1 00:00:01,567 --> 00:00:03,460 De semèn de sa a, 2 00:00:03,460 --> 00:00:05,567 m te chita bò tab ki nan sal a manje 3 00:00:05,567 --> 00:00:08,567 lakay mwen, avèk madanm mwen Katya, 4 00:00:08,567 --> 00:00:13,433 epi, nou t ap pale de sa m pral diskite jodi a. 5 00:00:13,433 --> 00:00:18,460 Nou gen yon pitit gason ki gen 11 an, ki rele Lincoln (Lenkenn). Li te chita bò menm tab la, 6 00:00:18,460 --> 00:00:21,153 li t ap fè devwa matematik li. 7 00:00:21,153 --> 00:00:22,570 Epi, pandan yon pòz nan konvèsasyon m nan 8 00:00:23,754 --> 00:00:26,267 avèk Katya, m te gade Lincoln 9 00:00:26,267 --> 00:00:28,133 epi, m te toudenkou sezi 10 00:00:30,167 --> 00:00:33,633 lè lide m te vin tonbe sou youn nan kliyan m yo. 11 00:00:33,633 --> 00:00:36,525 Kliyan m nan, se te yon nèg ki te rele Will (Wil), 12 00:00:36,525 --> 00:00:38,443 ki te soti nan nò Texas (Tèkzas). 13 00:00:38,443 --> 00:00:43,539 Li pa t janm fin konnen papa l trè byen, paske papa l te kite l 14 00:00:43,539 --> 00:00:47,233 poukò l ak manman l, lè l te nan vant. 15 00:00:47,233 --> 00:00:51,600 Alò, akoz de sa, misye te arive vin grandi ak yon manman ki san mari. 16 00:00:51,600 --> 00:00:53,167 Sikonstans sa a, li pa t ap petèt yon pwoblèm 17 00:00:53,167 --> 00:00:55,333 si manman sa a 18 00:00:55,333 --> 00:00:58,654 pa t yon moun ki gen yon pwoblèm mantal ke yo rele eskitsofreni, 19 00:00:58,654 --> 00:01:03,267 epi lè Wil te gen 5 an, manmzèl te eseye touye l avèk yon gwo kouto file. 20 00:01:03,267 --> 00:01:05,200 Ofisye leta te pran l 21 00:01:05,200 --> 00:01:09,335 epi yo te mete l nan yon lopital ki fèt pou moun ki gen pwoblèm mantal, 22 00:01:09,335 --> 00:01:13,067 akoz de sa a, pandan plizyè ane aprè, Will t ap viv avèk yon gran frè l 23 00:01:13,067 --> 00:01:15,952 avan ke frè sa a te touye tèt li, lè li te pèse pwòp kè l avèk yon bal ki sot nan zam. 24 00:01:15,952 --> 00:01:19,033 Epi apre sa a 25 00:01:19,033 --> 00:01:22,067 Will te fè va e vyen kay moun fanmi l yo, 26 00:01:22,067 --> 00:01:27,400 jiskaske lè l te vin gen 9 an, li te prèske ap viv poukò l. 27 00:01:27,400 --> 00:01:31,788 Maten sa a, pandan ke m te chita prè Katya ak Lincoln, m te gade pitit gason m nan, 28 00:01:31,788 --> 00:01:35,833 epi, m te reyalize ke: lè Will, kliyan m nan, 29 00:01:35,833 --> 00:01:37,900 te gen menm laj avè l, 30 00:01:37,900 --> 00:01:41,933 li te gentan ap viv poukò l pandan de zan. 31 00:01:41,933 --> 00:01:44,513 Will te arive rantre nan yon gang 32 00:01:44,513 --> 00:01:45,860 epi li te arive komèt 33 00:01:45,860 --> 00:01:48,800 plizyè krim ki trè serye, 34 00:01:48,800 --> 00:01:51,633 pami lekèl ki te krim ki pi grav la, 35 00:01:51,633 --> 00:01:53,929 yon asasinasyon ki te tèrib e tris. 36 00:01:53,929 --> 00:01:59,500 Epi, lajistis te finalman egzekite Will 37 00:01:59,500 --> 00:02:01,433 kòm pinisyon pou krim sa a. 38 00:02:01,433 --> 00:02:04,436 Men, jodi a, m pa vle 39 00:02:04,436 --> 00:02:06,108 pale sou moralite 40 00:02:06,108 --> 00:02:10,357 bagay ki rele pèn lanmò a. Sètènman, m panse ke lajistis 41 00:02:10,357 --> 00:02:15,367 pa t dwe egzekite kliyan m nan, men sa m vle fè jodi a pito, 42 00:02:15,367 --> 00:02:18,252 se pale de bagay ki rele pèn lanmò a 43 00:02:18,252 --> 00:02:20,800 nan yon fason ke m pa t janm fè sa deja, 44 00:02:21,008 --> 00:02:22,100 nan yon fason 45 00:02:22,100 --> 00:02:24,633 ki pa p fè okenn moun fache. 