Return to Video

Èlzi Grendèsen (LZ Granderson): Rimè sou objektif de moun ki omoseksyèl yo

  • 0:01 - 0:04
    Lè'm te prèske gen 16 an,
  • 0:04 - 0:07
    m'sonje ke, pandan yon vakans dete, m't'ap vire chèn televisyon lakay mwen
  • 0:07 - 0:10
    pou'm chache yon fim pou'm gade, sou yon chèn ki rele «HBO»...
  • 0:10 - 0:12
    kiyès la ki sonje yon fim ki rele «Jou Konje de Feris Byoulè» (Ferris Bueller's Day Off)?
  • 0:12 - 0:17
    Se yon bèl fim, nès pa? Ebyen, paske'm te wè Matye Bròdrik (Matthew Broderick) sou ekran an,
  • 0:17 - 0:20
    m'te panse, «Oh! Bèl bagay! Fim Feris Byoulè ya. Fò'm gade sa!»
  • 0:20 - 0:24
    Se pa't fim Feris Byoulè ya! Epi tou, eskize'm wi Matye Bròdrik,
  • 0:24 - 0:28
    m'konnen ke'w fè lòt fim ke fim Feris Byoulè ya, men se akoz de li ke'm sonje'w; ou se Feris.
  • 0:28 - 0:34
    Men, se pa't bagay ke Feris konn abitye fè, ke'w t'ap fè nan fim sa ke'm t'ap gade ya; se bagay omoseksyèl ke'w ta'p fè.
  • 0:34 - 0:37
    Fim sa de kiyès m'ap pale la, se yon fim ki rele «Triloji de Kantik Damou» (Torch Song Trilogy).
  • 0:37 - 0:44
    Fim sa, li baze sou yon pyès ki pale de yon «drag queen» ki t'ap chache lanmou.
  • 0:44 - 0:47
    Lanmou ak respè: se de sijè prensipal fim sa.
  • 0:47 - 0:52
    Epi padan'm t'ap gade'l, m'te vin reyalize ke fim nan t'ap pale de mwen.
  • 0:52 - 0:58
    Pa pati ki sou «drag queen» lan; m'pa nan koupe cheve'm pou okenn moun! Men, pati ki adrese sijè de zafè moun ki omoseksyèl yo.
  • 0:58 - 1:03
    Pli presizeman, pati ki pale de kijan moun twouve lanmou ak respè, epi kijan yo twouve plas yo nan le mond.
  • 1:03 - 1:09
    Alò pandan'm t'ap gade fim sa, m'vin rankontre yon sèn ki si tèlman pwisan ke'l te fè'm kriye,
  • 1:09 - 1:12
    epi ki te fè yon enpresyon sou mwen ki te rete avè'm pandan 25 ane ki sot pase yo.
  • 1:12 - 1:17
    Gen yon deklarasyon ke Anòl (Arnold), aktè prensipal fim lan, fè pandan ke'l t'ap goumen
  • 1:17 - 1:23
    ak manman'l, epi ke yo de ya ta'p reflechi sou kiyès Anòl ye, avèk ki stil de vi ke'l t'ap menmen.
  • 1:23 - 1:28
    Anòl di: «Gen sèlman yon lòt bagay ke'w dwe konprann.
  • 1:28 - 1:34
    M'montre tèt mwen kijan pou'm koud, kwit, ranje plonbri, konstwi mèb,
  • 1:34 - 1:37
    m'ka menm felisite tèt mwen lè sa nesesè,
  • 1:37 - 1:41
    tout sa jis pou'm pa mande moun anyen!
  • 1:41 - 1:47
    Pa gen anyen ke'm bezwen nan men okenn moun, eksèp pou lanmou ak respè;
  • 1:47 - 1:51
    alò, nenpòt moun ki pa ka ban'm bagay sa yo, pa gen plas nan vi'm.»
  • 1:51 - 1:59
    M'si tèlman sonje sèn sa, ke'm santi tankòm si'm te gade fim nan yè; lè sa m'te gen 16 an, dlo t'ap koule sot nan je'm, mwen pa't ko janm di pèsòn ke'm te yon òm omoseksyèl,
  • 1:59 - 2:04
    epi, pandan ke'm t'ap gade de moun sa yo: Feris Byoulè ak yon lòt nèg ke'm pa't konnen,
  • 2:04 - 2:09
    ap goumen pou lanmou.
