WEBVTT 00:00:01.567 --> 00:00:03.460 De semèn de sa a, 00:00:03.460 --> 00:00:05.567 m te chita bò tab ki nan sal a manje 00:00:05.567 --> 00:00:08.567 lakay mwen, avèk madanm mwen Katya, 00:00:08.567 --> 00:00:13.433 epi, nou t ap pale de sa m pral diskite jodi a. 00:00:13.433 --> 00:00:18.460 Nou gen yon pitit gason ki gen 11 an, ki rele Lincoln (Lenkenn). Li te chita bò menm tab la, 00:00:18.460 --> 00:00:21.153 li t ap fè devwa matematik li. 00:00:21.153 --> 00:00:22.570 Epi, pandan yon pòz nan konvèsasyon m nan 00:00:23.754 --> 00:00:26.267 avèk Katya, m te gade Lincoln 00:00:26.267 --> 00:00:28.133 epi, m te toudenkou sezi 00:00:30.167 --> 00:00:33.633 lè lide m te vin tonbe sou youn nan kliyan m yo. NOTE Paragraph 00:00:33.633 --> 00:00:36.525 Kliyan m nan, se te yon nèg ki te rele Will (Wil), 00:00:36.525 --> 00:00:38.443 ki te soti nan nò Texas (Tèkzas). 00:00:38.443 --> 00:00:43.539 Li pa t janm fin konnen papa l trè byen, paske papa l te kite l 00:00:43.539 --> 00:00:47.233 poukò l ak manman l, lè l te nan vant. 00:00:47.233 --> 00:00:51.600 Alò, akoz de sa, misye te arive vin grandi ak yon manman ki san mari. 00:00:51.600 --> 00:00:53.167 Sikonstans sa a, li pa t ap petèt yon pwoblèm 00:00:53.167 --> 00:00:55.333 si manman sa a 00:00:55.333 --> 00:00:58.654 pa t yon moun ki gen yon pwoblèm mantal ke yo rele eskitsofreni, 00:00:58.654 --> 00:01:03.267 epi lè Wil te gen 5 an, manmzèl te eseye touye l avèk yon gwo kouto file. NOTE Paragraph 00:01:03.267 --> 00:01:05.200 Ofisye leta te pran l 00:01:05.200 --> 00:01:09.335 epi yo te mete l nan yon lopital ki fèt pou moun ki gen pwoblèm mantal, 00:01:09.335 --> 00:01:13.067 akoz de sa a, pandan plizyè ane aprè, Will t ap viv avèk yon gran frè l 00:01:13.067 --> 00:01:15.952 avan ke frè sa a te touye tèt li, lè li te pèse pwòp kè l avèk yon bal ki sot nan zam. 00:01:15.952 --> 00:01:19.033 Epi apre sa a 00:01:19.033 --> 00:01:22.067 Will te fè va e vyen kay moun fanmi l yo, 00:01:22.067 --> 00:01:27.400 jiskaske lè l te vin gen 9 an, li te prèske ap viv poukò l. 00:01:27.400 --> 00:01:31.788 Maten sa a, pandan ke m te chita prè Katya ak Lincoln, m te gade pitit gason m nan, 00:01:31.788 --> 00:01:35.833 epi, m te reyalize ke: lè Will, kliyan m nan, 00:01:35.833 --> 00:01:37.900 te gen menm laj avè l, 00:01:37.900 --> 00:01:41.933 li te gentan ap viv poukò l pandan de zan. 00:01:41.933 --> 00:01:44.513 Will te arive rantre nan yon gang 00:01:44.513 --> 00:01:45.860 epi li te arive komèt 00:01:45.860 --> 00:01:48.800 plizyè krim ki trè serye, 00:01:48.800 --> 00:01:51.633 pami lekèl ki te krim ki pi grav la, 00:01:51.633 --> 00:01:53.929 yon asasinasyon ki te tèrib e tris. 00:01:53.929 --> 00:01:59.500 Epi, lajistis te finalman egzekite Will 00:01:59.500 --> 00:02:01.433 kòm pinisyon pou krim sa a. NOTE Paragraph 00:02:01.433 --> 00:02:04.436 Men, jodi a, m pa vle 00:02:04.436 --> 00:02:06.108 pale sou moralite 00:02:06.108 --> 00:02:10.357 bagay ki rele pèn lanmò a. Sètènman, m panse ke lajistis 00:02:10.357 --> 00:02:15.367 pa t dwe egzekite kliyan m nan, men sa m vle fè jodi a pito, 00:02:15.367 --> 00:02:18.252 se pale de bagay ki rele pèn lanmò a 00:02:18.252 --> 00:02:20.800 nan yon fason ke m pa t janm fè sa deja, 00:02:21.008 --> 00:02:22.100 nan yon fason 00:02:22.100 --> 00:02:24.633 ki pa p fè okenn moun fache. NOTE Paragraph 00:02:24.633 --> 00:02:27.516 Mwen panse ke sa posib, 