De semèn de sa a, m te chita bò tab ki nan sal a manje lakay mwen, avèk madanm mwen Katya, epi, nou t ap pale de sa m pral diskite jodi a. Nou gen yon pitit gason ki gen 11 an, ki rele Lincoln (Lenkenn). Li te chita bò menm tab la, li t ap fè devwa matematik li. Epi, pandan yon pòz nan konvèsasyon m nan avèk Katya, m te gade Lincoln epi, m te toudenkou sezi lè lide m te vin tonbe sou youn nan kliyan m yo. Kliyan m nan, se te yon nèg ki te rele Will (Wil), ki te soti nan nò Texas (Tèkzas). Li pa t janm fin konnen papa l trè byen, paske papa l te kite l poukò l ak manman l, lè l te nan vant. Alò, akoz de sa, misye te arive vin grandi ak yon manman ki san mari. Sikonstans sa a, li pa t ap petèt yon pwoblèm si manman sa a pa t yon moun ki gen yon pwoblèm mantal ke yo rele eskitsofreni, epi lè Wil te gen 5 an, manmzèl te eseye touye l avèk yon gwo kouto file. Ofisye leta te pran l epi yo te mete l nan yon lopital ki fèt pou moun ki gen pwoblèm mantal, akoz de sa a, pandan plizyè ane aprè, Will t ap viv avèk yon gran frè l avan ke frè sa a te touye tèt li, lè li te pèse pwòp kè l avèk yon bal ki sot nan zam. Epi apre sa a Will te fè va e vyen kay moun fanmi l yo, jiskaske lè l te vin gen 9 an, li te prèske ap viv poukò l. Maten sa a, pandan ke m te chita prè Katya ak Lincoln, m te gade pitit gason m nan, epi, m te reyalize ke: lè Will, kliyan m nan, te gen menm laj avè l, li te gentan ap viv poukò l pandan de zan. Will te arive rantre nan yon gang epi li te arive komèt plizyè krim ki trè serye, pami lekèl ki te krim ki pi grav la, yon asasinasyon ki te tèrib e tris. Epi, lajistis te finalman egzekite Will kòm pinisyon pou krim sa a. Men, jodi a, m pa vle pale sou moralite bagay ki rele pèn lanmò a. Sètènman, m panse ke lajistis pa t dwe egzekite kliyan m nan, men sa m vle fè jodi a pito, se pale de bagay ki rele pèn lanmò a nan yon fason ke m pa t janm fè sa deja, nan yon fason ki pa p fè okenn moun fache. Mwen panse ke sa posib, paske gen yon kwen nan deba ki konn fèt sou bagay pèn lanmò a, petèt se kwen sa a ki pi enpòtan, kote ke tout moun dakò, kote moun ki plis sipòte koze pèn lanmò a ak moun ki vrèman kont sa, byen dakò. Se kwen sa a ke m vle analize. Men, avan ke m fè sa a, mwen vle pran kèlke minit pou m eksplike w kijan dosye jiridik pèn lanmò yo dewoule, epi mwen vle pale w de 2 leson ke m te aprann pandan 20 an ki sot pase yo kòm yon avoka ki konn defann moun ke lajistis kondane a mò, lè m te gade plis ke 100 dosye dewoule nan fason ke m pra l eksplike la a. Ou ka panse de yon ka pèn lanmò tankou yon istwa ki gen 4 chapit. Premye chapit chak dosye yo menm jan, epi sa tris. Chapit sa a kòmanse lè yon moun touye yon lòt ki inosan, epi apre sa a, yon pwosè tribinal komanse kote lajistis kondane epi voye moun ki touye lòt la, al tan lè l pou yo egzekite l. Finalman, pèn lanmò ke yo bay kriminèl sa a arive jwenn konfimasyon kay yon Kou Dapèl nan leta kote pwosè ya te komanse. Dezyèm chapit la gen yon etap legal ki konplike ke yo rele «apèl habeas corpus leta». Twazyèm chapit lan se yon etap legal ki pi konplike ke yo rele «etap habeas corpus federal». Epi, katriyèm chapit lan se youn kote ke yon pakèt