  • 2:09 - 2:13
    Lè'm te resi rive nan yon plas nan vi'm
  • 2:13 - 2:16
    ki te pèmèt ke'm te ka devwale avèk aksepte kiyès m'ye, m'te kontan anpil, pou'm ba'w tout verite ya,
  • 2:16 - 2:21
    m'te yon nonm omoseksyèl ki te trè kontan.
  • 2:21 - 2:25
    M'te vin reyalize ke te gen anpil moun ki pa't kontan tankou'm
  • 2:25 - 2:28
    ...
  • 2:28 - 2:33
    O kontrè, m'te tande ke te gen anpil rayisans ak kòlè,
  • 2:33 - 2:36
    avèk anpil fristrasyon epi anpil moun ki te pè.
  • 2:36 - 2:41
    o sijè de kiyès ke'm ye, e a pwopo de stil de vi omoseksyèl lan ke'm t'ap mennen.
  • 2:41 - 2:45
    Kounye ya, m'ap eseye konprann «stil de vi omoseksyèl» «stil de vi omoseksyèl». Sa sa vle di?
  • 2:45 - 2:49
    Epi, chak kou m'tande moun ap repete mo sa yo: stil de vi, stil de vi, stil de vi.
  • 2:49 - 2:54
    M'te menm tande politisyen ap di ke stil de vi omoseksyèl la, se yon bagay ki menase
  • 2:54 - 2:57
    sivilizasyon nou an --plis menm --ke ekzistans de zafè teworis.
  • 2:57 - 3:00
    Kou'm te tande sa, se lè sa m'te vin pè.
  • 3:00 - 3:07
    Paske m'ap panse: si'm omoseksyèl, epi si m'ap fè yon bagay k'ap detwi sivilizasyon,
  • 3:07 - 3:12
    m'bezwen konnen kisa bagay sa ye, pou'm sispann fè'l kounye ya!
  • 3:12 - 3:14
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 3:14 - 3:19
    Alò, m'te gade vi'm, nan yon fason ki trè pwofond,
  • 3:19 - 3:23
    epi'm te finalman arive wè kèlke bagay ki te trè boulvèsan.
  • 3:23 - 3:27
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 3:27 - 3:31
    Alò, m'vle kòmanse pataje avè'w tout bagay sa yo ki mal, ke'm konn abitye fè.
  • 3:31 - 3:33
    M'ap kòmanse ak sa'm konn fè chak maten.
  • 3:33 - 3:36
    Lè'm leve m'bwè kafe.
  • 3:36 - 3:42
    Pa sèlman sa, m'konn anpil lòt moun omoseksyèl ki bwè kafe tou.
  • 3:42 - 3:46
    M'konn ret kole nan anboutyaj
  • 3:46 - 3:49
    dè fwa, yon anbouteyaj ki move, move.
  • 3:49 - 3:52
    Pafwa, m'konn ret kole nan liy nan ayeropò.
  • 3:52 - 3:56
    Lè konsa, m'konn gade ozalantou, epi m'konn di, «Bondye! Gade tout moun omoseksyèl sa yo! Kèt!
  • 3:56 - 4:00
    Nou tout bloke nan liy long sa yo, ap eseye monte yon avyon!
  • 4:00 - 4:06
    Bondye'm nan, stil de vi sa ke m'ap menmen la, se vrèman yon bagay ki dyabolik!
  • 4:06 - 4:14
    M'konn fè netwayaj. Foto ki so ekran an kounye a, se pa reyèlman foto de chanm ti gason'm nan; pa'l la pi mal!
  • 4:14 - 4:19
    Epi, paske'm gen yon pitit ki gen 15 an, tout jounnen se kwit m'ap kwit.
  • 4:19 - 4:24
    Kiyès nan paran ki la, ki gen timoun ki aje de 13 a 19 an? Chak kou se manje poun nan fè pou moun sa yo
  • 4:24 - 4:29
    chak swa, yo manje nenpòt de, twa, kat fwa -- sa li ridikil!
  • 4:29 - 4:31
    Sa se stil de vi omoseksyèl la wi!