00:02:27.516 --> 00:02:30.233 paske gen yon kwen 00:02:30.233 --> 00:02:32.114 nan deba ki konn fèt sou bagay pèn lanmò a, 00:02:32.114 --> 00:02:33.900 petèt se kwen sa a ki pi enpòtan, 00:02:33.900 --> 00:02:37.083 kote ke tout moun dakò, 00:02:37.083 --> 00:02:41.033 kote moun ki plis sipòte koze pèn lanmò a 00:02:41.069 --> 00:02:45.047 ak moun ki vrèman kont sa, 00:02:45.047 --> 00:02:47.950 byen dakò. 00:02:47.950 --> 00:02:51.665 Se kwen sa a ke m vle analize. NOTE Paragraph 00:02:51.665 --> 00:02:55.752 Men, avan ke m fè sa a, mwen vle pran kèlke minit pou m eksplike w kijan dosye jiridik 00:02:55.752 --> 00:02:57.767 pèn lanmò yo dewoule, 00:02:57.767 --> 00:03:03.205 epi mwen vle pale w de 2 leson ke m te aprann pandan 20 an ki sot pase yo 00:03:03.205 --> 00:03:05.567 kòm yon avoka ki konn defann moun ke lajistis kondane a mò, 00:03:05.567 --> 00:03:10.467 lè m te gade plis ke 100 dosye dewoule nan fason ke m pra l eksplike la a. NOTE Paragraph 00:03:10.467 --> 00:03:14.300 Ou ka panse de yon ka pèn lanmò tankou yon istwa 00:03:14.300 --> 00:03:16.467 ki gen 4 chapit. 00:03:16.467 --> 00:03:19.733 Premye chapit chak dosye yo menm jan, 00:03:19.733 --> 00:03:21.619 epi sa tris. 00:03:21.619 --> 00:03:22.725 Chapit sa a kòmanse lè yon moun 00:03:22.725 --> 00:03:25.589 touye yon lòt ki inosan, 00:03:25.589 --> 00:03:27.233 epi apre sa a, yon pwosè tribinal komanse 00:03:27.233 --> 00:03:29.633 kote lajistis kondane epi voye moun ki touye lòt la, al tan lè l pou yo egzekite l. 00:03:29.633 --> 00:03:31.534 Finalman, pèn lanmò ke yo bay kriminèl sa a arive 00:03:31.534 --> 00:03:33.667 jwenn konfimasyon kay yon Kou Dapèl nan leta kote pwosè ya te komanse. NOTE Paragraph 00:03:33.667 --> 00:03:38.593 Dezyèm chapit la gen yon etap legal ki konplike ke yo rele 00:03:38.593 --> 00:03:41.286 «apèl habeas corpus leta». 00:03:41.286 --> 00:03:44.767 Twazyèm chapit lan se yon etap legal ki pi konplike ke yo rele 00:03:44.767 --> 00:03:46.933 «etap habeas corpus federal». 00:03:46.933 --> 00:03:48.700 Epi, katriyèm chapit lan 00:03:48.700 --> 00:03:52.850 se youn kote ke yon pakèt bagay ka pase. Avoka yo ka petèt ranpli yon fòmilè pou yo mande padon pou kilyan yo, 00:03:52.850 --> 00:03:55.984 yo ka komanse yon lòt etap ankò ki pi konplike, 00:03:55.984 --> 00:03:58.333 oubyen, yo gen dwa pa fè anyen ankò. 00:03:58.333 --> 00:03:59.967 Men, katriyèm chapit sa a toujou pran fen 00:03:59.967 --> 00:04:02.267 lè yo egzekite moun sa a ki te touye lòt moun ki inosan an. NOTE Paragraph 00:04:02.267 --> 00:04:07.130 20 an de sa a, lè m te kòmanse defann prizonye ke yo mete nan koulwa lanmò 00:04:07.130 --> 00:04:11.067 prizonye sa yo pat gen dwa jwenn èd avoka pandan dezyèm 00:04:11.067 --> 00:04:13.767 oubyen katriyèm chapit nan istwa ki antoure ka tribinal yo a. 00:04:13.767 --> 00:04:15.280 Yo te poukont yo. 00:04:15.280 --> 00:04:18.717 Anfèt, se pandan fen ane 1980 yo ke yo te arive jwenn 00:04:18.717 --> 00:04:20.923 dwa ki te pemèt yo jwenn yon avoka ki pou defann yo pandan twazyèm chapit 00:04:20.923 --> 00:04:22.757 istwa tribinal yo. 00:04:22.757 --> 00:04:25.433 Akoz de sa a, sa ke prizonye nan koulwa lanmò yo te arive fè 00:04:25.433 --> 00:04:28.433 sè ke yo te arive al konte sou avoka ki konn travay gratis, ke yo rele «avoka pro bono», 00:04:28.433 --> 00:04:30.629 pou yo te regle zafè tribinal yo. 00:04:30.629 --> 00:04:33.717 Pwoblèm