Return to Video

Amazòn nan se pou tout limanite -- ann pwoteje l ansanm

  • 0:04 - 0:05
    Tashka Yawanawá (Soufle)
  • 0:05 - 0:06
    (Soufle)
  • 0:07 - 0:08
    (Soufle)
  • 0:08 - 0:09
    (Soufle)
  • 0:12 - 0:18
    (Chante)
  • 0:55 - 0:58
    (Chante a fini)
  • 1:00 - 1:01
    (Soufle)
  • 1:08 - 1:09
    Mwen se Tashka Yawanawá.
  • 1:10 - 1:12
    Mwen isit la avèk madanm mwen.
  • 1:13 - 1:18
    Mwen sòti nan kominote Yawanawá ,
  • 1:18 - 1:20
    ki nan Eta ki rele Acre
  • 1:20 - 1:22
    nan pati Lamazòn ki Brezil la
  • 1:24 - 1:26
    Nou pran kèk jou pou nou rive isit la,
  • 1:27 - 1:29
    mwen fè mizik la
  • 1:29 - 1:33
    pou n ka rekonekte nou ak lespri forè a.
  • 1:33 - 1:35
    Depi yon tan ke n pa menm ka sonje,
  • 1:35 - 1:39
    pèp mwen an ap viv sou teritwa Yawanawá.
  • 1:40 - 1:43
    Nou wè tout kòman
  • 1:45 - 1:47
    lanati ye.
  • 1:47 - 1:52
    Pou nou, lanati se pou tout limanite.
  • 1:53 - 1:55
    Nou menm Yawanawá nou wè
  • 1:56 - 1:59
    lanviwònman ak forè a kom bagay ki vivan.
  • 2:00 - 2:03
    Men tout bagay toujou yon defi.
  • 2:04 - 2:07
    Pi plis kounya, paske mwen panse
    anpil nan nou konnen
  • 2:07 - 2:10
    Amazòn nan ap pran dife.
  • 2:11 - 2:14
    Sa bay tout moun pwoblèm.
  • 2:15 - 2:20
    Amazòn nan kap detwi a pa afekte
    sèlman pèp endijèn nan,
  • 2:20 - 2:22
    paske nou tout konekte.
  • 2:23 - 2:26
    Nenpòt sa nou fè nan kominote'm nan,
    si mwen boule tout bagay,
  • 2:26 - 2:27
    l'ap afekte isit la,
  • 2:27 - 2:30
    lè lanèj tonbe lè epòk fèt Nwèl,
  • 2:30 - 2:31
    Si ou polye isit la,
  • 2:31 - 2:36
    li pral afekte lapli ki pral
    tonbe nan peyi mwen an.
  • 2:37 - 2:42
    Mwen te konn di nou tout fè
    pati vilaj global la.
  • 2:42 - 2:46
    Mwen te konn di Lamazòn nan
    se pou tout limanite,
  • 2:46 - 2:52
    e limanite dwe pwoteje l
    menm jan endijèn yo ap fè l nan lemonn.
  • 2:53 - 2:56
    Pou rezon sa a,
  • 2:56 - 3:02
    jodia se lè pou nou leve, ini nou.
  • 3:02 - 3:04
    Nou menm Yawanawá nou fè sa'n dwe fè.
  • 3:04 - 3:06
    Nou pran swen Manman nou Latè.
  • 3:08 - 3:10
    Kounya, madanm mwen pral pale.
  • 3:12 - 3:16
    Laura Yawanawá: nou isit la avèk kè nou
    kap rache.
  • 3:17 - 3:20
    m ap souri sevre men kè mwen ap rache,
  • 3:20 - 3:24
    paske anpil nan forè nou yo ap detwi.
  • 3:25 - 3:28
    Epi mwen jis vle ban nou yon mesaj.
  • 3:28 - 3:33
    Kriz sa a bay limanite 2 opsyon.
  • 3:34 - 3:41
    youn se pou nou patisipe
    nan destwi ak kraze
  • 3:41 - 3:45
    tout forè nou yo
    ansanm ak lakilti nou.
  • 3:46 - 3:51
    Oubyen, nou kapab fè kriz la
    tounen yon opotinite
  • 3:51 - 3:54
    pou nou ranfòse pèp endijèn yo,
  • 3:54 - 3:56
    pou nou sipòte pèp endijèn yo
  • 3:56 - 4:00
    epi pou nou sove forè a avèk lakilti l yo.
  • 4:00 - 4:02
    Men, kijan nou kapab fè sa?
  • 4:03 - 4:09
    Nou menm Yawanawá yo, nou kreye
    yon plan pou lavi,
  • 4:09 - 4:12
    ki se plan stratejik nou
  • 4:12 - 4:17
    ki di nou sa pou nou fè pou nou
    sekirize teritwa nou an.
  • 4:17 - 4:21
    Nou gen prèske 200,000 ekta forè
    sou kont nou.
  • 4:21 - 4:23
    Men kounya li menase.
  • 4:24 - 4:30
    Ebyen plan lavi sa a montre nou
    koman pou nou pwoteje tè nou an,
  • 4:30 - 4:32
    tout kalite bèt ak plant nou yo,
  • 4:32 - 4:34
    kilti nou, edikasyon nou.
  • 4:35 - 4:38
    Mwen envite nou tout,
  • 4:38 - 4:40
    Mwen envite tout konpayi yo,
  • 4:40 - 4:44
    mwen envite tout gouvènman
    ak sosyete sivil yo,
  • 4:44 - 4:46
    pou yo koute pèp endijèn yo,
  • 4:46 - 4:48
    pou nou retounen nan rasin nou.
  • 4:49 - 4:54
    Nou la depi anpil anpil... syèk.
  • 4:54 - 4:57
    E nou ap eseye lontan fè lemonn konprann
  • 4:57 - 5:00
    nou bezwen pwoteje teritwa nou, lanati a.
  • 5:00 - 5:02
    Men yo pa janm koute nou.
  • 5:02 - 5:03
    Jamè.
  • 5:03 - 5:07
    Mwen rete kwè kriz sa aprann limanite
  • 5:07 - 5:09
    ke kounya yo dwe koute nou
  • 5:09 - 5:12
    epi sipòte pèp endijèn nan dirèkteman,
  • 5:12 - 5:15
    sipòte inisyativ yo dirèkteman.
  • 5:15 - 5:20
    Kidonk, se mesaj sa mwen ap kite pou nou.
  • 5:20 - 5:23
    Pèp endijèn nan gen repons lan,
  • 5:23 - 5:25
    e si nou vle sove Amazòn nan,
  • 5:25 - 5:28
    nou dwe aji kounya.
  • 5:30 - 5:31
    TY: (Soufle)
  • 5:34 - 5:39
    (Aplodisman)
Title:
Amazòn nan se pou tout limanite -- ann pwoteje l ansanm
Speaker:
Tashka and Laura Yawanawá
Description:

Tashka ak Laura Yawanawá ap dirije pèp Yawanawá ki nan eta Acre, Brezil -- yon tribi ki ap jere plis pase 500,000 kawo tè nan forè Amazoni an. Kòm sa te choke lemond antye lè yo wè forè a kap boule, Tashka ak Laura mande nou pou nou fè moman sa vin yon opòtinite pou sipòte pèp endijèn yo ki gen eksperyans, konesans ak bonjan zouti pou pwoteje forè a.

more » « less
Video Language:
English
Team:
closed TED
Project:
TEDTalks
Duration:
05:52

Creole, Haitian subtitles

Revisions