  • 4:31 - 4:38
    Epi, aprè m'fin fè manje, m'fin netwaye, kanpe nan liy, ak rete kole nan anbouteyaj,
  • 4:38 - 4:42
    patnè'm nan avèk mwen, nou reyini
  • 4:42 - 4:48
    epi nou deside ke nou pral byen pran plèzi nou.
  • 4:48 - 4:52
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 4:52 - 4:55
    Souvan, n'al dòmi anvan emisyon ke yo rele «Idòl Ameriken» (American Idol) fini.
  • 4:55 - 4:59
    Se lè'n leve ke nou konn al tcheke pou'n wè rezilta emisyon sa
  • 4:59 - 5:04
    paske nou konn twò fatige pou'n fin gade emisyon sa!
  • 5:04 - 5:09
    Se sa wi ki stil de vi omoseksyèl la, ke moun konn di ki dyabolik la!
  • 5:09 - 5:13
    Ou menm ki la, kouri pou'w ka sove vi eteroseksyèl ou!
  • 5:13 - 5:21
    (Moun ki nan odyans lan ap ri epi y'ap aplodi)
  • 5:21 - 5:26
    Lè patnè'm nan, Étyèn (Steve), avèk mwen te fèk kòmanse relasyonn nan,
  • 5:26 - 5:29
    li te rakonte'm yon istwa sou pengwen.
  • 5:29 - 5:33
    Lè'l te fenk kòmanse rakonte istwa sa, m'pa't konn sa'l ta'p di ya.
  • 5:33 - 5:37
    Li te yon tijan pè, lè'l ta'p pataje istwa sa avè'm, men li te di'm ke
  • 5:37 - 5:41
    lè yon pengwen jwenn yon konpanyon avèk lekèl ke'l vle pase tout rès vi'l,
  • 5:41 - 5:45
    li ba'l yon ti wòch --yon wòch ki san defo.
  • 5:45 - 5:51
    Apre'l fin rakonte'm istwa sa, Étyèn mete men'l nan pòch li, epi'l montre'm sa.
  • 5:51 - 5:55
    Aprè ke'm te gade'l, m'te twouve ke sa te trè bèl.
  • 5:55 - 6:00
    Epi'l te di'm: «M'vle pase tout rès vi'm avè'w.»
  • 6:00 - 6:05
    Akoz de sa, m'mete kolye sa nenpòt lè ke'm gen pou'm fè yon bagay ki fè'm yon tijan enkyete,
  • 6:05 - 6:09
    tankòm, pa egzanp, lekti de «TED» sa.
  • 6:09 - 6:13
    Mwen mete sa, lè'm pa kote'l pou yon peryòd tan ki long.
  • 6:13 - 6:16
    E pafwa, mwen mete'l paske'm jis renmen mete'l.
  • 6:16 - 6:21
    Konbyen moun ki la, ki damou yon lòt moun?
  • 6:21 - 6:25
    Si'w damou, petèt ou menm tou, ou se yon omoseksyèl.
  • 6:25 - 6:26
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 6:26 - 6:32
    Paske mwen menm tou, m'damou. Aparamman, sa fè pati de stil de vi omoseksyèl la, ke'm te avèti'w de li ya.
  • 6:32 - 6:39
    (Moun ki nan odyans lan ap ri epi y'ap aplodi)
  • 6:39 - 6:44
    Petèt, ou ka vle di mari'w oubyen madanm ou sa. Si'l damou tou, moun sa, se petèt omoseksyèl ke'l ye tou.
  • 6:44 - 6:48
    Konbyen moun ki la ki selibatè?
  • 6:48 - 6:53
    Ou menm tou, petèt se yon omoseksyèl ke'w ye! Paske, m'konn kèk moun omoseksyèl tou ki selibatè.
  • 6:53 - 7:00
    Sa vrèman efreyan, stil de vi omoseksyèl sa, son'w bagay ki trè, trè, trè, dyabolik! Epi tou, li pa gen limit.
  • 7:00 - 7:03
    Li mache'l, mache, jiskas ke'l anvayi tout bagay.
  • 7:03 - 7:06
    Ide sa, li pa fè okenn sans, nès pa?