ki te vinn genyen, te vinn gen pi plis prizonye nan koulwa lanmò ki te bezwen èd 00:04:33.717 --> 00:04:39.233 ke avoka ki te gen enterè avèk konpetans espesyal pou yo travay sou ka tribinal yo. NOTE Paragraph 00:04:39.233 --> 00:04:40.733 Akoz de sa a, 00:04:40.733 --> 00:04:44.433 avoka yo te kouri al pran ka ki te gentan nan katriyèm chapit yo. 00:04:44.433 --> 00:04:47.667 Sètènman, sa fè sans paske ka sa yo, se yo ki te pi ijan. 00:04:47.667 --> 00:04:50.333 Se prizonye ki te nan etap sa a ki te pi pre egzekisyon yo. 00:04:50.333 --> 00:04:54.522 Gen kèk nan avoka sa yo ki te reyisi; yo te arive rekòmanse ka kliyan yo. 00:04:54.522 --> 00:04:58.467 Kèk lòt pami yo te arive pwolonje vi kliyan yo. Kèk fwa 00:04:58.467 --> 00:05:00.467 yo te pèmèt yo viv plizyè ane oubyen plizyè mwa an plis. NOTE Paragraph 00:05:00.467 --> 00:05:02.567 Men yon bagay ki pa t fèt, 00:05:02.567 --> 00:05:07.400 kantite moun ke yo te konn egzekite chak ane nan eta Texas la pat janm vrèman diminye; 00:05:07.400 --> 00:05:09.800 epi lè kantite sa a te diminye, li pa t dire lontan. 00:05:09.800 --> 00:05:13.567 Okontrè, si w gade graf sa a, w ap konstate ke depi lè Texas te amelyore 00:05:13.567 --> 00:05:16.900 prosesis ke l konn itilize pou l egzekite prizonye l yo, pandan mitan a fen ane 1990 yo, 00:05:16.900 --> 00:05:21.233 gen sèlman kèk grenn ane pandanke valè moun ke yo te egzekite yo desann 00:05:21.233 --> 00:05:23.400 pi ba ke 20. NOTE Paragraph 00:05:23.400 --> 00:05:24.940 Dabitid, chak ane nan eta Texas la 00:05:24.940 --> 00:05:27.192 nou egzekite a pe prè 00:05:27.192 --> 00:05:28.864 2 moun chak mwa. 00:05:28.864 --> 00:05:33.500 Gen kèk ane nou egzekite anviwon 40 moun, epi nimewo sa a 00:05:33.500 --> 00:05:38.222 pa janm diminye anpil padan 15 ane ki sot pase yo. 00:05:38.222 --> 00:05:41.867 Men, pandan ke n kontinye ap egzekite 00:05:41.867 --> 00:05:43.967 menm kantite moun chak ane, 00:05:43.967 --> 00:05:46.535 valè moun ke n ap kondane a mò 00:05:46.535 --> 00:05:47.696 chak ane 00:05:47.696 --> 00:05:50.180 arive vinn desann anpil. NOTE Paragraph 00:05:50.180 --> 00:05:51.567 Akoz de sa a, nou vinn trouve yon paradòks. 00:05:51.567 --> 00:05:56.287 Pandan kantite moun ke n egzekite chak ane rete wo 00:05:56.287 --> 00:06:00.722 valè moun ke n kondane a mò ap desann. 00:06:00.722 --> 00:06:02.000 Poukisa sa rive? 00:06:02.000 --> 00:06:04.767 Sa pa t fèt paske kantite moun ke yo asasine chak ane desann. 00:06:04.767 --> 00:06:06.600 Paske pousantaj moun ke yo touye pa bese 00:06:06.600 --> 00:06:10.867 anpil tankòm liy rouj nan graf sa a desann. 00:06:10.867 --> 00:06:13.733 Sa k vinn rive pito 00:06:13.733 --> 00:06:17.567 moun ki fè pati jiri tribinal yo kòmanse voye plis moun nan prizon 00:06:17.567 --> 00:06:21.067 pou rès vi yo, san yo pa ba yo posibilite pou yo soti, 00:06:21.067 --> 00:06:24.383 olye ke yo voye yo al nan chanm egzekisyon. NOTE Paragraph 00:06:24.383 --> 00:06:26.733 Poukisa sa vin rive? 00:06:26.733 --> 00:06:31.140 Li pa rive fèt paske koze pèn lanmò a ap pèdi sipò popilè l. 00:06:31.140 --> 00:06:34.700 Moun ki kont bagay pèn lanmò a kontan anpil paske 00:06:34.700 --> 00:06:39.360 kantite moun ki sipòte sa a nan eta Texas la vin rive nan yon nivo ki se nivo ki pi ba a travè listwa eta a. 00:06:39.360 --> 00:06:41.367 Ou konn sa nivo ba sa ye? 00:06:41.367 --> 00:06:43.933 Li yon ti jan pi plis ke 60 pousan konsa. 