bagay ka pase. Avoka yo ka petèt ranpli yon fòmilè pou yo mande padon pou kilyan yo, yo ka komanse yon lòt etap ankò ki pi konplike, oubyen, yo gen dwa pa fè anyen ankò. Men, katriyèm chapit sa a toujou pran fen lè yo egzekite moun sa a ki te touye lòt moun ki inosan an. 20 an de sa a, lè m te kòmanse defann prizonye ke yo mete nan koulwa lanmò prizonye sa yo pat gen dwa jwenn èd avoka pandan dezyèm oubyen katriyèm chapit nan istwa ki antoure ka tribinal yo a. Yo te poukont yo. Anfèt, se pandan fen ane 1980 yo ke yo te arive jwenn dwa ki te pemèt yo jwenn yon avoka ki pou defann yo pandan twazyèm chapit istwa tribinal yo. Akoz de sa a, sa ke prizonye nan koulwa lanmò yo te arive fè sè ke yo te arive al konte sou avoka ki konn travay gratis, ke yo rele «avoka pro bono», pou yo te regle zafè tribinal yo. Pwoblèm ki te vinn genyen, te vinn gen pi plis prizonye nan koulwa lanmò ki te bezwen èd ke avoka ki te gen enterè avèk konpetans espesyal pou yo travay sou ka tribinal yo. Akoz de sa a, avoka yo te kouri al pran ka ki te gentan nan katriyèm chapit yo. Sètènman, sa fè sans paske ka sa yo, se yo ki te pi ijan. Se prizonye ki te nan etap sa a ki te pi pre egzekisyon yo. Gen kèk nan avoka sa yo ki te reyisi; yo te arive rekòmanse ka kliyan yo. Kèk lòt pami yo te arive pwolonje vi kliyan yo. Kèk fwa yo te pèmèt yo viv plizyè ane oubyen plizyè mwa an plis. Men yon bagay ki pa t fèt, kantite moun ke yo te konn egzekite chak ane nan eta Texas la pat janm vrèman diminye; epi lè kantite sa a te diminye, li pa t dire lontan. Okontrè, si w gade graf sa a, w ap konstate ke depi lè Texas te amelyore prosesis ke l konn itilize pou l egzekite prizonye l yo, pandan mitan a fen ane 1990 yo, gen sèlman kèk grenn ane pandanke valè moun ke yo te egzekite yo desann pi ba ke 20. Dabitid, chak ane nan eta Texas la nou egzekite a pe prè 2 moun chak mwa. Gen kèk ane nou egzekite anviwon 40 moun, epi nimewo sa a pa janm diminye anpil padan 15 ane ki sot pase yo. Men, pandan ke n kontinye ap egzekite menm kantite moun chak ane, valè moun ke n ap kondane a mò chak ane arive vinn desann anpil. Akoz de sa a, nou vinn trouve yon paradòks. Pandan kantite moun ke n egzekite chak ane rete wo valè moun ke n kondane a mò ap desann. Poukisa sa rive? Sa pa t fèt paske kantite moun ke yo asasine chak ane desann. Paske pousantaj moun ke yo touye pa bese anpil tankòm liy rouj nan graf sa a desann. Sa k vinn rive pito moun ki fè pati jiri tribinal yo kòmanse voye plis moun nan prizon pou rès vi yo, san yo pa ba yo posibilite pou yo soti, olye ke yo voye yo al nan chanm egzekisyon. Poukisa sa vin rive? Li pa rive fèt paske koze pèn lanmò a ap pèdi sipò popilè l. Moun ki kont bagay pèn lanmò a kontan anpil paske kantite moun ki sipòte sa a nan eta Texas la vin rive nan yon nivo ki se nivo ki pi ba a travè listwa eta a. Ou konn sa nivo ba sa ye? Li yon ti jan pi plis ke 60 pousan konsa. Nivo sa a pi bon ke nivo ki te egziste pandan ane 1980 yo, lè sa te pi plis ke 80 pousan. Menm si sa, nou pa ka di se paske koze pèn lanmò a te pèdi sipò popilè l ki fè ke kantite fwa yo kondane moun a mò vin bese, avèk preferans moun vin genyen pou kondanasyon pèmanant