46 00:02:24,633 --> 00:02:27,516 Mwen panse ke sa posib, 47 00:02:27,516 --> 00:02:30,233 paske gen yon kwen 48 00:02:30,233 --> 00:02:32,114 nan deba ki konn fèt sou bagay pèn lanmò a, 49 00:02:32,114 --> 00:02:33,900 petèt se kwen sa a ki pi enpòtan, 50 00:02:33,900 --> 00:02:37,083 kote ke tout moun dakò, 51 00:02:37,083 --> 00:02:41,033 kote moun ki plis sipòte koze pèn lanmò a 52 00:02:41,069 --> 00:02:45,047 ak moun ki vrèman kont sa, 53 00:02:45,047 --> 00:02:47,950 byen dakò. 54 00:02:47,950 --> 00:02:51,665 Se kwen sa a ke m vle analize. 55 00:02:51,665 --> 00:02:55,752 Men, avan ke m fè sa a, mwen vle pran kèlke minit pou m eksplike w kijan dosye jiridik 56 00:02:55,752 --> 00:02:57,767 pèn lanmò yo dewoule, 57 00:02:57,767 --> 00:03:03,205 epi mwen vle pale w de 2 leson ke m te aprann pandan 20 an ki sot pase yo 58 00:03:03,205 --> 00:03:05,567 kòm yon avoka ki konn defann moun ke lajistis kondane a mò, 59 00:03:05,567 --> 00:03:10,467 lè m te gade plis ke 100 dosye dewoule nan fason ke m pra l eksplike la a. 60 00:03:10,467 --> 00:03:14,300 Ou ka panse de yon ka pèn lanmò tankou yon istwa 61 00:03:14,300 --> 00:03:16,467 ki gen 4 chapit. 62 00:03:16,467 --> 00:03:19,733 Premye chapit chak dosye yo menm jan, 63 00:03:19,733 --> 00:03:21,619 epi sa tris. 64 00:03:21,619 --> 00:03:22,725 Chapit sa a kòmanse lè yon moun 65 00:03:22,725 --> 00:03:25,589 touye yon lòt ki inosan, 66 00:03:25,589 --> 00:03:27,233 epi apre sa a, yon pwosè tribinal komanse 67 00:03:27,233 --> 00:03:29,633 kote lajistis kondane epi voye moun ki touye lòt la, al tan lè l pou yo egzekite l. 68 00:03:29,633 --> 00:03:31,534 Finalman, pèn lanmò ke yo bay kriminèl sa a arive 69 00:03:31,534 --> 00:03:33,667 jwenn konfimasyon kay yon Kou Dapèl nan leta kote pwosè ya te komanse. 70 00:03:33,667 --> 00:03:38,593 Dezyèm chapit la gen yon etap legal ki konplike ke yo rele 71 00:03:38,593 --> 00:03:41,286 «apèl habeas corpus leta». 72 00:03:41,286 --> 00:03:44,767 Twazyèm chapit lan se yon etap legal ki pi konplike ke yo rele 73 00:03:44,767 --> 00:03:46,933 «etap habeas corpus federal». 74 00:03:46,933 --> 00:03:48,700 Epi, katriyèm chapit lan 75 00:03:48,700 --> 00:03:52,850 se youn kote ke yon pakèt bagay ka pase. Avoka yo ka petèt ranpli yon fòmilè pou yo mande padon pou kilyan yo, 76 00:03:52,850 --> 00:03:55,984 yo ka komanse yon lòt etap ankò ki pi konplike, 77 00:03:55,984 --> 00:03:58,333 oubyen, yo gen dwa pa fè anyen ankò. 78 00:03:58,333 --> 00:03:59,967 Men, katriyèm chapit sa a toujou pran fen 79 00:03:59,967 --> 00:04:02,267 lè yo egzekite moun sa a ki te touye lòt moun ki inosan an. 80 00:04:02,267 --> 00:04:07,130 20 an de sa a, lè m te kòmanse defann prizonye ke yo mete nan koulwa lanmò 81 00:04:07,130 --> 00:04:11,067 prizonye sa yo pat gen dwa jwenn èd avoka pandan dezyèm 82 00:04:11,067 --> 00:04:13,767 oubyen katriyèm chapit nan istwa ki antoure ka tribinal yo a. 83 00:04:13,767 --> 00:04:15,280 Yo te poukont yo. 84 00:04:15,280 --> 00:04:18,717 Anfèt, se pandan fen ane 1980 yo ke yo te arive jwenn 85 00:04:18,717 --> 00:04:20,923 dwa ki te pemèt yo jwenn yon avoka ki pou defann yo pandan twazyèm chapit 86 00:04:20,923 --> 00:04:22,757 istwa tribinal yo. 87 00:04:22,757 --> 00:04:25,433 Akoz de sa a, sa ke prizonye nan koulwa lanmò yo te arive fè 88 00:04:25,433 --> 00:04:28,433 sè ke yo te arive al konte sou avoka ki konn travay gratis, ke yo rele «avoka pro bono», 89 00:04:28,433 --> 00:04:30,629 pou yo te regle zafè tribinal yo. 90 00:04:30,629 --> 00:04:33,717 Pwoblèm ki te vinn genyen, te vinn gen pi plis prizonye nan koulwa lanmò ki te bezwen èd 91 00:04:33,717 --> 00:04:39,233 