  • 7:06 - 7:12
    Se pou rezon sa ke'm te trè kontan lè'm te tande ke Prezidan Obama te deklare
  • 7:12 - 7:14
    (Moun ki nan odyans lan ap aplodi)
  • 7:14 - 7:16
    ke'l sipòte:
  • 7:16 - 7:19
    (Moun ki nan odyans lan ap aplodi)
  • 7:19 - 7:23
    ke'l sipòte egalite de maryaj.
  • 7:23 - 7:27
    Se yon bèl jou nan istwa peyi nou; se yon jou mèveyez nan istwa mond lan tou
  • 7:27 - 7:32
    dèske gen yon prezidan k'ap gouvène aktyèlman, ki di: ase de deskriminasyon estipid sa kont moun ki omoseksyèl yo
  • 7:32 - 7:36
    li di sa premyeman a tèt li, epi dezyèmman a tout rès moun nan le mond antye.
  • 7:36 - 7:38
    Se yon trè bèl bagay sa ye.
  • 7:38 - 7:41
    Men gen yon bagay ki kontinye ap deranje'm depi lè'l
  • 7:41 - 7:45
    te fè deklarasyon sa, padan jou ki fenk sot pase yo.
  • 7:45 - 7:52
    Aparamman, gen moun ki panse ke sa se yon lòt inisyativ ke militan omoseksyèl yo ap pouswiv
  • 7:52 - 7:55
    ki fè pati de kaye ki kontyen objektif de moun ki omoseksyèl yo.
  • 7:55 - 8:01
    Epi, sa vrèman boulvèse'm paske sa fè lontan ke'm te anonse ke'm se yon moun omoseksyèl.
  • 8:01 - 8:05
    Menm si'm kon al nan tout seremoni ofisyèl yo, avèk reyinyon kote yo rasanble lajan yo, menm si'm konn ekri sou sijè
  • 8:05 - 8:09
    de zafè de bagay omoseksyalité sa, m'pako janm jwenn kopi de kaye ki genyen objektif de moun ki omoseksyèl yo.
  • 8:09 - 8:11
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 8:11 - 8:14
    M'toutan bay kotizasyon'm nan a lè,
  • 8:14 - 8:16
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 8:16 - 8:20
    M'konn al mache nan defile de drapo ke moun omoseksyèl yo òganize, epi m'konn kontribiye nan anpil lòt fason ankò
  • 8:20 - 8:24
    epi mwen pako wè kopi de kaye sa deki m'ap pale'w la.
  • 8:24 - 8:29
    Sa deranje'm anpil anpil, epi m'santi ke tout moun inyore'm, tankòm si'm pa't omoseksyèl ase.
  • 8:29 - 8:34
    Men yon jou, yon bagay mèveyez rive'm: kòm dabitid, mwen t'ap fè makèt,
  • 8:34 - 8:42
    epi je'm vin tonbe sou yon kopi ilegal de kaye ofisyèl sa, ki kontyen objektif de moun omoseksyèl yo.
  • 8:42 - 8:48
    Epi'm di tèt mwen, «Èlzi (LZ), sa gen lontan depi y'ap kache kaye sa pou'w pa jwenn li.
  • 8:48 - 8:53
    Lè'w rive devan moun ki la yo, ou pra'l bay nouvèl la.
  • 8:53 - 8:57
    Ou pral montre kaye sa pou tout moun pa nan devine sa'k ladan'l ankò,
  • 8:57 - 9:00
    ki sa egzakteman ki nan kaye sa?
  • 9:00 - 9:04
    Kisa ki objektif moun omoseksyèl sa yo?
  • 9:04 - 9:06
    Sa yo vle konsa?»
  • 9:06 - 9:12
    Alò, san'm pa nan pale pi plis, mwen pra'l montre'w, mesyedam,
  • 9:12 - 9:16
    fè atansyon, paske sa'k ladan'l lan, se bagay dyab --yon kopi
  • 9:16 - 9:21
    kopi ofisyèl la, de kaye de objektif de moun omoseksyèl yo.
  • 9:21 - 9:46
    (Mizik ap jwe)
  • 9:46 - 9:49
    Mesyedam, men sa'k nan kaye de moun ki omoseksyèl yo!