00:06:43.933 --> 00:06:47.667 Nivo sa a pi bon ke nivo ki te egziste pandan ane 1980 yo, lè sa 00:06:47.667 --> 00:06:49.391 te pi plis ke 80 pousan. 00:06:49.391 --> 00:06:53.800 Menm si sa, nou pa ka di se paske koze pèn lanmò a te pèdi sipò popilè l ki fè ke 00:06:53.800 --> 00:06:57.667 kantite fwa yo kondane moun a mò vin bese, avèk preferans moun vin genyen pou kondanasyon pèmanant nan prizon ogmante. 00:06:57.667 --> 00:07:00.133 Plen moun jodi a ki toujou sipòte koze pèn lanmò a. NOTE Paragraph 00:07:00.133 --> 00:07:03.207 Kisa ki koze fenomèn sa a? 00:07:03.207 --> 00:07:04.833 Sa k rive 00:07:04.833 --> 00:07:05.738 sè ke avoka 00:07:05.738 --> 00:07:09.433 ki konn defann prizonye ki nan koulwa lanmò yo te kòmanse konsantre 00:07:09.433 --> 00:07:13.935 sou chapit ki o kòmansman istwa bagay pèn lanmò a. NOTE Paragraph 00:07:13.935 --> 00:07:17.200 Alò, 25 an de sa, yo te konsantre sou chapit 4. 00:07:17.200 --> 00:07:21.063 Epi, 25 an de sa, yo retire fokis yo sou chapit 4 pou yo al nan chapit 3 00:07:21.063 --> 00:07:22.767 pandan fen ane 1980 yo. 00:07:22.767 --> 00:07:26.167 Epi, yo te chanje fokis yo sou chapit 3 en 1980 pou yo vire l sou chapit 2 00:07:26.167 --> 00:07:29.367 pandan ane ki nan mitan syèk 1990 yo. Epi, apati de mitan a fen ane 1990 yo, 00:07:29.367 --> 00:07:32.557 yo te kòmanse fokis sou chapit 1 de istwa a. NOTE Paragraph 00:07:32.557 --> 00:07:36.567 Ou ka panse dèske kantite de moun ke yo kondane a mò, epi ogmantasyon nan 00:07:36.567 --> 00:07:39.033 nimewo pèn a vi yo, se yon bagay ki bon ou mal. 00:07:39.033 --> 00:07:41.589 Mwen pa vle pale de sa jodi a. 00:07:41.589 --> 00:07:44.747 Sa ke m vle di w sèlman sè ke rezon ki fèt ke sa rive 00:07:44.747 --> 00:07:47.859 sè ke avoka prizonye kòz pèn lanmò sa yo, yo arive konprann 00:07:47.859 --> 00:07:50.633 ke pi bonè ke w entèvni nan yon ka, 00:07:50.633 --> 00:07:55.133 pi bon chans ke w genyen pou w sove vi kliyan w lan. 00:07:55.133 --> 00:07:57.000 Se premye bagay ke m te arive aprann. NOTE Paragraph 00:07:57.000 --> 00:07:58.935 Men dezyèm bagay ke m te aprann: 00:07:58.935 --> 00:08:00.100 Kliyanm nan ki rele Will la 00:08:00.100 --> 00:08:03.556 se pa yon ka eksepsyonèl ke ka li a te ye; 00:08:03.556 --> 00:08:06.633 pito, ka li a te trè nòmal. 00:08:06.633 --> 00:08:10.167 Gen dè fwa, mwen di ke si w di m non yon prizonye ki te nan koulwa lanmò 00:08:10.167 --> 00:08:13.215 mwen pa bezwen konn nan ki eta ke l ye, sa pa fè okenn diferans si m te rankontre l deja 00:08:13.215 --> 00:08:15.833 Mwen ka ekri istwa vil pou ou. 00:08:15.833 --> 00:08:19.033 Epi, 8 nan 10 fwa sa yo, 00:08:19.033 --> 00:08:20.667 detay ke m te ka bay sou istwa vi l, 00:08:20.667 --> 00:08:23.130 yo a p jeneralman vrè. NOTE Paragraph 00:08:23.130 --> 00:08:27.133 Epi, rezon ki fè sa a, sè ke 80 pousan moun ke yo plase nan koulwa lanmò 00:08:27.133 --> 00:08:31.100 se moun ki te soti nan menm tip de fanmiy disfonksyonèl ke Will te soti ladan l lan. 00:08:31.100 --> 00:08:33.068 80 pou san de moun ki nan koulwa lanmò 00:08:33.068 --> 00:08:35.200 se moun ki te nan prizon 00:08:35.200 --> 00:08:37.833 ke yo fè pou jèn ki gen mwen ke 18 an. 00:08:37.833 --> 00:08:39.964 Se dezwèm leson sa a 00:08:39.964 --> 00:08:41.767 ke m te arive aprann NOTE Paragraph 00:08:41.767 --> 00:08:45.167 Kounya, nou trouve tèt nou prè kònè kote ke 00:08:45.167 --> 00:08:48.313 tout moun