ke avoka ki te gen enterè avèk konpetans espesyal pou yo travay sou ka tribinal yo. 92 00:04:39,233 --> 00:04:40,733 Akoz de sa a, 93 00:04:40,733 --> 00:04:44,433 avoka yo te kouri al pran ka ki te gentan nan katriyèm chapit yo. 94 00:04:44,433 --> 00:04:47,667 Sètènman, sa fè sans paske ka sa yo, se yo ki te pi ijan. 95 00:04:47,667 --> 00:04:50,333 Se prizonye ki te nan etap sa a ki te pi pre egzekisyon yo. 96 00:04:50,333 --> 00:04:54,522 Gen kèk nan avoka sa yo ki te reyisi; yo te arive rekòmanse ka kliyan yo. 97 00:04:54,522 --> 00:04:58,467 Kèk lòt pami yo te arive pwolonje vi kliyan yo. Kèk fwa 98 00:04:58,467 --> 00:05:00,467 yo te pèmèt yo viv plizyè ane oubyen plizyè mwa an plis. 99 00:05:00,467 --> 00:05:02,567 Men yon bagay ki pa t fèt, 100 00:05:02,567 --> 00:05:07,400 kantite moun ke yo te konn egzekite chak ane nan eta Texas la pat janm vrèman diminye; 101 00:05:07,400 --> 00:05:09,800 epi lè kantite sa a te diminye, li pa t dire lontan. 102 00:05:09,800 --> 00:05:13,567 Okontrè, si w gade graf sa a, w ap konstate ke depi lè Texas te amelyore 103 00:05:13,567 --> 00:05:16,900 prosesis ke l konn itilize pou l egzekite prizonye l yo, pandan mitan a fen ane 1990 yo, 104 00:05:16,900 --> 00:05:21,233 gen sèlman kèk grenn ane pandanke valè moun ke yo te egzekite yo desann 105 00:05:21,233 --> 00:05:23,400 pi ba ke 20. 106 00:05:23,400 --> 00:05:24,940 Dabitid, chak ane nan eta Texas la 107 00:05:24,940 --> 00:05:27,192 nou egzekite a pe prè 108 00:05:27,192 --> 00:05:28,864 2 moun chak mwa. 109 00:05:28,864 --> 00:05:33,500 Gen kèk ane nou egzekite anviwon 40 moun, epi nimewo sa a 110 00:05:33,500 --> 00:05:38,222 pa janm diminye anpil padan 15 ane ki sot pase yo. 111 00:05:38,222 --> 00:05:41,867 Men, pandan ke n kontinye ap egzekite 112 00:05:41,867 --> 00:05:43,967 menm kantite moun chak ane, 113 00:05:43,967 --> 00:05:46,535 valè moun ke n ap kondane a mò 114 00:05:46,535 --> 00:05:47,696 chak ane 115 00:05:47,696 --> 00:05:50,180 arive vinn desann anpil. 116 00:05:50,180 --> 00:05:51,567 Akoz de sa a, nou vinn trouve yon paradòks. 117 00:05:51,567 --> 00:05:56,287 Pandan kantite moun ke n egzekite chak ane rete wo 118 00:05:56,287 --> 00:06:00,722 valè moun ke n kondane a mò ap desann. 119 00:06:00,722 --> 00:06:02,000 Poukisa sa rive? 120 00:06:02,000 --> 00:06:04,767 Sa pa t fèt paske kantite moun ke yo asasine chak ane desann. 121 00:06:04,767 --> 00:06:06,600 Paske pousantaj moun ke yo touye pa bese 122 00:06:06,600 --> 00:06:10,867 anpil tankòm liy rouj nan graf sa a desann. 123 00:06:10,867 --> 00:06:13,733 Sa k vinn rive pito 124 00:06:13,733 --> 00:06:17,567 moun ki fè pati jiri tribinal yo kòmanse voye plis moun nan prizon 125 00:06:17,567 --> 00:06:21,067 pou rès vi yo, san yo pa ba yo posibilite pou yo soti, 126 00:06:21,067 --> 00:06:24,383 olye ke yo voye yo al nan chanm egzekisyon. 127 00:06:24,383 --> 00:06:26,733 Poukisa sa vin rive? 128 00:06:26,733 --> 00:06:31,140 Li pa rive fèt paske koze pèn lanmò a ap pèdi sipò popilè l. 129 00:06:31,140 --> 00:06:34,700 Moun ki kont bagay pèn lanmò a kontan anpil paske 130 00:06:34,700 --> 00:06:39,360 kantite moun ki sipòte sa a nan eta Texas la vin rive nan yon nivo ki se nivo ki pi ba a travè listwa eta a. 131 00:06:39,360 --> 00:06:41,367 Ou konn sa nivo ba sa ye? 132 00:06:41,367 --> 00:06:43,933 Li yon ti jan pi plis ke 60 pousan konsa. 133 00:06:43,933 --> 00:06:47,667 Nivo sa a pi bon ke nivo ki te egziste pandan ane 1980 yo, lè sa 134 00:06:47,667 --> 00:06:49,391 te pi plis ke 80 pousan. 