  • 9:49 - 9:53
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap aplodi)
  • 9:53 - 9:55
    Men kaye ya!
  • 9:55 - 9:59
    Èske'w konprann? Se sa ki nan kaye moun omoseksyèl yo wi.
  • 9:59 - 10:02
    Gen kèk moun pami'w ki petèt rele'l, kisa,
  • 10:02 - 10:05
    Konstitisyon Etazini yan, èske se sa'w rele'l tou?
  • 10:05 - 10:11
    Konstitisyon Etazini yan, li fè pati de objektif de moun ki omoseksyèl yo.
  • 10:11 - 10:16
    Moun omoseksyèl yo --moun tankou'm --yo vle ke sosyete ya trete yo tankòm sitwayen konplè
  • 10:16 - 10:19
    epi tout sa ekri pou tout moun ki gen je klè wè
  • 10:19 - 10:25
    Sa te fè'm yon bèl plezi lè'm te wè'l. M'te mande tèt mwen: se sa ki nan kaye ya?
  • 10:25 - 10:29
    Poukisa yo pa't jis di ke'l se Kontistisyon yan, pou'm te ka konprann de kisa yo t'ap pale ya?
  • 10:29 - 10:33
    M'tap pi byen konprann,epi m'pa ta'p fache konsa.
  • 10:33 - 10:38
    Antouka, men li. Kaye ki kontyen objektif de moun omoseksyèl yo.
  • 10:38 - 10:44
    Kouri pou'w sove vi etewoseksyèl ou.
  • 10:44 - 10:50
    Èske'w te konnen ke nan eta ki pa kolore yo
  • 10:50 - 10:53
    ke moun ki omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, ou byen transeksyèl
  • 10:53 - 10:56
    pwopriyetè kay ka mete yo deyò nan apatman yo
  • 10:56 - 11:00
    akoz ke yo se omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, ou transeksyèl?
  • 11:00 - 11:05
    Se sèl rezon sa ke pwopriyetè kay bezwen pou yo mete yo deyò
  • 11:05 - 11:11
    paske moun sa yo pa gen okenn pwoteksyon kont diskriminasyon.
  • 11:11 - 11:16
    Èske'w te konnen ke nan eta ki pa kolore yo
  • 11:16 - 11:22
    ke yo ka revoke'w akoz ke'w se yon omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, oubyen transeksyèl?
  • 11:22 - 11:26
    Yo pa bezwen konnen kalite de travay ke'w konn fè,
  • 11:26 - 11:30
    si'w gen anpil tan nan travay la, ou byen si'w se yon vye travayè,
  • 11:30 - 11:37
    depi yo konnen ke'w omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, ou byen transeksyèl, yo ka revoke'w.
  • 11:37 - 11:42
    Tout sa ka pase, menm si kaye moun omoseksyèl yo egziste,
  • 11:42 - 11:46
    yon kaye sa ke yo osi rele Konstitisyon Etazini yan.
  • 11:46 - 11:49
    Presizeman, pati sa ki la:
  • 11:49 - 11:55
    ki di ke, «Pa gen okenn nan eta yo ki fè pati de peyi ya, ki ka envante oubyen aplike okenn lwa
  • 11:55 - 11:59
    ki ka afebli privilèj oubyen dwa legal de tout sitwayen de peyi Etazini yan.»
  • 11:59 - 12:02
    M'ap pale avè'w wi, eta de Kawolin di Nò (North Carolina).
  • 12:02 - 12:07
    Men, ou menm, ou refize obeyi Konstitisyon peyi ya.
  • 12:07 - 12:12
    Egalite, se sa wi ki objektif de moun omoseksyèl yo. Se pa pou di ke y'ap mande dwa spesyal non,
  • 12:12 - 12:16
    men yo pito vle dwa ki te deja ekri pa moun swivan sa so
  • 12:16 - 12:18
    elit sa yo, si'w vle ba yo non sa.
  • 12:18 - 12:22
    Anpil moun ki enstwi, ki byen abiye,
  • 12:22 - 12:25
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 12:25 - 12:28
    gen moun ki gen dwa pa renmen jan yo abiye ya.