nan prizon ogmante. Plen moun jodi a ki toujou sipòte koze pèn lanmò a. Kisa ki koze fenomèn sa a? Sa k rive sè ke avoka ki konn defann prizonye ki nan koulwa lanmò yo te kòmanse konsantre sou chapit ki o kòmansman istwa bagay pèn lanmò a. Alò, 25 an de sa, yo te konsantre sou chapit 4. Epi, 25 an de sa, yo retire fokis yo sou chapit 4 pou yo al nan chapit 3 pandan fen ane 1980 yo. Epi, yo te chanje fokis yo sou chapit 3 en 1980 pou yo vire l sou chapit 2 pandan ane ki nan mitan syèk 1990 yo. Epi, apati de mitan a fen ane 1990 yo, yo te kòmanse fokis sou chapit 1 de istwa a. Ou ka panse dèske kantite de moun ke yo kondane a mò, epi ogmantasyon nan nimewo pèn a vi yo, se yon bagay ki bon ou mal. Mwen pa vle pale de sa jodi a. Sa ke m vle di w sèlman sè ke rezon ki fèt ke sa rive sè ke avoka prizonye kòz pèn lanmò sa yo, yo arive konprann ke pi bonè ke w entèvni nan yon ka, pi bon chans ke w genyen pou w sove vi kliyan w lan. Se premye bagay ke m te arive aprann. Men dezyèm bagay ke m te aprann: Kliyanm nan ki rele Will la se pa yon ka eksepsyonèl ke ka li a te ye; pito, ka li a te trè nòmal. Gen dè fwa, mwen di ke si w di m non yon prizonye ki te nan koulwa lanmò mwen pa bezwen konn nan ki eta ke l ye, sa pa fè okenn diferans si m te rankontre l deja Mwen ka ekri istwa vil pou ou. Epi, 8 nan 10 fwa sa yo, detay ke m te ka bay sou istwa vi l, yo a p jeneralman vrè. Epi, rezon ki fè sa a, sè ke 80 pousan moun ke yo plase nan koulwa lanmò se moun ki te soti nan menm tip de fanmiy disfonksyonèl ke Will te soti ladan l lan. 80 pou san de moun ki nan koulwa lanmò se moun ki te nan prizon ke yo fè pou jèn ki gen mwen ke 18 an. Se dezwèm leson sa a ke m te arive aprann Kounya, nou trouve tèt nou prè kònè kote ke tout moun pral dakò. Kèk moun isi a gen dwa pa dakò avèk desizyon ke leta te pran pou l egzekite Will, men mwen panse ke tout moun ta dakò ke vèsyon istwa Will la ki ta pi bon an se ta yon istwa nan lekèl yon asasinasyon pa t ap janm rive. Kijan ke n ka fè sa rive? Lè pitit nou an, Lincoln, t ap travay sou pwoblèm matematik sa a 2 semèn de sa a, se te yon pwoblèm ki te jeyan epi efreyan Epi li t ap aprann kòman ke lè w gen yon gwo problèm Gen dè fwa, solisyon an se separe gwo problèm sa a an pati ki pi piti; Se sa ke n fè pou majorite gwo pwoblèm --nan matematik epi fizik, menm nan domèn politik sosyal -- nou separe yo epi nou fè yo vin tounen pwoblèm ke moun ka pi byen jere. Men, gen kèt fwa konsa, tankòm Dwight Eisenhower te di, «Fason ke moun dwe rezoud yon pwoblèm, se fè sa a vin pi gwo.» Fason ke n ka rezoud pwoblèm sa a se si n ta bay zafè pèn lanmò sa a plis enpòtans. Fòk nou deklare ke: oke, nou gen 4 chapit nan istwa pèn lanmò a, men, sa k rive avan istwa sa kòmanse? Kijan èske n ka entèvni nan vi yon asasen avan ke l devni yon asasen? Ki chwa ke n genyen ki ka pèmèt nou jantiyman retire moun sa a sou chemen ki pral bay yon rezilta ke tout moun -- sipòtè pèn lanmò yo, ak moun ki kont sa a -- toujou panse ki se yon rezilta ki mal: asasinasyon yon èt imen ki inosan? Ou konnen, gen dè fwa moun di ke kèk bagay pa konplike anpil tankòm syans fize (jeni ayewospasyal). Lè yo di sa a, sa yo vle di, sè