135 00:06:49,391 --> 00:06:53,800 Menm si sa, nou pa ka di se paske koze pèn lanmò a te pèdi sipò popilè l ki fè ke 136 00:06:53,800 --> 00:06:57,667 kantite fwa yo kondane moun a mò vin bese, avèk preferans moun vin genyen pou kondanasyon pèmanant nan prizon ogmante. 137 00:06:57,667 --> 00:07:00,133 Plen moun jodi a ki toujou sipòte koze pèn lanmò a. 138 00:07:00,133 --> 00:07:03,207 Kisa ki koze fenomèn sa a? 139 00:07:03,207 --> 00:07:04,833 Sa k rive 140 00:07:04,833 --> 00:07:05,738 sè ke avoka 141 00:07:05,738 --> 00:07:09,433 ki konn defann prizonye ki nan koulwa lanmò yo te kòmanse konsantre 142 00:07:09,433 --> 00:07:13,935 sou chapit ki o kòmansman istwa bagay pèn lanmò a. 143 00:07:13,935 --> 00:07:17,200 Alò, 25 an de sa, yo te konsantre sou chapit 4. 144 00:07:17,200 --> 00:07:21,063 Epi, 25 an de sa, yo retire fokis yo sou chapit 4 pou yo al nan chapit 3 145 00:07:21,063 --> 00:07:22,767 pandan fen ane 1980 yo. 146 00:07:22,767 --> 00:07:26,167 Epi, yo te chanje fokis yo sou chapit 3 en 1980 pou yo vire l sou chapit 2 147 00:07:26,167 --> 00:07:29,367 pandan ane ki nan mitan syèk 1990 yo. Epi, apati de mitan a fen ane 1990 yo, 148 00:07:29,367 --> 00:07:32,557 yo te kòmanse fokis sou chapit 1 de istwa a. 149 00:07:32,557 --> 00:07:36,567 Ou ka panse dèske kantite de moun ke yo kondane a mò, epi ogmantasyon nan 150 00:07:36,567 --> 00:07:39,033 nimewo pèn a vi yo, se yon bagay ki bon ou mal. 151 00:07:39,033 --> 00:07:41,589 Mwen pa vle pale de sa jodi a. 152 00:07:41,589 --> 00:07:44,747 Sa ke m vle di w sèlman sè ke rezon ki fèt ke sa rive 153 00:07:44,747 --> 00:07:47,859 sè ke avoka prizonye kòz pèn lanmò sa yo, yo arive konprann 154 00:07:47,859 --> 00:07:50,633 ke pi bonè ke w entèvni nan yon ka, 155 00:07:50,633 --> 00:07:55,133 pi bon chans ke w genyen pou w sove vi kliyan w lan. 156 00:07:55,133 --> 00:07:57,000 Se premye bagay ke m te arive aprann. 157 00:07:57,000 --> 00:07:58,935 Men dezyèm bagay ke m te aprann: 158 00:07:58,935 --> 00:08:00,100 Kliyanm nan ki rele Will la 159 00:08:00,100 --> 00:08:03,556 se pa yon ka eksepsyonèl ke ka li a te ye; 160 00:08:03,556 --> 00:08:06,633 pito, ka li a te trè nòmal. 161 00:08:06,633 --> 00:08:10,167 Gen dè fwa, mwen di ke si w di m non yon prizonye ki te nan koulwa lanmò 162 00:08:10,167 --> 00:08:13,215 mwen pa bezwen konn nan ki eta ke l ye, sa pa fè okenn diferans si m te rankontre l deja 163 00:08:13,215 --> 00:08:15,833 Mwen ka ekri istwa vil pou ou. 164 00:08:15,833 --> 00:08:19,033 Epi, 8 nan 10 fwa sa yo, 165 00:08:19,033 --> 00:08:20,667 detay ke m te ka bay sou istwa vi l, 166 00:08:20,667 --> 00:08:23,130 yo a p jeneralman vrè. 167 00:08:23,130 --> 00:08:27,133 Epi, rezon ki fè sa a, sè ke 80 pousan moun ke yo plase nan koulwa lanmò 168 00:08:27,133 --> 00:08:31,100 se moun ki te soti nan menm tip de fanmiy disfonksyonèl ke Will te soti ladan l lan. 169 00:08:31,100 --> 00:08:33,068 80 pou san de moun ki nan koulwa lanmò 170 00:08:33,068 --> 00:08:35,200 se moun ki te nan prizon 171 00:08:35,200 --> 00:08:37,833 ke yo fè pou jèn ki gen mwen ke 18 an. 172 00:08:37,833 --> 00:08:39,964 Se dezwèm leson sa a 173 00:08:39,964 --> 00:08:41,767 ke m te arive aprann 174 00:08:41,767 --> 00:08:45,167 Kounya, nou trouve tèt nou prè kònè kote ke 175 00:08:45,167 --> 00:08:48,313 tout moun pral dakò. 176 00:08:48,313 --> 00:08:50,506 Kèk moun isi a gen dwa pa dakò 177 00:08:50,506 --> 00:08:52,619 avèk desizyon ke leta te pran pou l egzekite Will, 178 00:08:52,619 --> 00:08:55,133 men mwen