pral dakò. 00:08:48.313 --> 00:08:50.506 Kèk moun isi a gen dwa pa dakò 00:08:50.506 --> 00:08:52.619 avèk desizyon ke leta te pran pou l egzekite Will, 00:08:52.619 --> 00:08:55.133 men mwen panse ke tout moun ta dakò 00:08:55.133 --> 00:08:58.833 ke vèsyon istwa Will la ki ta pi bon an 00:08:58.833 --> 00:09:00.167 se ta yon istwa 00:09:00.167 --> 00:09:04.949 nan lekèl yon asasinasyon pa t ap janm rive. 00:09:04.949 --> 00:09:06.933 Kijan ke n ka fè sa rive? NOTE Paragraph 00:09:06.933 --> 00:09:10.963 Lè pitit nou an, Lincoln, t ap travay sou pwoblèm matematik sa a 00:09:10.963 --> 00:09:14.005 2 semèn de sa a, se te yon pwoblèm ki te jeyan epi efreyan 00:09:14.005 --> 00:09:17.488 Epi li t ap aprann kòman ke lè w gen yon gwo problèm 00:09:17.488 --> 00:09:21.400 Gen dè fwa, solisyon an se separe gwo problèm sa a an pati ki pi piti; 00:09:21.400 --> 00:09:24.967 Se sa ke n fè pou majorite gwo pwoblèm --nan matematik epi fizik, menm nan domèn politik sosyal -- 00:09:24.967 --> 00:09:28.733 nou separe yo epi nou fè yo vin tounen pwoblèm ke moun ka pi byen jere. 00:09:28.733 --> 00:09:30.468 Men, gen kèt fwa konsa, 00:09:30.468 --> 00:09:32.500 tankòm Dwight Eisenhower te di, 00:09:32.500 --> 00:09:34.020 «Fason ke moun dwe rezoud yon pwoblèm, 00:09:34.020 --> 00:09:36.100 se fè sa a vin pi gwo.» NOTE Paragraph 00:09:36.100 --> 00:09:40.033 Fason ke n ka rezoud pwoblèm sa a 00:09:40.033 --> 00:09:43.889 se si n ta bay zafè pèn lanmò sa a plis enpòtans. 00:09:43.889 --> 00:09:46.133 Fòk nou deklare ke: 00:09:46.133 --> 00:09:48.394 oke, nou gen 4 chapit 00:09:48.394 --> 00:09:51.233 nan istwa pèn lanmò a, 00:09:51.233 --> 00:09:53.000 men, sa k rive avan 00:09:53.000 --> 00:09:55.127 istwa sa kòmanse? 00:09:55.127 --> 00:09:59.933 Kijan èske n ka entèvni nan vi yon asasen 00:09:59.933 --> 00:10:02.600 avan ke l devni yon asasen? 00:10:02.600 --> 00:10:04.949 Ki chwa ke n genyen 00:10:04.949 --> 00:10:06.333 ki ka pèmèt nou jantiyman retire moun sa a 00:10:06.333 --> 00:10:07.567 sou chemen 00:10:07.567 --> 00:10:11.730 ki pral bay yon rezilta ke tout moun -- 00:10:11.730 --> 00:10:14.586 sipòtè pèn lanmò yo, ak moun ki kont sa a -- 00:10:14.586 --> 00:10:15.333 toujou panse 00:10:15.333 --> 00:10:17.767 ki se yon rezilta ki mal: 00:10:17.767 --> 00:10:20.333 asasinasyon yon èt imen ki inosan? NOTE Paragraph 00:10:22.248 --> 00:10:24.933 Ou konnen, gen dè fwa moun di 00:10:24.933 --> 00:10:26.173 ke kèk bagay 00:10:26.173 --> 00:10:28.300 pa konplike anpil tankòm syans fize (jeni ayewospasyal). 00:10:28.300 --> 00:10:31.633 Lè yo di sa a, sa yo vle di, sè ke syans fize a se yon bagay ki trè konplike. 00:10:31.633 --> 00:10:35.135 Men, pwoblèm sa ke n a p diskite la a, li trè senp. 00:10:35.135 --> 00:10:36.567 Imaj sa a montre w sa syans fize ye; 00:10:36.567 --> 00:10:38.367 sa se ekspresyon matematik 00:10:38.367 --> 00:10:42.233 pou fòs ke yon fize bay lè l a p fè mouvman. 00:10:42.233 --> 00:10:44.600 Bagay ke n a p egzamine jodi a 00:10:44.600 --> 00:10:47.001 se menm nivo konplikasyon an ke l genyen. 