ke syans fize a se yon bagay ki trè konplike. Men, pwoblèm sa ke n a p diskite la a, li trè senp. Imaj sa a montre w sa syans fize ye; sa se ekspresyon matematik pou fòs ke yon fize bay lè l a p fè mouvman. Bagay ke n a p egzamine jodi a se menm nivo konplikasyon an ke l genyen. Sa ke n a p analize la a jodia, se syans fize ke l ye tou. Kliyanm nan ki rele Will la ak 80 pou san moun ki nan koulwa lanmò te gen 5 chapit nan vi yo ki te vini avan 4 chapit istwa pèn lanmò a. Mwen panse a 5 chapit sa yo tankòm pwen entèvansyon; pati nan vi yo kote ke sosyete nou an te ka entèveni nan vi yo pou l te ka retire yo sou chemen ke yo te ye ya; Ki te kreye yon kosekans ke nou tout, ni moun ki sipòte pèn lanmò ni moun ki kont li, di ki pa yon bon rezilta. Pandan chak nan 5 chapit sa yo: lè manman l te ansent, pandan ane ke l te pase tankòm yon anfan, lè l te nan lekòl primè, lè l te nan lekòl segondè, epi lè l te nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo, pandan chak nan 5 chapit sa yo, te gen anpil bagay sosyete ya te ka fè. Anfèt, si nou imajine: gen 5 diferan sòt de entèvansyon, fason sosyete a te ka entèveni. Nan chak 5 chapit sa yo nou ka melange yo fason nou vle gen plis ke 3000 strateji ke nou ka anbrase pou nou te ka retire timoun tankou Will sou chemen ke yo ye. Mwen pa kanpe la jodi a pou m di tke mwen posede solisyon an. Men, le fèt ke nou gen anpil bagay pou nou aprann toujou, pa vle di ke nou pa konn anpil lòt bagay deja. Daprè eksperyans lòt eta peyi a, nou konnen ke gen anpil tip de entèvansyon ke nou ka itilizé an Texas epi nan nenpot lòt eta ki pa pitilize yo aktyèlman, pou nou prevante yon konsekans ke nou tout dakò ki pa bon. Ban mwen mansyone kèk ladan yo. Mwen pa p pale jodi a de refòmasyon sistèm lalwa nou an. Sa se yon sijè ke nou ka rezève pou yon sal ki plen avoka ak jij. Mwen pito vle pale de 2 tip entèvansyon ke nou tout ka ede peyi a reyalize. Paske se sòt de entèvansyon k ap vin yon reyalite lè lejislatè yo, avèk moun ki kreye règ politik peyo nou an, debousè enpo yo, ak sitwayen, dakò ke se konsa ke nou ta dwe ap depanse lajan nou. Nou te kapab founi swen pou ti moun ki gen kontraryete ekonomik, ak lòt tip de pwoblèm ankò, ki ap soufri, epi nou te ka fè sa a gratis. Epi ankò, nou te ka retire timoun tankou Will sou chemen ke yo ye a. Gen lòt eta ki fè sa, men, nan Texas, nou pa fè l. Nou te kapab founi lekòl spesyal --ni nan primè, ni nan segondè-- epi menm pandan kintègaden jiska senkyèm pwogram ki gen objektif pou yo ede timoun ki gen pwoblèm ekonomik, epi nan lòt fason tou espesyalman pou timoun ki gentan fè pati sistèm jistis tribinal ki rezève pou timoun. Gen kèk grenn eta ki fè sa Texas pa fè l. Gen yon lòt bagay ankò ke nou te kapab fè; franchman, gen anpil lòt bagay ankò ke nou te kapab fè. Gen yon lòt bagay ke nou te kapab fè ke m pra l pale de li. Sa se sè l bagay kontwovèsyal ke m ap di jodi a: nou ka entèvni pi agresiveman nan fwaye fanmiy ki pa fonksyone byen. Nou ka retire timoun yo nan jan de kay sa yo, avan ke manman yo pran couto pou yo menase yo. Si poun n fè sa a, nou ap bezwen yon kote pou nou mete yo. Menm lè nou fe tout jan de bagay sa yo, gen