panse ke tout moun ta dakò 179 00:08:55,133 --> 00:08:58,833 ke vèsyon istwa Will la ki ta pi bon an 180 00:08:58,833 --> 00:09:00,167 se ta yon istwa 181 00:09:00,167 --> 00:09:04,949 nan lekèl yon asasinasyon pa t ap janm rive. 182 00:09:04,949 --> 00:09:06,933 Kijan ke n ka fè sa rive? 183 00:09:06,933 --> 00:09:10,963 Lè pitit nou an, Lincoln, t ap travay sou pwoblèm matematik sa a 184 00:09:10,963 --> 00:09:14,005 2 semèn de sa a, se te yon pwoblèm ki te jeyan epi efreyan 185 00:09:14,005 --> 00:09:17,488 Epi li t ap aprann kòman ke lè w gen yon gwo problèm 186 00:09:17,488 --> 00:09:21,400 Gen dè fwa, solisyon an se separe gwo problèm sa a an pati ki pi piti; 187 00:09:21,400 --> 00:09:24,967 Se sa ke n fè pou majorite gwo pwoblèm --nan matematik epi fizik, menm nan domèn politik sosyal -- 188 00:09:24,967 --> 00:09:28,733 nou separe yo epi nou fè yo vin tounen pwoblèm ke moun ka pi byen jere. 189 00:09:28,733 --> 00:09:30,468 Men, gen kèt fwa konsa, 190 00:09:30,468 --> 00:09:32,500 tankòm Dwight Eisenhower te di, 191 00:09:32,500 --> 00:09:34,020 «Fason ke moun dwe rezoud yon pwoblèm, 192 00:09:34,020 --> 00:09:36,100 se fè sa a vin pi gwo.» 193 00:09:36,100 --> 00:09:40,033 Fason ke n ka rezoud pwoblèm sa a 194 00:09:40,033 --> 00:09:43,889 se si n ta bay zafè pèn lanmò sa a plis enpòtans. 195 00:09:43,889 --> 00:09:46,133 Fòk nou deklare ke: 196 00:09:46,133 --> 00:09:48,394 oke, nou gen 4 chapit 197 00:09:48,394 --> 00:09:51,233 nan istwa pèn lanmò a, 198 00:09:51,233 --> 00:09:53,000 men, sa k rive avan 199 00:09:53,000 --> 00:09:55,127 istwa sa kòmanse? 200 00:09:55,127 --> 00:09:59,933 Kijan èske n ka entèvni nan vi yon asasen 201 00:09:59,933 --> 00:10:02,600 avan ke l devni yon asasen? 202 00:10:02,600 --> 00:10:04,949 Ki chwa ke n genyen 203 00:10:04,949 --> 00:10:06,333 ki ka pèmèt nou jantiyman retire moun sa a 204 00:10:06,333 --> 00:10:07,567 sou chemen 205 00:10:07,567 --> 00:10:11,730 ki pral bay yon rezilta ke tout moun -- 206 00:10:11,730 --> 00:10:14,586 sipòtè pèn lanmò yo, ak moun ki kont sa a -- 207 00:10:14,586 --> 00:10:15,333 toujou panse 208 00:10:15,333 --> 00:10:17,767 ki se yon rezilta ki mal: 209 00:10:17,767 --> 00:10:20,333 asasinasyon yon èt imen ki inosan? 210 00:10:22,248 --> 00:10:24,933 Ou konnen, gen dè fwa moun di 211 00:10:24,933 --> 00:10:26,173 ke kèk bagay 212 00:10:26,173 --> 00:10:28,300 pa konplike anpil tankòm syans fize (jeni ayewospasyal). 213 00:10:28,300 --> 00:10:31,633 Lè yo di sa a, sa yo vle di, sè ke syans fize a se yon bagay ki trè konplike. 214 00:10:31,633 --> 00:10:35,135 Men, pwoblèm sa ke n a p diskite la a, li trè senp. 215 00:10:35,135 --> 00:10:36,567 Imaj sa a montre w sa syans fize ye; 216 00:10:36,567 --> 00:10:38,367 sa se ekspresyon matematik 217 00:10:38,367 --> 00:10:42,233 pou fòs ke yon fize bay lè l a p fè mouvman. 218 00:10:42,233 --> 00:10:44,600 Bagay ke n a p egzamine jodi a 219 00:10:44,600 --> 00:10:47,001 se menm nivo konplikasyon an ke l genyen. 220 00:10:47,001 --> 00:10:49,625 Sa ke n a p analize la a jodia, se 221 00:10:49,625 --> 00:10:52,272 syans fize ke l ye tou. 222 00:10:52,272 --> 00:10:54,083 Kliyanm nan ki rele Will la 223 00:10:54,083 --> 00:10:56,753 ak 80 pou san moun ki nan koulwa lanmò 224 00:10:56,753 --> 00:11:00,200 te gen 5 chapit nan vi yo 225 00:11:00,200 --> 00:11:01,733 ki te vini avan 226 00:11:01,733 --> 00:11:03,533 4 chapit istwa pèn lanmò a. 227 00:11:03,533 --> 00:11:08,300 Mwen panse a 5 chapit sa yo tankòm pwen entèvansyon; 228 00:11:08,300 --> 00:11:11,167 pati nan vi yo kote ke sosyete nou an 229 00:11:11,167 --> 00:11:16,100 te ka entèveni nan vi yo pou l te ka retire yo sou chemen ke yo te ye ya; 230 00:11:16,100 --> 00:11:20,368 Ki te kreye yon kosekans ke nou tout, ni moun ki sipòte pèn lanmò ni moun ki kont li, 231 00:11:20,368 --> 00:11:22,086 di ki pa yon bon rezilta. 