00:10:47.001 --> 00:10:49.625 Sa ke n a p analize la a jodia, se 00:10:49.625 --> 00:10:52.272 syans fize ke l ye tou. NOTE Paragraph 00:10:52.272 --> 00:10:54.083 Kliyanm nan ki rele Will la 00:10:54.083 --> 00:10:56.753 ak 80 pou san moun ki nan koulwa lanmò 00:10:56.753 --> 00:11:00.200 te gen 5 chapit nan vi yo 00:11:00.200 --> 00:11:01.733 ki te vini avan 00:11:01.733 --> 00:11:03.533 4 chapit istwa pèn lanmò a. 00:11:03.533 --> 00:11:08.300 Mwen panse a 5 chapit sa yo tankòm pwen entèvansyon; 00:11:08.300 --> 00:11:11.167 pati nan vi yo kote ke sosyete nou an 00:11:11.167 --> 00:11:16.100 te ka entèveni nan vi yo pou l te ka retire yo sou chemen ke yo te ye ya; 00:11:16.100 --> 00:11:20.368 Ki te kreye yon kosekans ke nou tout, ni moun ki sipòte pèn lanmò ni moun ki kont li, 00:11:20.368 --> 00:11:22.086 di ki pa yon bon rezilta. 00:11:22.086 --> 00:11:24.106 Pandan chak nan 00:11:24.106 --> 00:11:26.733 5 chapit sa yo: 00:11:26.733 --> 00:11:28.367 lè manman l te ansent, 00:11:28.367 --> 00:11:30.633 pandan ane ke l te pase tankòm yon anfan, 00:11:30.633 --> 00:11:32.500 lè l te nan lekòl primè, 00:11:32.500 --> 00:11:34.667 lè l te nan lekòl segondè, 00:11:34.667 --> 00:11:38.167 epi lè l te nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo, 00:11:38.167 --> 00:11:41.382 pandan chak nan 5 chapit sa yo, te gen anpil bagay sosyete ya te ka fè. 00:11:41.382 --> 00:11:43.500 Anfèt, si nou imajine: 00:11:43.500 --> 00:11:48.600 gen 5 diferan sòt de entèvansyon, fason sosyete a te ka entèveni. 00:11:48.600 --> 00:11:50.484 Nan chak 5 chapit sa yo 00:11:50.484 --> 00:11:52.700 nou ka melange yo fason nou vle 00:11:52.700 --> 00:11:56.870 gen plis ke 3000 strateji 00:11:56.870 --> 00:12:00.733 ke nou ka anbrase pou nou te ka retire timoun tankou Will 00:12:00.733 --> 00:12:03.567 sou chemen ke yo ye. 00:12:03.567 --> 00:12:05.322 Mwen pa kanpe la jodi a 00:12:05.322 --> 00:12:07.400 pou m di tke mwen posede solisyon an. 00:12:07.400 --> 00:12:11.933 Men, le fèt ke nou gen anpil bagay pou nou aprann toujou, 00:12:11.933 --> 00:12:15.306 pa vle di ke nou pa konn anpil lòt bagay deja. 00:12:15.306 --> 00:12:18.200 Daprè eksperyans lòt eta peyi a, 00:12:18.200 --> 00:12:21.867 nou konnen ke gen anpil tip de entèvansyon 00:12:21.867 --> 00:12:25.755 ke nou ka itilizé an Texas epi nan nenpot lòt eta ki pa pitilize yo aktyèlman, 00:12:25.755 --> 00:12:30.748 pou nou prevante yon konsekans ke nou tout dakò ki pa bon. 00:12:30.748 --> 00:12:33.371 Ban mwen mansyone kèk ladan yo. 00:12:33.371 --> 00:12:37.296 Mwen pa p pale jodi a de refòmasyon sistèm lalwa nou an. 00:12:37.296 --> 00:12:42.067 Sa se yon sijè ke nou ka rezève pou yon sal ki plen avoka ak jij. 00:12:42.067 --> 00:12:45.887 Mwen pito vle pale de 2 tip entèvansyon 00:12:45.887 --> 00:12:48.255 ke nou tout ka ede peyi a reyalize. 00:12:48.255 --> 00:12:50.740 Paske se sòt de entèvansyon k ap vin yon reyalite 00:12:50.740 --> 00:12:54.700 lè lejislatè yo, avèk moun ki kreye règ politik peyo nou an, debousè enpo yo, ak sitwayen, 00:12:54.700 --> 00:12:56.933 dakò ke se konsa 00:12:56.933 --> 00:12:59.267 ke nou ta dwe ap depanse lajan nou. 00:12:59.267 --> 00:13:01.653 Nou te kapab founi swen 00:13:01.653 --> 00:13:07.467 pou ti moun ki gen kontraryete ekonomik, ak lòt tip de pwoblèm ankò, ki ap soufri, 00:13:07.467 --> 00:13:09.850 epi nou te ka fè sa a gratis. 00:13:09.850 --> 00:13:13.960 Epi ankò, nou te ka retire timoun tankou Will sou chemen ke yo ye a. 00:13:13.960 --> 00:13:17.800 Gen lòt eta ki fè sa, men, nan Texas, nou pa fè l. 00:13:17.800 --> 00:13:21.901 Nou te kapab founi lekòl spesyal --ni nan primè, ni nan segondè-- 00:13:21.901 --> 00:13:25.268 epi menm pandan kintègaden jiska senkyèm 00:13:25.268 --> 00:13:29.657 pwogram ki gen objektif pou yo ede timoun ki gen pwoblèm ekonomik, epi nan lòt fason tou 00:13:29.657 --> 00:13:30.833 espesyalman pou timoun ki gentan fè pati 00:13:30.833 --> 00:13:32.933 sistèm jistis tribinal ki rezève pou timoun. 