timoun ke sistèm nan an ap arive neglije yo pral arive nan dènye chapit avan istwa asasinasyon yo a kòmanse. Yo pral rantre nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo. Menm si sa ta rive, li t ap toujou pako twò ta. T ap gen tan toujou pou n ta epanye yo. Si nou panse a epanye yo olye ke nou pini yo. Gen 2 profesè nan pati nòdès peyi a, yonn nan Yale, lòt la nan Maryland. Yo mete yon lekòl sou pye ki konekte avèk prizon ki fèt pou timoun yo. Timoun yo nan prizon, men yo a l lekòl de 8 è di maten jiska 4 aprè midi. Se pa t yon plan ki te fasil pou yo te reyalize. Yo te oblije chache profesè ki te vle ansenye anndan prizon. Yo te oblije etabli yon separasyon di, ant moun ki travay nan lekól la avèk moun ki gen otorite nan prizon an. E sa ki te pi difisil la a, yo te oblije envante yon nouvo pwogram skolè. Paske moun pa antre soti nan prizon regilyèman chak semès. Men, yo te kanmèm arive reyalize tout bagay sa yo. Kisa trè tout bagay sa yo genyen ki menm? Sa bagay sa yo genyen en komen, sè ke yo tout koute lajan. Kèk nan moun ki nan sal la gen ase laj pou yo sonje mesye sou ansyen reklam filt lwil ki fèt pou machin yo; li te kon, di, «Ou ka peye m kounya oubyen ou ka peye m pita.» Sa ke n ap fè la, nan sistèm ki pèmèt nou kondane moun a pèn lanmó, sè ke n ap peye pita. Men, yon sèl bagay pou chak 15.000 dola ke nou depanse pou nou entèveni nan vi timoun ki gen pwoblèm ekonomik nou evite yon depans de 80.000 dola nan bidjé ke nou kreye pou n konbat krim. Menm si ou pa dakò pou n ta aji akoz de yon rezon moral, li fè sans nan domèn ekonomik. Mwen vle pale w de yon mòso nan dènye konvèsasyon ke mwen te fè ak Will. Se te jou yo te pral egzekite l la. Nou t ap pale, pa t gen anyen ankó pou nou te fè pou n te sove ka l la. Nou t ap pale de vi l. Premyéman li te pale de papa l, ke l pa t menm byen konnen, ki te mouri. Nou t ap pale de manman l, ke l te konnen, ki toujou vivan. Mwen te di li: mwen konnen istwa l la. Mwen te li achiv yo; mwen konnen ke l te eseye touye w. Men, mwen toujou ap poze tèt mwen yon kesyon: mwen mande èske w sonje tout bon vre. Paske mwen menm, mwen pa sonje anyen de lè m te gen 5 an. Petèt ou ka sonje sa yon moun te di w. Li te gade m, epi li te kage devan, li te rele m «Pwofesè» malgre ke l te gen 12 an depi ke l te konnen m, Li te deklare: «Pwofesè, mwen p ap di sa m pral di la a pou m derespekte w, men lè manman w pran yon kouto ki parèt pi gwo pase w, epi l kouri dèyè w nan tout kay la, epi l ap deklare ke li pra l touye w. Ou oblije al kache nan twalèt la, apiye sou pót la, rele amwey pou jis kaske polisye yo vini.» Li te gade m epi l te di: «Sa se yon bagay ke w pap janm bliye.» Mwen swete ke gen yon bagay ke nou tout p ap bliyé ant lè ke nou rive la ek lè ke nou pral kanpe, pou na l manje dejene, pra l gen 4 asasinasyon atravè Ozetazini. Nou pra l konsakre anpil resous sosyal pou n pini moun ki fè krim sa yo. Pinisyon nou yo konvenab paske nou dwe pini moun ki fè sa k pa sa. Men gen 3 nan krim sa yo, nou te ka epanye. Si nou pa gade pi byen pou nou konsantre sou chapit ki o kòmansman yo, nou p ap janm ka ekri premye fraz ki kòmanse wout pèn lanmó a. Mèsi! (Aplodisman...)