232 00:11:22,086 --> 00:11:24,106 Pandan chak nan 233 00:11:24,106 --> 00:11:26,733 5 chapit sa yo: 234 00:11:26,733 --> 00:11:28,367 lè manman l te ansent, 235 00:11:28,367 --> 00:11:30,633 pandan ane ke l te pase tankòm yon anfan, 236 00:11:30,633 --> 00:11:32,500 lè l te nan lekòl primè, 237 00:11:32,500 --> 00:11:34,667 lè l te nan lekòl segondè, 238 00:11:34,667 --> 00:11:38,167 epi lè l te nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo, 239 00:11:38,167 --> 00:11:41,382 pandan chak nan 5 chapit sa yo, te gen anpil bagay sosyete ya te ka fè. 240 00:11:41,382 --> 00:11:43,500 Anfèt, si nou imajine: 241 00:11:43,500 --> 00:11:48,600 gen 5 diferan sòt de entèvansyon, fason sosyete a te ka entèveni. 242 00:11:48,600 --> 00:11:50,484 Nan chak 5 chapit sa yo 243 00:11:50,484 --> 00:11:52,700 nou ka melange yo fason nou vle 244 00:11:52,700 --> 00:11:56,870 gen plis ke 3000 strateji 245 00:11:56,870 --> 00:12:00,733 ke nou ka anbrase pou nou te ka retire timoun tankou Will 246 00:12:00,733 --> 00:12:03,567 sou chemen ke yo ye. 247 00:12:03,567 --> 00:12:05,322 Mwen pa kanpe la jodi a 248 00:12:05,322 --> 00:12:07,400 pou m di tke mwen posede solisyon an. 249 00:12:07,400 --> 00:12:11,933 Men, le fèt ke nou gen anpil bagay pou nou aprann toujou, 250 00:12:11,933 --> 00:12:15,306 pa vle di ke nou pa konn anpil lòt bagay deja. 251 00:12:15,306 --> 00:12:18,200 Daprè eksperyans lòt eta peyi a, 252 00:12:18,200 --> 00:12:21,867 nou konnen ke gen anpil tip de entèvansyon 253 00:12:21,867 --> 00:12:25,755 ke nou ka itilizé an Texas epi nan nenpot lòt eta ki pa pitilize yo aktyèlman, 254 00:12:25,755 --> 00:12:30,748 pou nou prevante yon konsekans ke nou tout dakò ki pa bon. 255 00:12:30,748 --> 00:12:33,371 Ban mwen mansyone kèk ladan yo. 256 00:12:33,371 --> 00:12:37,296 Mwen pa p pale jodi a de refòmasyon sistèm lalwa nou an. 257 00:12:37,296 --> 00:12:42,067 Sa se yon sijè ke nou ka rezève pou yon sal ki plen avoka ak jij. 258 00:12:42,067 --> 00:12:45,887 Mwen pito vle pale de 2 tip entèvansyon 259 00:12:45,887 --> 00:12:48,255 ke nou tout ka ede peyi a reyalize. 260 00:12:48,255 --> 00:12:50,740 Paske se sòt de entèvansyon k ap vin yon reyalite 261 00:12:50,740 --> 00:12:54,700 lè lejislatè yo, avèk moun ki kreye règ politik peyo nou an, debousè enpo yo, ak sitwayen, 262 00:12:54,700 --> 00:12:56,933 dakò ke se konsa 263 00:12:56,933 --> 00:12:59,267 ke nou ta dwe ap depanse lajan nou. 264 00:12:59,267 --> 00:13:01,653 Nou te kapab founi swen 265 00:13:01,653 --> 00:13:07,467 pou ti moun ki gen kontraryete ekonomik, ak lòt tip de pwoblèm ankò, ki ap soufri, 266 00:13:07,467 --> 00:13:09,850 epi nou te ka fè sa a gratis. 267 00:13:09,850 --> 00:13:13,960 Epi ankò, nou te ka retire timoun tankou Will sou chemen ke yo ye a. 268 00:13:13,960 --> 00:13:17,800 Gen lòt eta ki fè sa, men, nan Texas, nou pa fè l. 269 00:13:17,800 --> 00:13:21,901 Nou te kapab founi lekòl spesyal --ni nan primè, ni nan segondè-- 270 00:13:21,901 --> 00:13:25,268 epi menm pandan kintègaden jiska senkyèm 271 00:13:25,268 --> 00:13:29,657 pwogram ki gen objektif pou yo ede timoun ki gen pwoblèm ekonomik, epi nan lòt fason tou 272 00:13:29,657 --> 00:13:30,833 espesyalman pou timoun ki gentan fè pati 273 00:13:30,833 --> 00:13:32,933 sistèm jistis tribinal ki rezève pou timoun. 