  • 12:28 - 12:31
    (Moun ki fè pati de odyans lan ap ri)
  • 12:31 - 12:34
    Men, yo se zansèt nou kan mèm, nès pa?
  • 12:34 - 12:39
    Se moun ke'n di ki te konn sa yo t'ap fè lè yo te ekri Konstitisyon an
  • 12:39 - 12:42
    kaye de moun omoseksyèl yo, si'w vle rele'l sa.
  • 12:42 - 12:47
    Tout sa kontradi tout sa yo te fè.
  • 12:47 - 12:53
    Sepou rezon sa ke'm te twouve sa enpòtan pou'm te
  • 12:53 - 12:58
    montre'w kopi de kaye de moun ki omoseksyèl yo.
  • 12:58 - 13:03
    Paske, m'panse ke si'm te prezante'w sa nan yon fason ki komik, ou pa te'p santi ke m'ap menase'w.
  • 13:03 - 13:08
    M'panse ke si'm te fè prezantasyon an yon ti jan derespektab, ou pa t'ap pran sa seryezman.
  • 13:08 - 13:13
    Men, lè'w gade kat jewografik peyi yan, ou wè eta nou an, ke yo rele Michigenn (Michigan) lan
  • 13:13 - 13:19
    li legal si'w revoke yon moun
  • 13:19 - 13:23
    paske'l omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, oubyen transeksyèl,
  • 13:23 - 13:27
    li legal tou, si'w mete yon moun deyò lakay yo
  • 13:27 - 13:31
    paske yo se omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, oubyen transeksyèl,
  • 13:31 - 13:35
    lè'w panse de sa, ou wè ke tout diskisyon sa sou zafè de egalite de maryaj lan
  • 13:35 - 13:39
    se pa sou sispann dwa li ye
  • 13:39 - 13:43
    pito, se sou sijè de garanti moun dwa yo, ki te ekri deja.
  • 13:43 - 13:48
    Epi, nou jis ap eseye itilize dwa yo, ki te deja deklare
  • 13:48 - 13:51
    ke nou te deja aksepte.
  • 13:51 - 13:57
    Gen moun k'ap viv, ki pè
  • 13:57 - 14:00
    pèdi travay yo
  • 14:00 - 14:05
    akoz de sa, yo pa montre okenn moun kiyès yo vrèman ye
  • 14:05 - 14:10
    nan eta isit tou. Lekti sa, se pa jis sou Kawolin di Nò ke l'ap pale
  • 14:10 - 14:16
    li vle pale sou lòt eta yo tou, kote aksyon sa yo legal.
  • 14:16 - 14:19
    Si'm ka fè dyolè pou yon moman,
  • 14:19 - 14:25
    m'gen yon ti gason ki gen 15 an ke maryaj mwen yan te fè'm kado.
  • 14:25 - 14:28
    Mwayèn li lekòl, sa pafè.
  • 14:28 - 14:34
    L'ap kòmanse yon asosiyasyon lekòl li ya ki rele «Deba Politik».
  • 14:34 - 14:39
    Li se yon atlèt ki trè fò nan kouri
  • 14:39 - 14:45
    li konn premye prèske nan chak evènman atletik ke'l patisipe ladan'l, nan lekòl li ya.
  • 14:45 - 14:48
    Li travay gratis pou kèk òganizasyon.
  • 14:48 - 14:51
    Li priye avan li manje.
  • 14:51 - 14:57
    M'ta renmen panse, ke kòm papa'l -- se lakay mwen yan li plis rete
  • 14:57 - 15:01
    --ke siksè'l yo, mwen te ede'l akonpli yo tout.
  • 15:01 - 15:04
    M'ta renmen panse ke'l se yon bon ti gason,
  • 15:04 - 15:08
    yon ti moun ki respekte moun.
  • 15:08 - 15:12
    M'ta renmen panse ke mwen pwouve ke'm se yon bon papa.
  • 15:12 - 15:16
    Men, si'm ta'l mande eta Michigenn jodi ya,
  • 15:16 - 15:21
    pou'm adopte yon òfelen
  • 15:21 - 15:24
    yo pa t'ap kite'm fè sa pou yon rezon sèlman:
  • 15:24 - 15:28
    paske'm se omoseksyèl.