00:13:32.933 --> 00:13:34.800 Gen kèk grenn eta ki fè sa 00:13:34.800 --> 00:13:37.482 Texas pa fè l. 00:13:37.482 --> 00:13:39.300 Gen yon lòt bagay ankò ke nou te kapab fè; 00:13:39.300 --> 00:13:41.638 franchman, gen anpil lòt bagay ankò ke nou te kapab fè. 00:13:41.638 --> 00:13:44.200 Gen yon lòt bagay ke nou te kapab fè ke m pra l pale de li. 00:13:44.200 --> 00:13:46.833 Sa se sè l bagay kontwovèsyal ke m ap di jodi a: 00:13:46.833 --> 00:13:48.133 nou ka entèvni 00:13:48.133 --> 00:13:50.233 pi agresiveman 00:13:50.233 --> 00:13:53.457 nan fwaye fanmiy ki pa fonksyone byen. 00:13:53.457 --> 00:13:55.300 Nou ka retire timoun yo nan jan de kay sa yo, 00:13:55.300 --> 00:14:00.771 avan ke manman yo pran couto pou yo menase yo. 00:14:00.771 --> 00:14:02.791 Si poun n fè sa a, 00:14:02.791 --> 00:14:04.867 nou ap bezwen yon kote pou nou mete yo. 00:14:04.867 --> 00:14:08.271 Menm lè nou fe tout jan de bagay sa yo, gen timoun ke sistèm nan an ap arive neglije 00:14:08.271 --> 00:14:11.867 yo pral arive nan dènye chapit avan istwa asasinasyon yo a kòmanse. 00:14:11.867 --> 00:14:13.900 Yo pral rantre nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo. 00:14:13.900 --> 00:14:17.002 Menm si sa ta rive, 00:14:17.002 --> 00:14:18.906 li t ap toujou pako twò ta. 00:14:18.906 --> 00:14:21.700 T ap gen tan toujou pou n ta epanye yo. 00:14:21.700 --> 00:14:23.457 Si nou panse a epanye yo 00:14:23.457 --> 00:14:25.826 olye ke nou pini yo. 00:14:25.826 --> 00:14:28.566 Gen 2 profesè nan pati nòdès peyi a, yonn nan Yale, lòt la nan Maryland. 00:14:28.566 --> 00:14:30.333 Yo mete yon lekòl sou pye 00:14:30.333 --> 00:14:34.233 ki konekte avèk prizon ki fèt pou timoun yo. 00:14:34.233 --> 00:14:37.482 Timoun yo nan prizon, men yo a l lekòl 00:14:37.482 --> 00:14:39.167 de 8 è di maten jiska 4 aprè midi. 00:14:39.167 --> 00:14:40.803 Se pa t yon plan ki te fasil pou yo te reyalize. 00:14:40.803 --> 00:14:41.967 Yo te oblije chache profesè 00:14:41.967 --> 00:14:45.333 ki te vle ansenye anndan prizon. 00:14:45.333 --> 00:14:48.535 Yo te oblije etabli yon separasyon di, ant moun ki travay nan lekól la avèk moun ki gen otorite nan prizon an. 00:14:48.535 --> 00:14:51.967 E sa ki te pi difisil la a, 00:14:51.967 --> 00:14:52.967 yo te oblije envante yon nouvo pwogram skolè. 00:14:52.967 --> 00:14:58.467 Paske moun pa antre soti nan prizon regilyèman chak semès. 00:14:58.467 --> 00:15:01.584 Men, yo te kanmèm arive reyalize tout bagay sa yo. 00:15:01.584 --> 00:15:04.333 Kisa trè tout bagay sa yo genyen ki menm? 00:15:04.333 --> 00:15:10.700 Sa bagay sa yo genyen en komen, sè ke yo tout koute lajan. 00:15:10.700 --> 00:15:13.728 Kèk nan moun ki nan sal la gen ase laj pou yo sonje 00:15:13.728 --> 00:15:17.490 mesye sou ansyen reklam filt lwil ki fèt pou machin yo; 00:15:17.490 --> 00:15:21.300 li te kon, di, 00:15:21.300 --> 00:15:24.367 «Ou ka peye m kounya oubyen ou ka peye m pita.» 00:15:24.367 --> 00:15:26.500 Sa ke n ap fè la, 00:15:26.500 --> 00:15:28.520 nan sistèm ki pèmèt nou kondane moun a pèn lanmó, 00:15:28.520 --> 00:15:32.119 sè ke n ap peye pita. 00:15:32.119 --> 00:15:33.967 Men, yon sèl bagay 00:15:33.967 --> 00:15:37.833 pou chak 15.000 dola ke nou depanse 00:15:37.833 --> 00:15:42.200 pou nou entèveni nan vi timoun 00:15:42.200 --> 00:15:43.520 ki gen pwoblèm ekonomik 00:15:43.520 --> 00:15:47.933 nou evite yon depans de 80.000 dola 00:15:47.933 --> 00:15:49.696 nan bidjé ke nou kreye pou n konbat krim. 00:15:49.696 --> 00:15:52.092 Menm si ou pa dakò pou n ta aji akoz de yon rezon moral, 00:15:53.435 --> 00:15:56.012 li fè sans nan domèn ekonomik. 