274 00:13:32,933 --> 00:13:34,800 Gen kèk grenn eta ki fè sa 275 00:13:34,800 --> 00:13:37,482 Texas pa fè l. 276 00:13:37,482 --> 00:13:39,300 Gen yon lòt bagay ankò ke nou te kapab fè; 277 00:13:39,300 --> 00:13:41,638 franchman, gen anpil lòt bagay ankò ke nou te kapab fè. 278 00:13:41,638 --> 00:13:44,200 Gen yon lòt bagay ke nou te kapab fè ke m pra l pale de li. 279 00:13:44,200 --> 00:13:46,833 Sa se sè l bagay kontwovèsyal ke m ap di jodi a: 280 00:13:46,833 --> 00:13:48,133 nou ka entèvni 281 00:13:48,133 --> 00:13:50,233 pi agresiveman 282 00:13:50,233 --> 00:13:53,457 nan fwaye fanmiy ki pa fonksyone byen. 283 00:13:53,457 --> 00:13:55,300 Nou ka retire timoun yo nan jan de kay sa yo, 284 00:13:55,300 --> 00:14:00,771 avan ke manman yo pran couto pou yo menase yo. 285 00:14:00,771 --> 00:14:02,791 Si poun n fè sa a, 286 00:14:02,791 --> 00:14:04,867 nou ap bezwen yon kote pou nou mete yo. 287 00:14:04,867 --> 00:14:08,271 Menm lè nou fe tout jan de bagay sa yo, gen timoun ke sistèm nan an ap arive neglije 288 00:14:08,271 --> 00:14:11,867 yo pral arive nan dènye chapit avan istwa asasinasyon yo a kòmanse. 289 00:14:11,867 --> 00:14:13,900 Yo pral rantre nan sistèm jistis ki fèt pou ti moun yo. 290 00:14:13,900 --> 00:14:17,002 Menm si sa ta rive, 291 00:14:17,002 --> 00:14:18,906 li t ap toujou pako twò ta. 292 00:14:18,906 --> 00:14:21,700 T ap gen tan toujou pou n ta epanye yo. 293 00:14:21,700 --> 00:14:23,457 Si nou panse a epanye yo 294 00:14:23,457 --> 00:14:25,826 olye ke nou pini yo. 295 00:14:25,826 --> 00:14:28,566 Gen 2 profesè nan pati nòdès peyi a, yonn nan Yale, lòt la nan Maryland. 296 00:14:28,566 --> 00:14:30,333 Yo mete yon lekòl sou pye 297 00:14:30,333 --> 00:14:34,233 ki konekte avèk prizon ki fèt pou timoun yo. 298 00:14:34,233 --> 00:14:37,482 Timoun yo nan prizon, men yo a l lekòl 299 00:14:37,482 --> 00:14:39,167 de 8 è di maten jiska 4 aprè midi. 300 00:14:39,167 --> 00:14:40,803 Se pa t yon plan ki te fasil pou yo te reyalize. 301 00:14:40,803 --> 00:14:41,967 Yo te oblije chache profesè 302 00:14:41,967 --> 00:14:45,333 ki te vle ansenye anndan prizon. 303 00:14:45,333 --> 00:14:48,535 Yo te oblije etabli yon separasyon di, ant moun ki travay nan lekól la avèk moun ki gen otorite nan prizon an. 304 00:14:48,535 --> 00:14:51,967 E sa ki te pi difisil la a, 305 00:14:51,967 --> 00:14:52,967 yo te oblije envante yon nouvo pwogram skolè. 306 00:14:52,967 --> 00:14:58,467 Paske moun pa antre soti nan prizon regilyèman chak semès. 307 00:14:58,467 --> 00:15:01,584 Men, yo te kanmèm arive reyalize tout bagay sa yo. 308 00:15:01,584 --> 00:15:04,333 Kisa trè tout bagay sa yo genyen ki menm? 309 00:15:04,333 --> 00:15:10,700 Sa bagay sa yo genyen en komen, sè ke yo tout koute lajan. 310 00:15:10,700 --> 00:15:13,728 Kèk nan moun ki nan sal la gen ase laj pou yo sonje 311 00:15:13,728 --> 00:15:17,490 mesye sou ansyen reklam filt lwil ki fèt pou machin yo; 312 00:15:17,490 --> 00:15:21,300 li te kon, di, 313 00:15:21,300 --> 00:15:24,367 «Ou ka peye m kounya oubyen ou ka peye m pita.» 314 00:15:24,367 --> 00:15:26,500 Sa ke n ap fè la, 315 00:15:26,500 --> 00:15:28,520 nan sistèm ki pèmèt nou kondane moun a pèn lanmó, 316 00:15:28,520 --> 00:15:32,119 sè ke n ap peye pita. 317 00:15:32,119 --> 00:15:33,967 Men, yon sèl bagay 318 00:15:33,967 --> 00:15:37,833 pou chak 15.000 dola ke nou depanse 319 00:15:37,833 --> 00:15:42,200 pou nou entèveni nan vi timoun 320 00:15:42,200 --> 00:15:43,520 ki gen pwoblèm ekonomik 321 00:15:43,520 --> 00:15:47,933 nou evite yon depans de 80.000 dola 322 00:15:47,933 --> 00:15:49,696 nan bidjé ke nou kreye pou n konbat krim. 323 00:15:49,696 --> 00:15:52,092 Menm si ou pa dakò pou n ta aji akoz de yon rezon moral, 324 00:15:53,435 --> 00:15:56,012 li fè sans nan domèn ekonomik. 