  • 15:28 - 15:32
    Sa pa vle di anyen, menm si m'te gentan montre sa'm ka fè avèk kè'm.
  • 15:32 - 15:36
    Se akoz de sa eta Michigenn di ke'm ye
  • 15:36 - 15:42
    ke yo pa t'ap kite'm adopte okenn timoun.
  • 15:42 - 15:46
    Epi, sa m'ap di la, se pa pwoblèm mwen sèlman ke'l ye
  • 15:46 - 15:51
    se pwoblèn anpil moun ki rete Michigenn, moun ki se sitwayen Ameriken,
  • 15:51 - 15:56
    ki pa konprann pou kisa, sa yo ye
  • 15:56 - 16:01
    pi enpòtan ke kiyès yo ye.
  • 16:01 - 16:07
    Bagay sa, li rive anpil, anpil
  • 16:07 - 16:10
    nan istwa peyi nou.
  • 16:10 - 16:14
    Te gen yon tan ke,
  • 16:14 - 16:18
    moun ki te nwa pa't ka gen menm dwa ak moun ki blan.
  • 16:18 - 16:23
    Epi, paske fanm pa't gen menm dwa ak gason, yo pa't ka vote nan eleksyon.
  • 16:23 - 16:28
    Te gen yon tan nan istwa peyin'n nan, ke si'w te paralize fizikman oubyen mantalman, ke yo te ka jis revoke'w,
  • 16:28 - 16:33
    avan egzistans de lwa ki rele «Lwa pou tout Ameriken ki Paralize (Americans with Disabilities Act).
  • 16:33 - 16:36
    Nou kontinye fè menm bagay la ankò e ankò.
  • 16:36 - 16:41
    Alò, ane sa, ane 2012 lan
  • 16:41 - 16:43
    objektif de moun omoseksyèl yo,
  • 16:43 - 16:47
    stil de vi moun omoseksyèl yo, epi ke'm se yon vye papa
  • 16:47 - 16:50
    epi ke moun pa merite pou yo pwoteje fanmiy yo
  • 16:50 - 16:55
    akoz de sa yo ye, pa akoz de kiyès yo ye.
  • 16:55 - 17:02
    Alò, lè'w tande mo swivan sa yo: «stil de vi omoseksyèl» avèk «objektif de moun omoseksyèl yo»,
  • 17:02 - 17:05
    mwen ankouraje'w fè de bagay:
  • 17:05 - 17:11
    Premyeman, sonje Konstitisyon Etazini yan, epi, dezèmman,
  • 17:11 - 17:17
    gade sou bò goch ou, sil vou plè,
  • 17:17 - 17:20
    gade sou bò dwat ou.
  • 17:20 - 17:25
    Moun sa ki bò kote'w la, se frè'w oubyen sè'w ke'l ye.
  • 17:25 - 17:28
    Akoz de sa, fòk ou trete yo ak lanmou e respè.
  • 17:28 - 17:30
    Mèsi.
Title:
Èlzi Grendèsen (LZ Granderson): Rimè sou objektif de moun ki omoseksyèl yo
Speaker:
LZ Granderson
Description:

Nan yon chita pale komik ki kontyen yon mesaj ki vrèman ijan, Èlzi Grendèsen (LZ Granderson) montre ke rimè ki di ke genyen yon «stil de vi omoseksyèl» oubyen ke genyen yon «objektif de moun omoseksyèl yo,» se yon panse fòl ke li ye. (Òganizasyon ki rele TED lan te filme lekti sa nan eta Michigenn (Michigan), nan vil de Gran Rapids.)

more » « less
Video Language:
English
Team:
closed TED
Project:
TEDTalks
Duration:
17:51
Dimitra Papageorgiou approved Creole, Haitian subtitles for The myth of the gay agenda
Nedcar Faugas accepted Creole, Haitian subtitles for The myth of the gay agenda
Nedcar Faugas edited Creole, Haitian subtitles for The myth of the gay agenda
W. Faugas edited Creole, Haitian subtitles for The myth of the gay agenda
W. Faugas edited Creole, Haitian subtitles for The myth of the gay agenda
W. Faugas edited Creole, Haitian subtitles for The myth of the gay agenda
W. Faugas added a translation

Creole, Haitian subtitles

Revisions