,
-
17:01 - 17:05epi l kouri dèyè w nan tout kay la, epi l ap deklare ke li pra l touye w.
-
17:05 - 17:07Ou oblije al kache nan twalèt la,
-
17:07 - 17:09apiye sou pót la,
-
17:09 - 17:11rele amwey pou jis kaske polisye yo vini.»
-
17:11 - 17:14Li te gade m epi l te di:
-
17:14 - 17:18«Sa se yon bagay ke w pap janm bliye.»
-
17:18 - 17:20Mwen swete ke gen yon bagay ke nou tout p ap bliyé
-
17:20 - 17:23ant lè ke nou rive la ek lè ke nou pral kanpe, pou na l manje dejene,
-
17:23 - 17:27pra l gen 4 asasinasyon atravè Ozetazini.
-
17:27 - 17:28Nou pra l konsakre anpil resous sosyal
-
17:28 - 17:32pou n pini moun ki fè krim sa yo.
-
17:32 - 17:34Pinisyon nou yo konvenab
-
17:34 - 17:37paske nou dwe pini moun ki fè sa k pa sa.
-
17:37 - 17:40Men gen 3 nan krim sa yo, nou te ka epanye.
-
17:40 - 17:43Si nou pa gade pi byen
-
17:43 - 17:48pou nou konsantre sou chapit ki o kòmansman yo,
-
17:48 - 17:51nou p ap janm ka ekri premye fraz
-
17:51 - 17:53ki kòmanse wout pèn lanmó a.
-
17:53 - 17:55Mèsi!
-
17:55 - 17:56(Aplodisman...)
- Title:
- Lessons from death row inmates
- Speaker:
- David R. Dow
- Description:
-
What happens before a murder? In looking for ways to reduce death penalty cases, David R. Dow realized that a surprising number of death row inmates had similar biographies. In this talk he proposes a bold plan, one that prevents murders in the first place. (Filmed at TEDxAustin.)
- Video Language:
- English
- Team:
- closed TED
- Project:
- TEDTalks
- Duration:
- 18:16
Dimitra Papageorgiou approved Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates | ||
Dimitra Papageorgiou edited Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates | ||
Dimitra Papageorgiou edited Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates | ||
W. Faugas accepted Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates | ||
W. Faugas edited Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates | ||
Jane Average edited Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates | ||
Jane Average edited Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates | ||
Jane Average edited Creole, Haitian subtitles for Lessons from death row inmates |