325 00:15:58,589 --> 00:16:02,612 Mwen vle pale w de yon mòso nan dènye konvèsasyon ke mwen te fè ak Will. 326 00:16:02,612 --> 00:16:06,700 Se te jou yo te pral egzekite l la. 327 00:16:06,700 --> 00:16:11,012 Nou t ap pale, 328 00:16:11,012 --> 00:16:12,067 pa t gen anyen ankó pou nou te fè 329 00:16:12,067 --> 00:16:13,682 pou n te sove ka l la. 330 00:16:13,682 --> 00:16:16,033 Nou t ap pale de vi l. Premyéman li te pale de papa l, 331 00:16:16,033 --> 00:16:18,900 ke l pa t menm byen konnen, 332 00:16:18,900 --> 00:16:19,733 ki te mouri. 333 00:16:19,733 --> 00:16:22,367 Nou t ap pale de manman l, 334 00:16:22,367 --> 00:16:24,131 ke l te konnen, 335 00:16:24,131 --> 00:16:26,300 ki toujou vivan. 336 00:16:26,300 --> 00:16:29,000 Mwen te di li: 337 00:16:29,000 --> 00:16:31,051 mwen konnen istwa l la. 338 00:16:31,051 --> 00:16:32,867 Mwen te li achiv yo; 339 00:16:32,867 --> 00:16:35,509 mwen konnen ke l te eseye touye w. 340 00:16:35,509 --> 00:16:37,947 Men, mwen toujou ap poze tèt mwen yon kesyon: 341 00:16:37,947 --> 00:16:40,067 mwen mande èske w sonje tout bon vre. 342 00:16:40,067 --> 00:16:41,570 Paske mwen menm, mwen pa sonje anyen 343 00:16:41,570 --> 00:16:43,729 de lè m te gen 5 an. 344 00:16:43,729 --> 00:16:46,667 Petèt ou ka sonje sa yon moun te di w. 345 00:16:46,667 --> 00:16:49,167 Li te gade m, epi li te kage devan, 346 00:16:49,167 --> 00:16:52,767 li te rele m «Pwofesè» malgre ke l te gen 12 an depi ke l te konnen m, 347 00:16:52,767 --> 00:16:56,082 Li te deklare: «Pwofesè, mwen p ap di sa m pral di la a pou m derespekte w, 348 00:16:56,082 --> 00:16:57,733 men lè manman w pran yon kouto 349 00:16:57,733 --> 00:17:00,833 ki parèt pi gwo pase w, 350 00:17:00,833 --> 00:17:04,633 epi l kouri dèyè w nan tout kay la, epi l ap deklare ke li pra l touye w. 351 00:17:04,633 --> 00:17:06,829 Ou oblije al kache nan twalèt la, 352 00:17:06,829 --> 00:17:09,025 apiye sou pót la, 353 00:17:09,025 --> 00:17:11,221 rele amwey pou jis kaske polisye yo vini.» 354 00:17:11,221 --> 00:17:14,300 Li te gade m epi l te di: 355 00:17:14,300 --> 00:17:17,800 «Sa se yon bagay ke w pap janm bliye.» 356 00:17:17,800 --> 00:17:20,300 Mwen swete ke gen yon bagay ke nou tout p ap bliyé 357 00:17:20,300 --> 00:17:23,156 ant lè ke nou rive la ek lè ke nou pral kanpe, pou na l manje dejene, 358 00:17:23,156 --> 00:17:26,567 pra l gen 4 asasinasyon atravè Ozetazini. 359 00:17:26,567 --> 00:17:28,000 Nou pra l konsakre anpil resous sosyal 360 00:17:28,000 --> 00:17:32,167 pou n pini moun ki fè krim sa yo. 361 00:17:32,167 --> 00:17:34,467 Pinisyon nou yo konvenab 362 00:17:34,467 --> 00:17:36,533 paske nou dwe pini moun ki fè sa k pa sa. 363 00:17:36,533 --> 00:17:40,100 Men gen 3 nan krim sa yo, nou te ka epanye. 364 00:17:40,100 --> 00:17:43,010 Si nou pa gade pi byen 365 00:17:43,172 --> 00:17:47,816 pou nou konsantre sou chapit ki o kòmansman yo, 366 00:17:47,816 --> 00:17:51,200 nou p ap janm ka ekri premye fraz 367 00:17:51,200 --> 00:17:52,994 ki kòmanse wout pèn lanmó a. 368 00:17:52,994 --> 00:17:54,700 Mèsi! 369 00:17:54,700 --> 00:17:56,031 (Aplodisman...)