00:15:58.589 --> 00:16:02.612 Mwen vle pale w de yon mòso nan dènye konvèsasyon ke mwen te fè ak Will. 00:16:02.612 --> 00:16:06.700 Se te jou yo te pral egzekite l la. 00:16:06.700 --> 00:16:11.012 Nou t ap pale, 00:16:11.012 --> 00:16:12.067 pa t gen anyen ankó pou nou te fè 00:16:12.067 --> 00:16:13.682 pou n te sove ka l la. 00:16:13.682 --> 00:16:16.033 Nou t ap pale de vi l. Premyéman li te pale de papa l, 00:16:16.033 --> 00:16:18.900 ke l pa t menm byen konnen, 00:16:18.900 --> 00:16:19.733 ki te mouri. 00:16:19.733 --> 00:16:22.367 Nou t ap pale de manman l, 00:16:22.367 --> 00:16:24.131 ke l te konnen, 00:16:24.131 --> 00:16:26.300 ki toujou vivan. 00:16:26.300 --> 00:16:29.000 Mwen te di li: 00:16:29.000 --> 00:16:31.051 mwen konnen istwa l la. 00:16:31.051 --> 00:16:32.867 Mwen te li achiv yo; 00:16:32.867 --> 00:16:35.509 mwen konnen ke l te eseye touye w. 00:16:35.509 --> 00:16:37.947 Men, mwen toujou ap poze tèt mwen yon kesyon: 00:16:37.947 --> 00:16:40.067 mwen mande èske w sonje tout bon vre. 00:16:40.067 --> 00:16:41.570 Paske mwen menm, mwen pa sonje anyen 00:16:41.570 --> 00:16:43.729 de lè m te gen 5 an. 00:16:43.729 --> 00:16:46.667 Petèt ou ka sonje sa yon moun te di w. 00:16:46.667 --> 00:16:49.167 Li te gade m, epi li te kage devan, 00:16:49.167 --> 00:16:52.767 li te rele m «Pwofesè» malgre ke l te gen 12 an depi ke l te konnen m, 00:16:52.767 --> 00:16:56.082 Li te deklare: «Pwofesè, mwen p ap di sa m pral di la a pou m derespekte w, 00:16:56.082 --> 00:16:57.733 men lè manman w pran yon kouto 00:16:57.733 --> 00:17:00.833 ki parèt pi gwo pase w, 00:17:00.833 --> 00:17:04.633 epi l kouri dèyè w nan tout kay la, epi l ap deklare ke li pra l touye w. 00:17:04.633 --> 00:17:06.829 Ou oblije al kache nan twalèt la, 00:17:06.829 --> 00:17:09.025 apiye sou pót la, 00:17:09.025 --> 00:17:11.221 rele amwey pou jis kaske polisye yo vini.» 00:17:11.221 --> 00:17:14.300 Li te gade m epi l te di: 00:17:14.300 --> 00:17:17.800 «Sa se yon bagay ke w pap janm bliye.» 00:17:17.800 --> 00:17:20.300 Mwen swete ke gen yon bagay ke nou tout p ap bliyé 00:17:20.300 --> 00:17:23.156 ant lè ke nou rive la ek lè ke nou pral kanpe, pou na l manje dejene, 00:17:23.156 --> 00:17:26.567 pra l gen 4 asasinasyon atravè Ozetazini. 00:17:26.567 --> 00:17:28.000 Nou pra l konsakre anpil resous sosyal 00:17:28.000 --> 00:17:32.167 pou n pini moun ki fè krim sa yo. 00:17:32.167 --> 00:17:34.467 Pinisyon nou yo konvenab 00:17:34.467 --> 00:17:36.533 paske nou dwe pini moun ki fè sa k pa sa. 00:17:36.533 --> 00:17:40.100 Men gen 3 nan krim sa yo, nou te ka epanye. 00:17:40.100 --> 00:17:43.010 Si nou pa gade pi byen 00:17:43.172 --> 00:17:47.816 pou nou konsantre sou chapit ki o kòmansman yo, 00:17:47.816 --> 00:17:51.200 nou p ap janm ka ekri premye fraz 00:17:51.200 --> 00:17:52.994 ki kòmanse wout pèn lanmó a. 00:17:52.994 --> 00:17:54.700 Mèsi! 00:17:54.700 --> 00:17:56.031 (Aplodisman...)